Istwa nan Ekriti yo
Yo Atake Joseph ak Sidney


“Yo Atake Joseph ak Sidney,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Yo Atake Joseph ak Sidney,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Fevriye 1832

Yo Atake Joseph ak Sidney

Moun ankòlè eseye kanpe travay pwofèt Bondye a

Gason ankòlè k ap pale toupre yon boukan dife.

Gen moun ki te renmen sa Joseph Smith t ap anseye konsènan Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri, ak syèl la. Men, gen lòt moun ki pa t renmen sa l t ap anseye yo. Kèk nan yo te vin fache e yo te vle anpeche Joseph anseye.

Doktrin ak Alyans yo 76; Les Saints, 1:149–50

Emma ak Joseph Smith k ap pran swen tibebe malad yo.

Yon jou swa, Joseph te sou pye l byenta ap ede Emma pran swen youn nan tibebe marasa yo te adopte yo. Tibebe a te malad anpil.

Les Saints, 1:150

Emma k ap pran swen timoun yo pandan Joseph ap dòmi.

Emma te pran tibebe a epi li te di Joseph pou l repoze l. Li te gen pou l preche nan maten. Finalman, ni Joseph ak Emma te dòmi.

Les Saints, 1:150

Gason k ap trennen Joseph soti lakay li.

Sanzatann, pòt la te ouvri, e yon gwoup gason ankòlè te kouri antre nan sal la. Emma te rele lè mesye yo te pran Joseph pa bra li, janm, ak cheve li. Yo te trennen l soti nan kay la.

Les Saints, 1:150–51

Gason ki kenbe Joseph pandan Sidney Rigdon kouche atè.

Joseph te eseye libere tèt li anba mesye yo, men yo te kenbe l byen di. Joseph te wè mesye yo t ap trennen zanmi li Sidney Rigdon kite lakay li.

Les Saints, 1:151

Gason k ap kouvri Joseph avèk lakòl ak plim.

Mesye yo te dechire rad Joseph epi yo te vide lakòl cho, kolan sou tout po l ak cheve l. Apresa, yo kouvri l ak plim epi yo kouri ale.

Les Saints, 1:152

Emma ak zanmi l yo te pran swen Joseph ak Sidney.

Apre mesye yo te fin ale, Joseph te retounen lakay li. Emma te pè lè l te wè Joseph. Zanmi ki t ap viv toupre a te tande sa k te pase a e yo te prese vin ede. Emma te grate lakòl la soti sou po Joseph. Pandan tout rès nuit lan, Emma ak zanmi l yo te ede pran swen Joseph ak Sidney.

Doktrin ak Alyans yo 25:5; Les Saints, 1:153

Joseph k ap preche devan yon gwoup Sen.

Nan demen, Joseph te toujou gen anpil doulè. Men, li te abiye epi anseye yon gwoup moun konsènan Jezikri. Kèk nan mesye ki te atake l yo tap tande l. Pita nan jou sa a, Joseph te batize twa moun. Li te kontinye fè travay Senyè a menm lè moun yo te eseye kanpe l.

Doktrin ak Alyans yo 24:8; Les Saints, 1:153