Istwa nan Ekriti yo
Legliz Jezikri a Òganize


“Legliz Jezikri a Òganize,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Legliz Jezikri a Òganize,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Avril 2024

Legliz Jezikri a Òganize

Yon reyinyon legliz kè kontan

Joseph Smith k ap akeyi moun yo lakay Whitmer pou premye reyinyon Legliz la.

Liv Mòmon an te enprime kounye a, e pouvwa prètriz Bondye a te sou tè a ankò. Senyè a te di Joseph Smith li lè pou òganize Legliz Jezikri a.

Les Saints, 1:84

Moun yo leve men yo pou soutni Joseph ak Oliver kòm dirijan Legliz la.

Nan dat 6 avril 1830, anviwon 40 fanm ak gason te vin lakay fanmi Whitmer pou òganize Legliz la. Senyè a te aple Joseph ak Olivier pou dirije Legliz Li a. Joseph ak Oliver te mande moun yo pou leve men yo pou montre yo soutni yo antanke dirijan.

Doktrin ak Alyans 20:1–3; Les Saints, 1:84

Nouvo manm Legliz yo te kontan pran sentsèn nan.

Apresa, Joseph ak Olivier te beni sentsèn nan. Yo te bay moun yo li pou ede yo sonje Jezikri. Joseph ak Oliver te mete men yo sou tèt moun ki te batize yo. Yo te konfime yo kòm manm Legliz la epi ba yo don Sentespri a.

Doktrin ak Alyans 20:75–79; Les Saints, 1:85

Joseph k ap anseye nouvo manm yo nan Legliz la.

Senyè a te bay Joseph yon mesaj pou nouvo Legliz la. Li te di yo pou yo ekri sa k te pase nan Legliz la. Mwen konnen Joseph Smith sete pwofèt Li. Li te pwomèt manm Legliz yo ke si yo te suiv kòmandman Li te bay Joseph yo, Li t ap beni yo. Dyab la pa t ap gen pouvwa sou yo.

Doktrin ak Alyans 21:1–6; Les Saints, 1:85

Joseph Smith ak papa l k ap bay akolad.

Moun yo te tèlman kontan gen Legliz Jezikri a! Apre reyinyon an, gen plis moun ki te batize, ki enkli manman ak papa Joseph. Lè papa li te soti nan dlo a, Joseph ba li yon gwo akolad. Li te di “Mwen viv pou wè papa m batize nan vrè legliz Jezikri a!”

Les Saints, 1:86

Joseph te santi l rekonesan anpil pou l ede retabli Legliz la.

Pita nan aswè, Joseph te ale nan bwa yo poukont li. Kè l te chaje ak lajwa. Sa te fè 10 ane depi li te premye wè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Gen tèlman anpil bagay ki te pase depi lèsa a. Joseph te trè rekonesan dèske li te kapab ede retabli, oswa retounen, Legliz Jezikri a!

Les Saints, 1:86