Istwa nan Ekriti yo
Susa Young Gates ak Joseph F. Smith


“Susa Young Gates ak Joseph F. Smith,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Susa Young Gates ak Joseph F. Smith,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

1902–1918

Susa Young Gates ak Joseph F. Smith

Yon revelasyon sou mond dèzespri a

Brigham Young k ap pale avèk pitit fi li Susa.

Susa Young Gates se te pitit fi Brigham Young. Li te fèt nan Utah epi li te grandi la. Li te renmen ekri, epi li te renmen sèvi nan Legliz Senyè a.

Saints, 3:9–10, 64

Susa k ap resevwa yon benediksyon prètriz

Lè Susa te adilt, li te malad anpil. Li te mande pou yon benediksyon prètriz. Nan benediksyon an, Senyè a te di Susa ke Li te vle l fè travay tanp.

Saints, 3:193–94

Susa k ap pale avèk yon lòt fi sou tanp ak istwa familyal.

Apre benediksyon an, Susa te vin fè mye. Li te pase tan l ap aprann sou istwa fanmi li. Lè l te jwenn manm fanmi l ki te mouri san yo pa t batize, li te ale nan tanp pou l te batize pou yo. Li te renmen pale avèk moun sou travay istwa familyal. Malerezman, anpil moun pa t enterese.

Saints, 3:194–95, 206

Susa k ap pale avèk Joseph F. Smith.

Yon jou, Susa te vizite zanmi li Joseph F. Smith, Prezidan Legliz la. Prezidan Smith te malad pandan plizyè semèn. Susa te konnen li te tris anpil tou paske pitit gason l lan te mouri. Li te tris pou lòt bagay ki t ap pase nan mond lan tou, tankou lagè ak maladi.

Saints, 3:197–99, 205–6

Joseph F. Smith rakonte Susa vizyon l la.

Men, lè Susa te chita avèk Prezidan Smith, li te kontan pale avè l. Li te di Susa ke Bondye te ba li yon vizyon espesyal. Sete sou mond dèzespri a, kote moun ale apre yo fin mouri. Vizyon l la te ekri sou yon papye. Prezidan Smith te bay Susa li epi li te mande l pou l te li l.

Saints, 3:206–7

Susa k ap li apwopo vizyon an

Susa li papye a. Li te di ke Jezikri te vizite mond dèzespri a. Li te voye Adan, Èv, ak lòt gason ak fi fidèl pou te anseye espri ki pa t resevwa levanjil la pandan yo te vivan. Yo t ap ede espri sa yo prepare pou moun te ka batize pou yo nan tanp.

Doktrin ak Alyans 138:11–19, 29–48; Saints, 3:206–7

Joseph F. Smith ak Susa k ap pale.

Susa te etone lè l te li vizyon Prezidan Smith la. Prezidan Smith te souri ba li. “Susa,” li te di, “w ap fè yon gwo travay.” Li te di l ke l te renmen l pou lafwa li nan Senyè a.

Saints, 3:206

Susa chita toupre Tanp Salt Lake la.

Susa te ekri sou revelasyon an nan jounal li. “O, se te te yon rekonfò pou mwen!” li te di. Li pa t ka tann pou l te rakonte zanmi l yo ak lòt manm legliz yo sou sa. Li te konnen vizyon Prezidan Smith la t ap ede Sen yo vin eksite pou fè travay tanp pou moun nan mond dèzespri a.

Saints, 3:207