Istwa nan Ekriti yo
Bati Tanp Kirtland nan


“Bati Tanp Kirtland la,” Doktrin ak Istwa Alyans (2024)

“Bati Tanp Kirtland la,” Doktrin ak Istwa Alyans

Desanm 1832–Mas1836

Bati Tanp Kirtland nan

Yon kay espesyal pou Senyè a

Joseph ak Emma Smith ak Phebe ak Sidney Rigdon k ap gade kote tanp Kirtland lan pral bati.

Senyè a te di Joseph Smith ke li lè pou Sen yo bati yon kay espesyal nan Kirtland. Kay sa a t ap yon tanp, yon kote Senyè a ta pral vizite pèp Li a epi fè pwomès avèk yo. Li te gen pou L ba yo yon kado espesyal nan tanp Li a. Li te rele kado an yon dotasyon pouvwa.

Dokrin ak Alyans 88:119; 95:8; Les Saints, 1:205

Hyrum Smith ko pral ede travay nan tanp lan.

Sen yo pa t kòmanse bati tanp lan touswit. Kèk mwa annapre, Senyè a te fè yo sonje tanp lan te enpòtan anpil. Hyrum Smith te kouri al lakay paran li pou rasanble zouti. Lè manman l te mande l ki kote l prale, li te di li te vle premye moun ki t ap travay sou kay Senyè a.

Doktrin ak Alyans 95:1–8

Sidney Rigdon ap gade tanp lan ki t ap konstwi.

Sen yo nan Kirtland te kòmanse bati tanp lan. Li koute anpil lajan e li te pran anpil travay. Manm Legliz yo tankou Sidney Rigdon te bay anpil lajan pou bati tanp lan. Yo te kontan anpil pou yo suiv kòmandman Senyè a epi resevwa benediksyon Li yo nan kay Li.

Les Saints, 1:209–211

Sidney k ap priye pou èd avèk tanp lan.

Pandan Sen yo t ap travay nan tanp lan, yo te kòmanse pa gen ase lajan. Sidney ak lòt dirijan Legliz yo te enkyete. Sidney te priye Bondye pou ede yo.

Les Saints, 1:210–11

Caroline Tippets k ap vin ede.

Yon manm Legliz la ki rele Caroline Tippets ak fanmi li te epanye anpil lajan. Caroline te pèmèt Legliz la prete lajan yo pou ede bati tanp lan.

Les Saints, 1:211–13

Timoun k ap ede kolekte vè kase.

Anpil Sen nan Kirtland te travay di pou yo bati tanp lan. Genyen ki te kondui kabwèt chaje ak wòch ale nan tanp lan. Lòt te koud rad ak fè manje pou travayè yo. Timoun yo te ranmase moso vè kase pou kraze yo epi mete yo sou mi yo nan tanp lan yon fason pou yo te reflete ak klere nan limyè solèy la.

Les Saints, 1:210, 219, 221

Tanp Kirtland nan fini.

Yon ti tan apre, tanp lan te fini! Sen yo te kontan anpil pou yo te antre nan kay Senyè a pou resevwa benediksyon Li te pwomèt yo a.

Les Saints, 1:221