Istwa nan Ekriti yo
Misyon Parley nan Kanada


“Misyon Parley nan Kanada,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Misyon Parley nan Kanada,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Avril–Jen 1836

Misyon Parley nan Kanada

Montre lafwa nan pwomès Senyè a

Dirijan legliz k ap mache toupre Tanp Kirtland lan.

Tousuit apre tanp Kirtland la te konsakre, anpil dirijan nan Legliz la te ale nan misyon pou preche levanjil la.

Doktrin ak Alyans 88:81; 109:22–23; 112:28–29; Les Saints, 1:249

Parley Pratt ki chita bò kabann madanm li.

Parley Pratt te renmen pataje levanjil la. Men, li te panse li ta dwe rete lakay li paske madanm li, ki te rele Thankful, te malad. Yo pa te gen lajan nonplis.

Les Saints, 1:249

Heber Kimball k ap beni Parley ak Thankful.

Heber Kimball, zanmi Parley ak youn nan Apot yo, te vin vizite. Li te bay Parley yon benediksyon e li te di li ta dwe preche levanjil la nan Kanada. Nan benediksyon an, Heber te pwomèt ke Thankful t ap vin santi l pi byen. Li te pwomèt li t ap gen yon pitit gason epi Senyè a t ap ede Parley jwenn lajan li te bezwen an.

Les Saints, 1:249–50

Parley k ap di Thankful orevwa.

Thankful ak Parley te marye pandan 10 an. Yo pa t gen okenn pitit. Men, yo te gen lafwa nan pwomès Senyè a. Menmsi sa t ap difisil pou rete lwen Thankful nan Kanada. Parley te rete pou pataje levanjil la.

Les Saints, 1:250

Parley nan misyon li nan Kanada.

Nan Kanada, Parley t ap chèche kote li te ka anseye moun. Li te mande si l te ka anseye nan legliz yo ak lòt bilding yo. Tout moun te di non.

Les Saints, 1:252–53

Parley ki rankontre John ak Leonora Taylor.

Apresa, Parley te rankontre John ak Leonora Taylor. Yo te renmen Jezikri ak Bib la. John te mande Parley si sa l t ap anseye a te diferan de Bib la.

Saints, 1:252–53

Parley ak John k ap pale.

Parley te di li te anseye konsènan Jezi, pwofèt yo, batèm, ak Sentespri a. Tout bagay sa yo te nan Bib la. John te mande, “E apwopo sa ki konsène Joseph Smith ak Liv Mòmon an?” Parley te di John ke li te konnen Liv Mòmon an se verite, menm jan ak Bib la, e ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye.

Les Saints, 1:253

Parley k ap ansenye yon gwoup Sen.

John te kwè sa Parley te di a. Li te li Liv Mòmon an e li te konnen li te verite. John ak Leonora te envite zanmi yo Jozèf, Mercy ak Mary Fielding ak lòt moun pou tande Parley k ap anseye. Anpil moun te batize epi antre nan Legliz la.

Les Saints, 1:254–55

Parley k ap di zanmi l yo orevwa nan Kanada.

Parley te kontan, men li te vle al jwenn Thankful lakay li nan Kirtland. Li te di nouvo zanmi li yo nan Kanada orevwa. Pandan li t ap ba yo lanmen, yo te ba l lajan pou l ede l pran swen fanmi li.

Les Saints, 1:255–56

Parley ak Thankful ansanm nan Kanada.

Lè Parley te rive lakay li, li te jwenn ke Thankful te santi l pi byen. Parley te resevwa plis kopi Liv Mòmon an epi li te retounen Kanada pou kontinye pataje levanjil la. Fwa sa a, Thankful te ale avèk li.

Les Saints, 1:256

Parley ak Thankful k ap anbrase.

Avan lontan Thankful ak Parley te reyalize ke yo tapral gen yon bebe. Yo te sonje benediksyon Heber te bay Parley la. Yo te santi tankou tout bagay Senyè a te pwomèt nan benediksyon sa a t ap reyalize.

Les Saints, 1:256