“Prizon Liberty,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Prizon Liberty,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Oktòb 1838–Mas 1839
Prizon Liberty
Chèche Senyè a pandan moman difisil yo
Anpil moun ki t ap viv nan Misouri pa t renmen Sen yo. Gouvènè a te voye sòlda pou te fè yo ale. Sòlda yo te chase Sen yo fè yo kite lakay yo, yo te vòlè bagay lakay yo, epi yo te maltrete anpil nan yo.
Saints, 1:355–56, 272, 364
Sòlda yo te arete Pwofèt Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo.
Saints, 1:357–58
Joseph te mande si yo te ka ba l yon ti tan poukont li avèk fanmi li. Solda yo te di non. Yo te ale avèk Jozèf ak lòt prizonye yo.
Saints, 1:366
Yon jou swa, Joseph ak lòt prizonye yo t ap koute pandan gad yo t ap ri konsènan move bagay yo te fè Sen yo. Joseph pa t ka sipòte tande sa ankò. Li te kanpe epi l te rele byen fò: “Silans!” Li te pale avèk pouvwa Bondye. Gad yo te pè. Yo te di yo te regrèt sa epi yo te sispann pale.
Saints, 1:367–68
Nan apre, yo te mete Joseph ak zanmi l yo nan prizon nan yon vil ki te rele Liberty. Prizon an te frèt anpil, li te piti, epi l te fènwa. Yo te gen sèlman kèk pay sal pou yo te dòmi. Te gen sèlman yon tikras manje, e li te fè yo malad.
Saints, 1:369–70, 374, 384–85
Joseph te panse a Sen yo anpil. Li te renmen yo. Li te enkyete l pou yo. Men, li pa t kapab fè anyen pou ede yo.
Saints, 1:385–86
Joseph te priye anpil. Li te mande Bondye kote Li te ye e poukisa Li pa t ap ede Sen yo. Èske Bondye te bliye l ak Legliz la?
Bondye te reponn priyè Joseph la. Li te di, “Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou.” Li te di Joseph ke difikilte l yo pa t ap dire pou tout tan, e yo t ap pou byen l. Bondye te fè Joseph sonje ke Jezikri te pase bagay ki te menm pi difisil. Li te pwomèt ke Li t ap avèk Joseph “pou tout tan gen tan.”