Istwa nan Ekriti yo
Maryaj Poligami


“Maryaj Poligami,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Maryaj Poligami,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

1831–1890

Maryaj Poligami

Yon kòmandman pou yon tan

Joseph Smith k ap etidye ekriti ak panse sou maryaj poligami

Pandan Pwofèt Joseph t ap etidye Labib, li te li konsènan pwofèt tankou Abraram ak Moyiz ki te marye avèk plis pase yon madanm. Joseph te gen anpil kesyon. Se sa k fè li te deside priye epi mande Senyè a.

Doktrin ak Alyans 132:1; Saints, 1:121, 503

Joseph aprann ke moun yo ta dwe nan maryaj poligami sèlman si Bondye kòmande yo.

Senyè a te di ke anjeneral yon gason ta dwe gen yon sèl madanm. Men pafwa Senyè a te kòmande yon gason pou l te marye avèk plis pase yon madanm. Yo te rele sa maryaj poligami. Senyè a te di Joseph ke pèp li a ta dwe antre nan maryaj poligami sèlman si Li kòmande yo pou fè sa.

Jakòb 2:27–30; Doktrin ak Alyans 132:34–39; Saints, 1:121, 290–91, 489–90, 503

Joseph k ap priye konsènan kòmandman an.

Plizyè ane apre, Senyè a te di Joseph ak kèk lòt Sen pou yo te antre nan maryaj poligami. Li pa t fasil pou yo te viv kòmandman sa a.

Saints, 1:260–61, 264–68

Yon manm Legliz la kanpe devan yon jij paske li nan yon maryaj poligami.

Gouvènman an te fè lwa kont maryaj poligami. Gen kèk Sen, enkli dirijan Legliz yo, ke yo te mete nan prizon.

Saints, 2:501–4

Manm Legliz yo aksepte kòmandman ke yo pa ta dwe pratike maryaj poligami ankò a.

An 1890, Senyè a te di Wilford Woodruff, Prezidan Legliz la, ke gason pa ta dwe marye avèk plis pase yon madanm ankò. Dirijan Legliz yo te pataje kòmandman sa a avèk Sen yo. Se toujou kòmandman Senyè a jodi a— yon gason dwe marye avèk yon sèl madanm.

Deklarasyon Ofisyèl 1; Saints, 2:598–601, 607–9