“Hawn’s Mill,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Hawn’s Mill,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Oktòb 1830–Fevriye 1839
Hawn’s Mill
Yon atak ak yon mirak
Willard Smith te gen 11 zan. Fanmi li t ap viv nan Hawn’s Mill, Missouri, avèk lòt Sen. Yo te vle rasanble byento avèk Sen yo nan Lwès.
Doktrin ak Alyans 115:7–8; Saints, 1:347–48
Yon jou, Willard te avèk papa l ak frè l yo, Sardius ak Alma. Toudenkou, yo tande kout zam ak rèl. Moun te vin atake Sen yo.
Saints, 1:348–49
Tout moun te kouri al chèche yon kote pou yo te an sekirite. Anpil gason ak timoun te kache nan fòjri a. Papa Willard ak frè l yo te ale tou, men Willard te separe avèk yo. Li te kache dèyè yon pil bwa. Li te tande kout zam toutotou li.
Saints, 1:349, 353
Willard te kouri soti yon kote al nan lòt pou l te kache. Finalman, kout zam yo te sispann. Atakè yo te kite Mill Hawn.
Saints, 1:353
Willard te vini nan fòjri a pou l jwenn fanmi li. Yo te tiye Papa l ak Sardius. Men, ti frè Willard a, Alma, te toujou vivan.
Saints, 1:353
Yo te tire Alma nan senti. Li te blese grav. Willard te ranmase Alma epi l te pote l al nan tant fanmi yo a.
Saints, 1:353–54
Manman Willard, Amanda, pa t konnen kijan pou l te ede senti Alma a. Men li te konnen Bondye te konnen. Li te priye, epi li te tande yon vwa di l egzakteman sa pou l te fè.
Saints1:280
Amanda te lave blesi Alma a avèk sann dife. Apresa, li rache kèk rasin pyebwa epi li mete l sou blesi l la. Li te vlope senti li avèk twal. “Kouche konsa, epi pa bouje,” li te di, “epi Senyè a ap fè yon lòt senti pou ou.”
Saints, 1:354–55
Nan apre, gouvènè Missouri a te di ke Sen yo te dwe kite eta a oubyen yo t ap tiye yo. Men, senti Alma a te toujou pa t pi bon. Amanda te priye epi l te mande Senyè a èd. Gen yon vwa ki te di l ke Jezi pa t ap janm kite fanmi l. Amanda te santi tankou pa t gen anyen ki te ka fè l mal.
Doktrin ak Alyans 88:83; Saints, 1:372, 378–79
Tousuit apre l te fin priye, Amanda te tande pitit li yo k ap rele. Li te kouri al jwenn yo, epi lè l te jwenn yo, Alma t ap kouri toupatou. “Mwen refè, Ma, mwen refè!” li te di. Senti l la te geri! Se te yon mirak Senyè a te fè. Amanda ak pitit li yo te kite Missouri pou yo t al chèche yon kote ki te an sekirite avèk tout rès Sen yo.
Saints, 1:379