Istwa nan Ekriti yo
Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grann-Bretay


“Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grann-Bretay,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grann-Bretay,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Jiyè 1838–Jiyè 1841

Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grann-Bretay

Mete konfyans nan pwomès Senyè a

Joseph Smith te resevwa yon revelasyon pou l te aple Apot Legliz la nan yon misyon pou yo al Grann-Bretay.

Nan yon revelasyon Li te bay Joseph Smith, Senyè a te aple Apot yo pou yo travèse lanmè a pou yo al an misyon an Grann-Bretay. Byenke li te difisil pou Joseph te kite Apot yo ale tèlman lwen konsa, li te fè Senyè a konfyans. Li te difisil tou pou Apot yo kite fanmi yo. Men, Senyè a te pwomèt ke L t ap beni yo.

Doktrin ak Alyans 118

Heber Kimball ak fanmi li.

Heber C. Kimball ak madanm li, Vilate, te gen yon jèn fanmi. Yo te gen yon tibebe ki te gen yon mwa sèlman. Anpil moun nan fanmi yo te malad anpil.

Saints [Sen yo], 1:405

Brigham Young k ap prepare pou l ale nan misyon l lan.

Brigham Young te malad tou, epi fanmi l te pòv. Men, madanm Brigham, Mari Ann, te di l: “Ale epi ranpli misyon ou, epi Senyè a ap beni ou.”

Saints [Sen yo], 1:404–5

Brigham Young k ap rete avèk Heber C. Kimball.

Brigham te kòmanse ale, men lè li te rive lakay Heber, li te sitèlman fèb li pa t kapab mache. Li te rete avèk fanmi Heber pandan kèk jou.

Saints [Sen yo], 1:405

Mari Ann Young k ap pran swen Brigham ak Heber.

Mari Ann te vin pran swen Brigham jiskaske Brigham ak Heber te byen ase pou yo te pati. Yo toulède te fèb anpil, men yo te vle preche levanjil la.

Saints [Sen yo], 1:405

Brigham ak Heber k ap pati pou misyon yo.

Heber ak Brigham te di madanm yo orevwa epi yo te monte dèyè yon kabwèt. Yo te santi yo malalèz pou yo te kite fanmi yo malad ak pòv. Pandan kabwèt la t ap kondui ale, Heber te di Brigham, “Sa vrèman difisil.” Li te vle ede fanmi yo santi yo brav. Heber te mande chofè kabwèt la pou l te kanpe.

Saints [Sen yo], 1:405–6

Brigham ak Heber ki kanpe pou di orevwa.

Pandan l te andedan kay la, Vilate te tande yon bri. Li te vini nan pòt la, kote Mari Ann te kanpe. Yo te wè Heber ak Brigham ki te kanpe dèyè kabwèt la, yo t ap souke chapo yo anlè epi yo t ap rele byen fò: “Houra! Houra! Houra pou Izrayèl!” Medam yo te reponn: “Babay! Ke Bondye beni nou!”

Saints [Sen], 1:406

Brigham ak Heber k ap preche nan Grann-Bretay.

Apre yon vwayaj byen long atravè oseyan an, Heber ak Brigham te rive nan Grann-Bretay. Avèk lòt Apot, yo te anseye anpil moun sou Jezikri ak levanjil Li a. Anpil milye moun te batize epi antre nan Legliz Sovè a.

Saints [Sen yo], 1:408–11

Sen yo k ap vwayaje pou y al viv nan Nauvoo.

Anpil nan moun ki te batize nan Grann-Bretay yo te deplase al Nauvoo pou ede bati vil la ak tanp lan. Senyè a te kenbe pwomès li pou l te pran swen fanmi Heber ak Brigham pandan yo t ap sèvi Li kòm misyonè.

Saints [Sen yo], 1:437–39