Preparasyon Pèsonèl pou Rankontre Sovè a
Suiv ansèyman Sovè a. Enstriksyon Li yo pa ni misterye ni konplèks. Lè nou suiv yo, nou pa bezwen gen krent ni santi anksyete.
Chè frè m ak sè m yo, Oktòb pase a, Prezidan Russell M. Nelson te anseye, “Kounyea se moman pou noumenm, avèk mwen, prepare pou Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezi, Kris la.” Lè Prezidan Nelson pale konsènan Dezyèm Vini an, se toujou avèk yon optimis rejwisan. Sepandan, gen yon tifi nan Primè ki resaman te di m ke li santi l enkyete nenpòt lè moun mansyone Dezyèm Vini an. Li te di, “Mwen pè paske move bagay pral rive avan Jezi vini ankò.”
Se pa sèlman timoun ki ka santi yo konsa. Meyè konsèy pou li, pou ou, ak pou mwen se suiv ansèyman Sovè a. Enstriksyon Li yo pa ni misterye ni konplèks. Lè nou suiv yo, nou pa bezwen gen krent ni santi anksyete.
Prèske nan fen ministè Li nan mòtalite a, yo te mande Jezikri si Li gen pou L vini ankò. An repons, Li te anseye twa parabòl, ki anrejistre nan Matye 25, konsènan kijan pou nou prepare pou rankontre Li—keseswa nan Dezyèm Vini L la oswa nenpòt lè nou kite mond sa a. Ansèyman sa yo vital paske preparasyon pèsonèl pou rankontre Li se objektif santral lavi a.
Sovè a te toudabò rakonte parabòl dis vyèj yo. Nan parabòl sa a, dis vyèj te ale nan yon selebrasyon maryaj. Senk ki te gen bon konprann te pote luil pou ranpli lanp yo, epi senk ki te tèt chaje pa t pote anyen. Lè yo te anonse arive iminan lemarye a, vyèj ki te tèt chaje yo te soti pou yo t al achte luil. Lè yo te retounen, li te twò ta; pòt pou antre nan kay nòs la te fèmen.
Jezi te idantifye twa aspè nan parabòl la pou ede nou. Li te eksplike:
“Epi nan jou sa a, lè m vini nan laglwa mwen, parabòl m te pale konsènan dis vyèj yo pral akonpli.
“Paske, moun saj yo ki te resevwa verite a, epi ki te pran Sentespri a pou gid yo, epi ki pa t egare yo—an verite m di w, … y ap sipòte jou a.”
Otreman di, yo p ap bezwen gen krent ni santi anksyete paske yo pral sibziste epi pwospere. Yo ta pral triyonfe.
Si nou saj, n ap resevwa laverite nan aksepte levanjil Jezikri a atravè òdonans ak alyans prètriz yo. Ansuit, nou fè efò pou nou rete diy pou n gen Sentespri a avèk nou tout tan. Nou akeri aptitid sa a endividyèlman e pèsonèlman, gout pa gout. Aksyon devosyon konsistan, pèsonèl, prive yo envite Sentespri a pou gide nou.
Twazyèm eleman ke Jezi te souliye se evite twonpri. Sovè a te avèti:
“Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
“Paske anpil moun va vini sou non mwen, ya di se yo menm ki Kris la; ya twonpe anpil moun.”
Sovè a te konnen moun ta pral eseye twonpe menm moun ki chwazi yo epi anpil disip ta pral tonbe nan twonpri. Nou pa ta dwe ni kwè moun ki fosman pretann ke yo gen apwobasyon divin yo ni avantire nou nan eksplore dezè metaforik oubyen chanm sekrè pou nou aprann bagay ke moun falsifye.
Liv Mòmon an anseye nou kijan nou kapab fè diferans ant moun k ap twonpe yo ak disip yo. Disip yo toujou ankouraje n kwè nan Bondye, sèvi Li, ak fè sa ki byen. Nou p ap twonpe lè nou chèche epi pran konsèy nan men moun ki diy de konfyans, ki yomenm se disip fidèl Sovè a.
Nou ka evite tonbe nan twonpri tou nan adore regilyèman nan tanp. Sa ede nou kenbe yon pèspèktiv etènèl epi pwoteje nou kont enfliyans ki ka distrè nou oswa detounen nou de chemen alyans lan.
