Istwa nan Ekriti yo
Fanmi Yanagida


“Fanmi Yanagida,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Fanmi Yanagida,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

1950–1951

Fanmi Yanagida

Ladim ak lafwa nan Jezikri.

Toshiko ak Tokichi Yanagida avèk fanmi yo.

Toshiko ak Tokichi Yanagida te viv nan Japon. Yo te kwè nan Jezikri epi yo te antre nan Legliz Li a. Men, lavi nan Japon te difisil nan epòk sa a. Gen yon gè ki te detwi anpil kay ak bilding. Toshiko ak Tokichi te vle bati yon kay pou fanmi yo, men yo te pòv anpil.

Saints [Sen yo], 3:543

Yanagida yo k ap pale avèk misyonè nan Legliz la.

Yanagida yo te konnen Senyè a te vle pou yo peye dim, men yo pa t sèten ke yo te kapab. Toshiko te mande yon misyonè kisa yo ta dwe fè. “Peye dim lan tèlman difisil pou nou,” li te di. Misyonè a te pwomèt ke si yo te peye dim yo, Senyè a t ap ede yo atenn objektif yo pou yo jwenn kay pa yo.

Doktrin ak Alyans 119; Saints [Sen yo], 3:543–44

Toshiko ak Tokichi te deside ke y ap kontinye peye dim nan.

Toshiko ak Tokichi pa t sèten. Yo te apèn gen ase lajan pou yo te achte manje pou lekòl pitit gason yo a. Men, yo te deside mete konfyans yo nan Senyè a epi yo te peye dim nan.

Saints [Sen yo], 3:543–44

Yanagida yo ki kanpe tou pre sit pou fiti kay yo a.

Senyè a te beni fanmi Yanagida. Yon ti tan apre, yo te rive achte yon tè epi yo te kòmanse bati yon kay.

Saints [Sen yo], 3:544

Yon travayè konstriksyon k ap di Yanagida yo ke kay yo a pa ka bati.

Yon jou, yon enspektè te vini. Li te di ke te gen yon pwoblèm avèk tè yo a, e yo pa t ka bati yon kay ladan l. Li te di travayè yo pou yo sispann.

Saints [Sen yo]3:544

Youn nan misyonè yo k ap pale avèk fanmi an.

Yanagida yo te tris anpil. Yo te di misyonè yo sa k te pase. Misyonè yo te di ke yo ta pral jene e priye avèk Yanagida yo.

Saints [Sen yo], 3:545

Konstriksyon ki rekòmanse pou kay fanmi an.

Annapre, gen yon lòt enspektè ki te vini. Li te di ke pwoblèm tè yo a te kapab rezoud. Yanagida yo te ka bati kay yo a. “Siman nou de a te dwe fè yon bagay ki bon,” enspektè a te di Toshiko ak Tokichi. Yo te konnen Senyè a te beni yo. Yo te kontan dèske yo te fè Li konfyans e yo te peye dim nan.

Saints [Sen yo], 3:545