Konferans Jeneral
Lanmou Bondye
Konferans jeneral Avril 2025


10:34

Lanmou Bondye

Mwen rann nou temwayaj ak kè kontan ke Sovè a, Jezikri se lanmou Bondye. Lanmou Li pou nou pafè, pèsonèl, ak pou tout tan.

Nan yon ete pandan map vwayaje ale nan yon zòn elwaye, fanmi nou te dòmi deyò yon nuit anba yon syèl san nyaj. Sa ki te parèt vizib anlè nou sete bèl galaksi Vwa Lakte a, chaje etwal nou pa t ka konte ak zetwal ki te file okazyonèlman. Pandan nou t ap admire majeste kreyasyon Bondye a, nou te santi yon koneksyon reveran avèk Li. Jèn pitit nou yo, ki te grandi nan Hong Kong, pat janm fè eksperyans anyen konsa avan. Yo te mande avèk inosans èske nou viv anba menm syèl la lakay nan peyi nou. Mwen te eseye eksplike yo ke sete menm syèl la, men polisyon lè ak limyè kote nou te abite a te anpeche nou wè etwal yo menmsi yo te la.

Ekriti yo anseye ke “lafwa se asirans bagay ke nou espere, yon demonstrasyon sa ke nou pa wè.” Pandan ke distraksyon dezoryantan ak tantasyon terès yo bouche vizyon spirityèl nou, lè nou egzèse lafwa nan Bondye ak nan Pitit Gason L lan, Jezikri, nou resevwa asirans klè sou reyalite Yo ak sousi Yo pou nou.

Nan Liv Mòmon an, Pwofèt Leyi te wè, “yon pyebwa, ke fwi yo dezirab pou fè kè moun kontan” epi li te “pi dous, pase tout fwi m te janm goute.” Lè li te goute fwi a, nanm li te ranpli avèk anpil lajwa, epi li te vle pou fanmi li te manje ladan l tou. Nou aprann ke pyebwa sa a reprezante “lanmou Bondye” epi menm jan ak Leyi, nou menm tou nou kapab resevwa yon temwanyaj jwaye de Bondye lè nou envite Li nan lavi nou.

Jezikri pèsonifye lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou nou. Atravè Sakrifis Ekspyatwa Li a, Li pran sou tèt li peche nou yo epi yo te maltrete li pou inikite nou yo. Li te pèsonèlman pran lapenn nou yo, pote soufrans nou yo, epi pran sou tèt li doulè ak maladi nou yo. Li voye Sentespri a pou konsole nou, e fwi lespri yo enkli lajwa, lapè, ak lafwa, ki ranpli nou ak epsperans ak lanmou.

Pandan ke lanmou Bondye aksesib a tou moun, anpil moul chèche jwenn li ak dilijans, pandan ke lòt moun gen dezi pou santi lanmou Bondye men yo pa kwè ke yo merite l. Kèk lòt moun ap esye dezespewreman akwoche ak li. Ekriti yo ak profèt Senyè a anseye nou ke nou ka kontinye fè eksperyans lanmou Bondye, atravè gras Jezikri, nou repanti tout tan, padone sensèman, fè efò pou kenbe kòmandman Li yo, epi sèvi Lòt moun yon fason dezentèrese. Nou santi lanmou Bondye lè nou fè bagay ki mennen nou pi pre Li, tankou pale akèk li chak jou nan lapriyè ak etid ekriti yo, epi sispann fè bagay ki elwanye nou de Li, tankou lè nou ògeye, belijeran, ak rebèl.

Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou nou “retire, ak èd Sovè a, ansyen debri yo nan lavi nou” epi “mete amètim a kote.” Li te ankouraje nou pou nou “fòtifye fondasyon spirityèl nou” pandan nap “santre lavi nou sou [Sovè a] ak sou òdonans yo ak alyans nan tanp Li.” Li te pwomèt ke “Lè nou kenbe alyans nou yo, nou akeri pi gran aksè nan pouvwa fòtifyan Senyè a. … Nou fè eksperyans lanmou pur Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la an gran abondans!”

