“Apwoche Pre Mwen”
Jezikri renmen nou chak. Li ofri nou opòtinite pou nou rapwoche pi pre Li.
Frè ak sè byenneme m yo, se yon jwa sa ye pou m avèk nou nan konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou Yo sa a. Sa a se Legliz Li. Nou reyini nan bilding ak nan fwaye tout kote nan mond lan nan non Li.
Nou pran non li sou nou lè nou antre nan wayòm Li an atravè alyans. Li se Sèl Pitit Gason resisite ak glorifye Bondye a. Nou se mòtèl ki sijè anba peche ak lanmò. Men, nan amou Li pou nou chak, Li envite nou pou nou rapwoche bòkote Li.
Men envitasyon Li fè nou: “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.”
Gen moman kote nou santi nou pre Sovè a, Jezikri. E poutan, pafwa pandan eprèv nou nan mòtalite a, nou gen dwa santi yon distans avèk Li epi nou swete jwenn yon asirans ke Li konnen sa ki nan kè nou epi Li renmen nou endividyèlman.
Envitasyon Sovè a enkli fason nou santi asirans sa a. Rapwoche pi pre Li nan toujou sonje Li. Chèche L avèk dilijans atravè etid ekriti. Mande atravè priyè sensè a Pè Selès nou pou nou santi nou pipre Pitit Gason Byenneme Li a.
Gen yon fason senp pou nou panse sou sa. Se sa w t ap fè si w te separe pou yon tan avèk kèk bon zanmi w. Ou t ap jwenn yon mwayen pou w pale avèk yo, ou t ap cheri nenpòt mesaj ou resevwa nan men yo, epi w t ap fè tout sa w ta kapab pou ede yo.
Plis sa ta rive, pi lontan sa ta dire, se pi pwofon lyen afeksyon an t ap fòtifye, epi w t ap santi nou rapwoche plis anplis pipre youn lòt. Si anpil tan ta pase san kominikasyon cheri sa a ak opòtinite pou youn ede lòt, lyen an t ap afebli.
Jezikri renmen nou chak. Li ofri nou opòtinite pou nou rapwoche pipre Li. Tankou yon zanmi eman, ou t ap fè l an majorite nan men fason an, nan kominikasyon atravè priyè a Pè Selès la nan non Jezikri, nan koute bon kalite direksyon nan men Sentespri a, epi apresa, nan sèvi yonn lòt pou Sovè a jwayezman. Byen vit, ou t ap santi benediksyon ki se rapwoche de Li a.
Lè m te jèn, mwen te fè eksperyans lajwa ki genyen nan rapwoche m pipre Sovè— a ak kòmandman Li yo pipre mwen—atravè senp aksyon ki se obeyi kòmandman yo. Lè m te jèn, yo te konn fè sentsèn pandan yon reyinyon nan sware. Mwen toujou sonje yon sware byen espesifik, sa gen plis pase 75 ane, kote l te fènwa epi frèt deyò a. M sonje yon sasasyon limyè ak chalè nan chapèl la lè m te reyalize ke m te kenbe kòmandman pou m te rasanble avèk Sen yo pou pran sentsèn nan, fè alyans avèk Pè Selès nou an pou toujou sonje Pitit Gason Li a epi kenbe kòmandman Li yo.
Nan fen reyinyon an, nou te chante kantik “Abide with Me; ’Tis Eventide, [Rete avè M; Aswè a]” avèk pawòl memorab yo, “O Savior, stay this night with me [O Sovè, rete avèk mwen aswè a].”
Pawòl sa yo te pote yon santiman ekstraòdinè apwopo Lespri a pou mwen, menm kòm yon jèn tigason. Mwen te santi amou ak rapwochman Sovè a nan sware sa a, atravè rekonfò Sentespri a.
Dèzane apre, m te vle relimen menm santiman lanmou Sovè a ak rapwochman ke m te santi pandan reyinyon sentsèn sa a nan jenès mwen an. Konsa, mwen te kenbe yon lòt kòmandman senp: Mwen te sonde ekriti yo.
Nan liv Lik la, m te li ke nan twazyèm jou apre Krisifiksyon ak antèman L lan, lè sèvitè fidèl yo te vini, pa amou pou Sovè a, pou yo te anbome kò Li. Lè yo te rive, yo te jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule soti devan bouch kavo a e kò Li pa t la.
De zanj te kanpe epi yo te mande yo poukisa yo te efreye konsa a:
“Poukisa n ap chèche moun vivan an nan mitan mò yo?
“Li pa isit la; li resisite: sonje sa l te di nou lè l te nan Galile a,
“Li te di: Pitit Gason lòm nan gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou kloure l sou yon kwa. Men, sou twa jou l ap leve soti vivan ankò.”
Jou swa sa a nan solèy kouche, de disip t ap mache sòti nan Jerizalèm sou chemen Emayis la, epi Senyè resisite a te parèt devan yo epi L te mache avèk yo.
Liv Lik la pèmèt nou mache avèk yo nan jou swa sa a:
“Epi sete konsa, yo t ap pale, yo t ap diskite youn ak lòt; lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li kòmanse fè wout la avèk yo.
