“Kan Izrayèl la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Kan Izrayèl la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Novanm 1833–Fevriye 1835
Kan Izrayèl la
Aprann Fè Senyè a konfyans
Sen ki t ap viv nan Endepandans, Misouri yo te bezwen èd. Yo te travay di pou yo te bati Siyon jan Bondye te mande a. Men, gen lòt moun nan vil la ki pa t vle yo la. Yo te fè Sen yo kite kay yo.
Saints, 1:195
Joseph Smith t ap viv nan Kirtland. Li te tande pale de sa k te pase Sen yo nan Missouri, epi li te tris. Li te priye pou l te konn kisa pou l te fè. Senyè a te di Joseph pou l techèche moun pou ale avèk li nan Misouri. Yo te espere ke gouvènman an t ap ede Sen yo repran kay yo.
Doktrin ak Alyans 103:1–2, 11–20, 30–34; Saints, 1:195–96
Te gen anviwon 100 moun ki te volontè pou ale avèk li. Pwofèt la te rele gwoup sa a Kan Izrayèl la. Yo te kontan anpil pou yo te ede Sen yo nan Misouri.
Saints, 1:197–99
Brigham Young ak zanmi li Heber Kimball te fè pati gwoup la. Gen yon jèn gason ki te rele Wilford Woodruff ki te vini soti jis New York pou l te ede.
Saints, 1:197–98
Gen plis moun ki te vini nan kan an. Yo te mache pandan yon mwa antye e yo te travèse yon gwo rivyè nan Missouri. Yo te fatige epi kò yo te fè yo mal. Mache anpil la te fè kèk moun santi yo fristre. Yo te toujou gen anpil wout pou yo te fè anvan yo te rive nan vil Endepandans lan.
Saints, 1:200–201
Pandan yo t ap kontinye mache, gen yon dam ki te rele yo. Li te di gen kèk mesye ki t ap vin touye yo.
Saints, 1:203
Kan Izrayèl la te kanpe pou pase nuit la sou yon ti mòn sou yon rivyè. Pandan yo t ap etabli kan an, senk mesye sou cheval te monte kote yo. Yo te vante tèt yo ke te gen 300 gason anplis ki te sou wout pou te vin atake kan an. Anpil manm nan Kan Izrayèl la te enkyete. Joseh te di yo pou yo te gen lafwa ke Bondye t ap ede yo.
Saints, 1:203
Byento syèl la te ranpli ak nyaj gri. Gwo lapli te kòmanse tonbe. Rivyè sa a te vin pi fon. Van te kase pyebwa yo. Zeklè te flache nan tout syèl la. Joseph ak lòt moun yo te jwenn yon ti legliz kote yo te ka an sekirite. Yo te chante kantik pandan tout nuit la. “Bondye nan tanpèt sa a!” Joseph te di.
Saints, 1:203–4
Tanpèt la te stope moun ki te vle atake yo. Kan an te an sekirite. Men gouvènman an te di ke yo pa t ap ede Sen yo. Senyè a te di Joseph ke Kan Izrayèl la te ka tounen lakay li. Sen yo ta dwe bati Siyon nan respekte kòmandman Bondye yo. Li te pwomèt ke Li t ap “konbat batay Siyon yo.”
Doktrin ak Alyans 105:1–19; Saints, 1:204–5
Gen kèk manm nan kan an ki te fache lè yo te tande sa. Yo te tris paske yo pa t gen chans batay pou Siyon. Gen kèk moun ki te panse ke Kan Izrayèl la te echwe. Men lòt moun, tankou Brigham Young, Heber, ak Wilford, te rekonesan pou chans pou yo te avèk Pwofèt Joseph la epi aprann de li a.
Saints, 1:205–6
Nan apre, Senyè a te di Joseph Smith pou l te aple Douz Apot pou te ede dirije Legliz Li a. Apot yo t ap temwen espesyal non Jezikri nan tout mond lan. Uit nan douz Apot yo te mache nan Kan Izrayèl la. Sèvi avèk Joseph te ede prepare yo pou apèl enpòtan sa a.
Doktrin ak Alyans 18:26–27; 107:23; Saints, 1:214–17