Mwen gen yon zanmin m ki te beni avèk yon bèl fanmi ak yon bèl karyè. Sa te chanje lè maladi te anpeche l travay, apresa li te vin divòse. Depi lè sa a ane yo te difisil, men lanmou li pou pitit li yo ak alyans li te fè avèk Bondye yo te soutni li. Yon jou li te aprann ke ansyen madanm li te remarye epi li te mande pou anile sèlman yo a. Li te twouble ak nan konfizyon. Li te chèche lapè ak konpreyansyon nan kay Senyè a. Jou apre vizit li a, li te resevwa mesaj sa a:

“Mwen te fè yon bèl eksperyan nan tanp la yè swa. Mwen panse ke sa te aparan ke m te toujou gen anpil rankin. … Mwen te konnen ke m te dwe chanje, e mwen te priye pandan tout semèn nan pou sa. … Yèswa nan tanp lan, mwen te santi Lespri a retire rankin nan nan kè mwen. … Sete yon si gwo soulajman pou m te libere anba l la. … Yon fado fizik opresan ki te t ap peze m desann te disparèt.”

Malgre ke l gen eprèv toujou, zanmi m nan cheri eksperyans sa a nan kay Senyè a, kote pouvwa liberatè lanmou Bondye te ede l santi l pi pre Bondye, pi optimis sou lavi a, e mwens enkyete l konsènan avni li.

Lè nou fè eksperyans lanmou Bondye, nou ka sipòte fado nou yo alèz epi soumèt nou pasyaman ak kè kontan anba volonte Li. Nou gen konfyans ke Bondye pral sonje alyans Li yo akèk nou, vizite nou nan afliksyon nou yo, epi delivre nou anba esklavaj. Nou pral gen dezi pou nou pataje lajwa nou santi a avèk fanmi ak moun nou renmen yo. Menm jan avèk fanmi Leyi, chak moun gen libète pou chwazi si yo vle manje fwi a ou pa, men opòtinite nou se pou nou renmen, pataje, ak envite nan yon fason pou moun nou renmen yo ka santi lanmou Bondye.

Pou ede lòt moun santi lanmou Bondye, nou dwe kiltive nan noumenm kalite kretyèn tankou imilite, charite, konpasyon, ak pasyans, epi ede lòt moun vire al nan dirèksyon Sovè a atravè kenbe de pi gran kòmandman sa yo ki se renmen Bondye ak renmen pwochen nou yo.

Youn nan pitit gason nou yo t ap lite pou l te entegre l ak estim tèt li pandan ane adolesan l yo. Madanm mwen avè m te priye pou n te ka konn kijan pou nou te ede l, epi nou te dispoze pou n te fè tout sa Senyè a t ap mande nou pou nou fè. Yon jou mwen te santi m pouse pou m te mande prezidan kowòm nan si li te konnen kèk moun ki te nan bezwen ke m te ka vizite ansanm ak pitit gason m nan. Apre l te fin reflechi, li te mande nou pou n te vizite yon fi ki te gen gwo pwoblèm sante epi, ak pèmisyon prezidan branch lan, nou te pote sentsèn pou li chak semèn. Mwen te kontan men m te enkyete pou kijan pitit gason m nan t apral reyaji devan angajman chak semèn sa a.

Nan premye vizit nou an, kè nou te fè nou mal pou fi admirab sa a, paske li te toujou gen anpil doulè. Li te trè rekonesan pou sentsèn nan, epi nou te kontan vizite limenm ak mari li. Aprè kèk vizit, yon jou Dimanch, mwen pa t la epi m pa t kapab akonpanye pitit gason m nan, men mwen te raple l tach nou an. Lè m te retounen lakay, mwen pa t ka tann pou m te tande kijan vizit la te pase. Pitit gason m nan te reponn ke li pa t panse ke kamarad klas li yo te janm gen okazyon pou yo te fè bèl bagay tankou sa a. Epi li te eksplike e di ke li te mennen frè l la avèk li pou te ede l, epi sentsèn nan te pase trè byen, men sè admirab sa a te di yo ke l te tris pandan semèn nan paske li te envite kèk zanmi vin lakay li pou gade fim, men aparèy videyo l la pat mache. Pitit gason m nan te di li te fè rechèch anliy, li te jwenn pwoblèm nan, epi l te repare l pou li menm kote a. Li te santi li itil, kontan, ak diy de konfyans paske l te fè yon bagay ki te klere jounen sè sa a. Li te santi lanmou Bondye pou li.

