Yon ‘Freeze’ nan Ghana,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“A ‘Freeze’ nan Ghana,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Jen 1989–Novanm 1990
Yon “Freeze” nan Gana
Rete fidèl pandan Sen yo pa ka rasanble
Alice Johnson te yon misyonè ki t ap sèvi nan pwòp peyi li, ki se Gana. Li te renmen pataje temwayaj li konsènan Jezikri epi ede Legliz la grandi.
Saints, 4:416–17
Yon jou, Alice te resevwa kèk nouvèl twoublan. Gouvènman nan Gana a te di pat kapab gen okenn reyinyon Legliz ankò. Misyonè yo pa t kapab anseye ankò.
Saints, 4:417
Ofisye polis yo te fè misyonè yo kite apatman yo epi yo te pran bisiklèt yo. Yo te mete kèk manm Legliz nan prizon. Sòlda yo te fèmen batiman Legliz yo epi yo pa t vle kite okenn moun antre. Moun yo te rele sa “freeze la”
Saints, 4:417–18
Misyonè yo te oblije ale lakay yo. Alice t al viv avèk yon zanmi nan yon lòt vil. Li te enkyete pou l pa t ap janm fini misyon li.
Saints, 4:418
Sen yo nan Gana te nan konfizyon, yo te tris, epi yo te pè. Yo t ap mande tèt yo ki sa yo te fè ki mal. Èske yo t ap janm al legliz ankò?
Saints, 4:418
Menm si yo pa t kapab rasanble avèk pawas yo, Sen yo te toujou renmen Senyè a e yo te vle adore Li. Yo te fè reyinyon sentsèn lakay yo. Manm fanmi ki te gen Prètriz yo te beni pen ak dlo yo epi distribye l bay rès fanmi an.
Doktrin ak Alyans 6:32; Saints, 4:419
Mwa apre mwa, freeze la te kontinye. Sen yo te chante kantik epi youn te anseye lòt levanjil la lakay yo. Youn te vizite lòt pou ede yo kenbe lafwa yo solid. Yo te ekonomize dim yo pou yo te peye lè yo te ka retounen legliz. Yo te priye ak jene pou yo freeze la ta fini.
Saints, 4:436–37
Finalman, apre 18 mwa, gouvènman an te deside ke Legliz la te ka fè reyinyon ankò. Yon nouvo prezidan misyon te mande pou l te pale avèk Alice, ki te kounyea yon etidyan nan inivèsite. “Èske ou ta renmen tounen epi sèvi yon misyon apre lekòl?” li te mande. “Non,” li te reponn. “Mwen vle sèvi kounyea!”
Saints, 4:437–39
Alice ak lòt Sen yo te tèlman kontan dèske yo te ka ale legliz ankò! Nan premye Dimanch apre freeze la, reyinyon sentsèn nan te dire dezèdtan paske anpil moun te vle bay temwayaj yo. Youn te di lòt kijan Senyè a te beni yo epi te ede yo kenbe lafwa yo fèm.
Doktrin ak Alyans 20:75; Saints, 4:438