Leson esansyèl nan parabòl sa a sou dis vyèj yo sèke nou saj lè nou aksepte levanjil la, chèche gen Sentespri a avèk nou, epi evite twonpri. Senk vyèj saj yo pa t kapab ede sila ki pa t gen luil yo; pèsonn pa ka aksepte levanjil la, pran Sentespri a kòm yon gid, epi evite twonpri nan plas nou. Nou dwe fè sa pou pwòp tèt pa nou.
Sovè a apresa te rakonte parabòl talan an. Nan parabòl sa a, yon mesye te bay diferan montan lajan, yo rele talan, bay twa sèvitè. Li te bay youn nan sèvitè yo senk talan, li te bay yon lòt de, epi li te bay dènye a youn. Avèk letan, de premye sèvitè yo te double sa yo te resevwa a. Men twazyèm sèvitè a te senpleman antere grenn talan li a. Pou tou de sèvitè ki te double talan yo, mesye a te di “Sa se bèl bagay, … ou se yon bon sèvitè fidèl: Paske ou fè ti travay sa a byen, m ap mete w responsab anpil bagay ankò: vin fè fèt avèk mèt ou.”
Apresa mesye a te repwoche sèvitè ki te antere talan li a paske li “mechan ak parese.” Li te pran talan sèvitè a, epi li te ranvwaye l. Men, si sèvitè sa a te double talan l la, li t ap resevwa menm felisitasyon ak rekonpans lòt sèvitè yo te jwenn nan.
Yon mesaj nan parabòl sa a sèke Bondye atann pou nou agrandi kapasite li ban nou yo, men Li pa vle nou konpare kapasite nou ak pa lòt moun. Konsidere ide sa a yon savan Hasidic 18èm-syèk la, Zusya moun Anipol, te ofri. Zusya sete yon pwofesè renome ki te kòmanse gen krent lè l te prèske mouri. Disip li yo te mande l, “Mèt, poukisa w ap tranble? Ou te viv yon bon lavi; asireman Bondye pral akòde w yon gwo rekonpans.”
Zusya te di: “Si Bondye di mwen, ‘Zusya, poukisa ou pa t yon lòt Moyiz?’ M ap di L, ‘Paske ou pa t ban m grandè nanm ou te bay Moyiz la.’ E si m kanpe devan Bondye epi Li di, ‘Zusya, poukisa ou pa t yon lòt Salomon?’ M ap di L, ‘Paske ou pa t ban m sajès Salomon an.’ Men, elas, kisa m pral di lè m kanpe devan Kreyatè m nan epi Li di m, ‘Zusya, poukisa ou pa t Zusya? Poukisa ou pa t gason m te ba ou kapasite pou w ye a?’ Ah, se pou sa m ap tranble.”
Anfèt, Bondye pral desi si nou pa apiye sou merit, mizerikòd, ak gras Sovè a pou nou anplifye kapasite nou te resevwa nan men Bondye yo. Avèk èd plen lanmou, Li atann pou nou vin meyè vèsyon de tèt nou. Lefèke nou gendwa kòmanse avèk kapasite ki diferan pa enpòtan pou Li. Epi sa pa ta dwe enpòtan pou nou.
Finalman, Sovè a te rakonte parabòl mouton ak kabrit yo. Lè Li retounen nan laglwa Li, “tout nasyon ki sou latè va rasanble devan li. Lè sa a l ap separe yo fè de gwoup, menm jan moun k ap gade mouton mete mouton sou bò dwat li, kabrit yo sou bò goch.”
Sila ki adwat Li yo vin eritye nan wayòm Li a, epi sila ki te agoch Li yo pa resevwa okenn eritaj. Karakteristik distenktif la sete si yo te nouri Li lè Li te grangou, te ba Li bwè lè Li te swaf, te aksepte Li lakay yo lè Li te yon etranje, te mete rad sou Li lè Li te toutouni, epi te vizite Li lè Li te malad oswa nan prizon.
