Istwa nan Ekriti yo
Maryaj ak Fanmi Etènèl


“Maryaj ak Fanmi Etènèl,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Maryaj ak Fanmi Etènèl,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

1843–1846

Maryaj ak Fanmi Etènèl

Sele pa pouvwa Jezikri

Emma ak Joseph Smith avèk pitit yo.

Lè Emma ak Joseph te marye, yo te kwè maryaj yo t ap fini lè yo te mouri. Se konsa tout maryaj yo te ye. Men apresa Senyè a te di Joseph ke maryaj ak fanmi yo te ka dire pou tout tan.

Saints [Sen yo], 1:413

Emma ak Joseph k ap sele pou letènite.

Senyè a te anseye Joseph konsènan maryaj etènèl. Atravè pouvwa prètriz la, yon gason ak yon fi kapab fè yon alyans avèk Senyè a. Si yo kenbe alyans yo a, Senyè a pwomèt ke maryaj yo ap dire pou tout tan. Se sa sa vledi pou yon moun sele. Byen vit, Joseph ak Emma te sele pou letènite.

Doktrin ak Alyans 132:7, 19–24; Saints [Sen yo], 1:413, 432–33, 481–82, 492, 502–3

Joseph k ap anseye Sen yo konsènan benediksyon maryaj etènèl la.

Joseph te aprann tou ke lè yon gason ak yon fi sele, pitit yo t ap sele avèk yo. Gras ak pouvwa Jezikri, fanmi yo te ka dire pou tout tan. Lè Joseph te pale Sen yo de benediksyon sa a, yo te kontan anpil! Yo pa t ka tann pou yo te sele ansanm.

Doktrin ak Alyans 131:2; 132:6–7; Saints [Sen yo], 1:492–93, 580

Yon fanmi ansanm devan tanp Nauvoo a.

Senyè a te anseye ke sèlman yo ta dwe fèt nan tanp lan. Sen yo te travay di pou yo te fini tanp Nauvoo a yon fason pou yo te ka sele ansanm. Lè tanp lan te pare, anpil fanmi te sele. Yo te menm sele avèk manm fanmi yo ki te mouri. Yo te rekonesan pou benediksyon sa a!

Saints [Sen yo], 1:579–80