“Men je yo te bouche e yo pa t kapab rekonèt li.
“Epi li di yo, sou kisa n ap pale a antan n ap mache a; ki fè nou tris konsa?
“Youn ladan yo ki te rele Kleopas te reponn li: Gen lè ou se sèl moun nan Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan semèn ki sot pase a?”
Yo te di l kijan yo te tris dèske Jezi te mouri pandan ke yo te kwè ke se li k ta pral delivre Izrayèl la.
Siman te gen afeksyon nan vwa Senyè resisite a lè Li te pale avèk de disip tris e aflije sa yo.
Lè m te kontinye li, mo sa yo te vini, yo te chofe kè mwen, menmjan m te santi m lè m te yon ti gason an:
“Lè yo rive tou pre vilaj la kote yo ta prale a, Jezi fè tankou li vle al pi lwen.
“Yo kenbe l, yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Epi li te antre, pou l rete avèk yo.”
Nan aswè sa a, Sovè a te aksepte envitasyon pou L te antre lakay disip Li yo. Li te chita pou l te manje avèk yo. Li te pran pen an, Li te beni li, Li te kase l epi Li ba yo li. “Epi je yo te ouvri, epi yo te rekonèt Li; Men, Li te disparèt lamenm devan yo.
Lik dekri nou kisa disip beni sa yo te santi: “Epi youn pran di lòt: èske nou pa t santi kè nou t ap boule andedan nou, lè l t ap mache avèk nou sou wout la, lè l t ap eksplike nou ekriti yo?”
Apresa, de disip yo te prese retounen al Jerizalèm pou yo t al di onz apot yo sa ki te pase a. Pandan yo t ap pataje eksperyans yo a, Sovè a te parèt ankò.
Li te kanpe nan mitan yo epi L “te di yo, Lapè avèk nou.” Apresa Li te raple yo pwofesi konsènan misyon li pou ekspye pou peche tout pitit Papa l yo ak pou kase chenn lanmò yo.
“Epi li di yo: men sa ki ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l soti vivan nan lanmò.
“Epi ya pran non l pou yo mache al nan tout nasyon, kòmanse pa Jerizalèm, pou preche repantans ak padon pou peche yo.
“Nou temwen tout bagay sa yo.”
Tankou disip byenneme Li yo, chak pitit Pè Selès la ki chwazi pou yo antre atravè pòt batèm nan vin anba alyans pou rete yon temwen Sovè a epi pou pran swen moun ki nan bezwen pandan tout lavi nou nan mòtalite a. Angajman sa a te dekri byen klè pou nou nan Liv Mòmon an pa pwofèt Alma dèsantèn ane bò Dlo Mòmon yo.
“Si nou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp Li a, epi nou vle yonn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè;
“Wi, nou vle kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye, menm jistan lè nou mouri, pou Bondye kapab rachte nou, e … pou nou kapab gen lavi etènèl.”
Si w rete fidèl nan pwomès sa yo, w ap reyalize ke Senyè a kenbe pwomès Li pou L avèk ou nan sèvis ou a, pou aleje fado w yo. W ap vin konnen Li, epi lè lè a rive, w ap vin tankou Li epi w ap “vin pafè nan Li.” Lè ou ede lòt moun, w ap vin wè ke w ap apwoche pipre Li.
Anpil nan nou gen moun pwòch nou ki ekate soti sou chemen lavi etènèl la. N ap mande tèt nou kisa ankò nou ta ka fè pou mennen yo retounen. Nou mèt gen konfyans ke Senyè a ap rapwoche bò kote yo pandan ke n ap sèvi Li ak lafwa a.
Sonje pwomès Senyè a te fè Joseph Smith ak Sidney Rigdon nan, lè yo te nan misyon pou li byen lwen fanmi yo a: “Zanmi m yo, Sidney ak Joseph, fanmi nou byen; yo nan men m, epi m ap fè sa m wè ki bon avèk yo; paske nan mwen gen tout pouvwa.”
Lè ou mete pansman sou blesi moun ki nan bezwen, pouvwa Senyè a ap avèk ou. Bra li ap lonje avèk pa ou pou sekouri ak beni Pitit Pè Selès nou yo.
Chak sèvitè-alyans Jezikri ap resevwa direksyon Li pandan y ap beni ak sèvi lòt moun pou Li. Epi y ap santi amou Sovè a, epi y ap jwenn lajwa nan apwoche pipre Li.
Mwen se yon temwen Rezirèksyon Senyè a osi siman ke si m te la jou swa sa a avèk de disip yo nan kay sou wout Emmaus la. Mwen konnen Li vivan.
Sa se vrè Legliz Li a—Legliz Jezikri a. Nan jou jijman an, nou pral kanpe devan Sovè a, fasafas. Se pral yon moman gran lajwa pou moun ki, nan lavi sa a, te apwoche pipre Li nan sèvis Li epi ki ka antisipe avèk anprèsman pou tande pawòl sa yo: “Byen fè oumenm ki bon sèvitè fidèl la.”
Mwen temwaye sa kòm yon temwen Rezirèksyon Sovè ak Redanmtè nou an, nan non Jezikri, amèn.