Tout moun te nan konfizyon, ni sa ki sou bò dwat ni sa ki sou bò goch yo. Yo te mande kilè yo te bay, oswa kilè yo pa t ba Li manje, bwè, ak rad oswa kilè yo te ede Li lè Li te vilnerab. An repons, Sovè a te di, “Anverite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”
Mesaj parabòl la klè: lè nou sèvi lòt moun, nou sèvi Bondye; lè nou pa fè sa, nou desevwa Li. Li atann pou nou itilize don, talan, ak kapasite nou yo pou beni lavi pitit Papa nou ki nan Syèl la. Elan divin pou sèvi lòt moun nan, ilistre nan yon powèm epik ki te ekri nan 19èm syèk la pa yon powèt Finlandais ki rele Johan Ludvig Runeberg. Mwen menm ak frè m ak sè m yo te konn tande powèm “Kiltivatè Paavo” a anpil pandan tout anfans nou. Nan powèm nan, Paavo sete yon fèmye pòv ki t ap viv avèk madanm li ak pitit yo nan rejyon lak yo nan sant Finland. Anpil ane youn apre lòt, pifò nan plantasyon li yo te detwi, keseswa akoz inondasyon lè nèj te fonn nan prentan, oswa tanpèt lagrèl nan ete, oswa yon gwo fredi bonè nan otòn. Chak fwa ti rekòt mèg la te rive, madanm fèmye a te lamante, “Paavo, Paavo, ala w yon granmoun ki pa gen chans, Bondye abandone nou.” Paavo, an retou, san ezite te reponn, “Melanje ekòs avèk farin sereyal pou fè pen pou timoun yo pa rete grangou. M pral travay pi di pou drene tè marekaj yo. Bondye ap teste nou, men L ap pran swen nou.”
Chak fwa rekòt la te detwi, Paavo te mande madanm li pou l te double kantite ekòs li t ap melanje nan farin nan pou konbat grangou. Li te travay pi di tou, li te fouye kanal pou drene tè a pou te diminye tandans teren an pou inondasyon lè nèj la fonn nan prentan an ak gwo fredi prekòs otòn yo.
Apre dèzane eprèv, Paavo te finalman fè yon bèl rekòt. Madanm li te rejwi, “Paavo, Paavo, se moman kè kontan! Se moman pou nou voye ekòs la jete, epi fè pen avèk sereyal sèlman.” Men Paavo te solanèlman pran men madanm li epi li te di l, “Melanje mwatye farin nan avèk ekòs, paske jaden vwazen nou an tounen glas nèt.” Paavo te sakrifye abondans pa l ak fanmi l lan pou l te ede vwazen li ki te devaste ak san resous.
Leson nan parabòl mouton ak kabrit la Sovè a te pataje a sèke nou dwe itilize don nou resevwa yo—tan, talan, ak benediksyon yo—pou sèvi pitit Papa nou ki nan Syèl la, espesyalman moun ki pi vilnerab ak nan nesesite yo.
Envitasyon m pou timoun Primè enkyè a ke m te mansyone nan kòmansman an, ak pou nou chak, se pou nou suiv Jezikri epi fè Sentespri a konfyans menmjan nou ta fè ak yon zanmi presye. Apiye sou moun ki renmen ou epi ki renmen Sovè a. Chèche gidans Bondye pou devlope kapasite unik ou yo, epi ede lòt moun, menm lè sa pa fasil. W ap pare pou w rankontre Sovè a, epi ou ka rejwenn Prezidan Nelson nan rete jwayezman optimis. Pandan w fè sa, w ap ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Jezikri a, epi w ap jwenn benediksyon avèk espwa ase pou antre nan repo ak lajwa Senyè a, kounyea ak nan lavni.
Jan nou chante nan youn nan nouvo kantik nou yo:
Rejoice [Rejwi]! And prepare for that day [Epi prepare pou jou sa a]! …
No one knows the day and hour when He will come again [Pèsonn pa konnen jou ak lè L ap retounen an],
But He’ll return as the scriptures say; it will be a joyful day [Men L ap retounen jan ekriti yo di a; se pral yon jou kè kontan]
When our beloved Savior comes again [Lè Sovè byenneme nou an vini ankò].. [Tradiksyon non ofisyèl]
Nan non Jezikri, amèn.