Si, malgre meyè efò w yo lavi a difisil, si w santi ke yo pa tande priyè w yo, oubyen si w pa ka santi lanmou Bondye, tanpri konnen ke chak efò w yo konte epi, osi sètènman ke etwal yo ki anlè nou an, Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri konnen nou, tande nou, ak renmen nou.

Nan yon okazyon, lè disip Li yo te nan yon bato “sakaje [pa] vag yo,” Sovè a te mache al jwenn yo sou dlo a epi l te rasire yo, Li te di, “Pran kouraj; Se mwenmenm; nou pa bezwen pè.” Lè Pyè te vle mache al jwenn Sovè a sou dlo a, Jezi te rele li, kote L te di, “Vini.” Le Pyè te pèdi konsantrasyon li, li te kòmanse koule, Senyè te imedyatman lonje men Li pou L te kenbe L epi gide L al nan sekirite pandan L te di, “O oumenm ki pa gen lafwa, poukisa ou doute?”

Lè van yo soufle kont nou nan lavi nou, èske nou dispoze pou nou gen kè kontan ak kouraj? Kijan nou ka sonje ke Sovè a pa abandone nou epi Li toupre nou, petèt nan fason ke nou poko menm rekonèt? Èske nou dispoze pou nou al jwenn Li nan lafwa, espesyalman lè chemen ki devan nou an parèt enposib? Epi nan ki fason Li relve nou al an sekirite lè nou trebiche? Kijan nou ka fidèlman al jwenn Li ak lafwa nan chak panse, san dout ni krent?

Si w ta renmen santi lanmou Bondye an plis abondans nan lavi ou, kite m ka envite w pou w konsidere bagay sa yo:

  • Premyèman, fè yon poz souvan pou w sonje ke ou se pitit Bondye epi panse a bagay ou rekonesan pou yo.

  • Dezyèmman, priye chak jou, mande Papa nou ki nan Syèl la pou ede w konnen kiyès otou de ou ki bezwen santi lanmou Li.

  • Twazyèmman, mande sensèman kisa ou ka fè pou ede yon moun santi lanmou Bondye.

  • E katriyèmman, aji san pèdi tan sou enspirasyon ou resevwa a.

Si nou toujou priye epi mande pou lòt moun, Bondye ap montre nou moun nou ka ede. Epi si nou aji san pèdi tan, nou ka vin mwayen Li itilize pou repon priyè yo. Si nou fè sa, yon moman an ap rive, kote nou pral resevwa repons priyè nou yo, epi nou pral santi lanmou Bondye nan pwòp lavi pa nou.

Rega atravè yon fenèt avyon an.

Sa gen kèk mwa, pandan nou t ap vwayaje al nan Vietnam, madanm mwen avè m te nan yon avyon ki de dekole nan mitan yon gwo tanpèt. Tibilans lan te entans, epi nou te ka wè nyaj epè, gwo lapli, ak loray nan fenèt nou an. Apre yon monte ki te long ak ensèten, avyon nou an te finalman monte anlè nyaj yo epi l te soti rive nan bèl panorama sa a. Sa te yon fwa ankò raple nou de Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri epi nou te santi gro lanmou Yo pou nou.

Chè zanmi m yo, antanke yon moun ki fè eksperyans lanmou Bondye, mwen jwayezman tremwaye ke Sovè a Jezikri se lanmou Bondye. Lanmou Li pou nou pafè, pèsonèl, ak pou tout tan. Pandan n ap suiv Li fidèlman, se pou nou ranpli ak lanmou Li epi se pou nou yon limyè k ap gide lòt moun al jwenn lanmou Li. Nan non Jezikri, amèn.