Istwa nan Ekriti yo
Hiram Page ak Revelasyon


“Hiram Page ak Revelasyon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Hiram Page ak Revelasyon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Septanm 1830

Hiram Page ak Revelasyon

Sen yo aprann kijan Bondye gide Legliz li a

Hiram Page pataje mesaj li a avèk manm Legliz yo.

Hiram Page sete yon zanmi Joseph Smith ak Oliver Cowdery. Li sete youn nan uit temwen plak lò yo tou. Hiram te gen yon wòch, epi li te kwè ke Bondye te itilize li pou ba li mesaj, oswa revelasyon, pou Legliz la. Oliver ak lòt Sen yo te kwè revelasyon Hiram yo te soti nan Bondye.

Doktrin ak Alyans 28, antèt seksyon an; Les Saints, 1:97

Joseph Smith ak lòt moun k ap koute ansèyman Hiram nan.

Revelasyon Hiram yo te sonnen tankou ekriti yo. Men, yo pa t menm avèk sa Bib la anseye yo. Yo te diferan de sa Senyè a te di Pwofèt Joseph yo tou. Joseph pa t twò konn kisa pou l te fè.

Les Saints, 1:97

Joseph k ap priye pou l jwenn direksyon.

Joseph te pase pifò nan nuit la ap mande Bondye èd. Li te enkyete pou l pa t fè sa ki mal la epi blese santiman zanmi l yo.

Les Saints, 1:97

Joseph k ap medite sou kabann li.

Joseph te vle pou moun yo chèche revelasyon pou pwòp lavi pa yo. Men sa t ap bay konfizyon si tout moun te eseye jwenn revelasyon pou tout Legliz la.

Les Saints, 1:97

Joseph k ap pataje yon revelasyon avèk Oliver Cowdery.

Finalman, Senyè a te bay Joseph yon revelasyon pou l te pataje avèk Olivier. Senyè a te di ke se sèlman pwofèt la ki ka resevwa revelasyon ak kòmandman pou tout Legliz la. Li te di ke Oliver ta dwe anseye Hiram sa.

Doktrin ak Alyans 28:2, 6–13

Olivier k ap pataje revelasyon an avèk Hiram Page.

Senyè a te vle pou Hiram konprann ke li te ka resevwa revelasyon pou pwòp lavi pa l. Men revelasyon pou Legliz la, se pwofèt Senyè a ki t ap resevwa li. Hiram te koute Oliver epi l te repanti. Sen yo konprann pi byen kounyea kijan Senyè a gide Legliz Li a.

Sen, 1:98