“Temwen yo Wè Plak Liv Mòmon yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Temwen yo Wè Plak Liv Mòmon yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Mas–Septanm 1829
Temwen yo Wè Plak Liv Mòmon yo
Rann temwayaj pou mond lan
Joseph, Emma, ak Oliver te kontinye tradui plak lò yo nan kay Smith yo nan Pennsilvani. Men, moun nan vil yo te vle bloke yo. Oliver te gen yon zanmi ki te rele David Whitmer ki t ap viv Nouyòk. Oliver te mande David si yo te ka deplase vin viv avèk fanmi Whitmer pou yo te fini tradiksyon an.
Les Saints, 1:68
David ak fanmi l te dakò. Yo te akeyi Joseph, Emma ak Oliver lakay yo. Kounye a, yo te ka travay sou tradiksyon an nan lapè. Te gen anpil moun ki t ap viv nan kay Whitmer a. Sa te vledi te gen anpil travay ki pou te fèt, sitou pou manman David, Mary.
Les Saints, 1:68–70
Yon jou, pandan Mary t ap travay, zanj Mowoni te vizite l. Li te di ke li te konn tout travay siplemantè ki t ap fè l fatige yo. Li te vle fòtifye lafwa l. Li te louvri yon sak epi li rale plak lò yo. Li te vire paj yo epi li te montre Mary sa k te ekri sou yo a. Li te pwomèt Mary ke li t ap beni.
Les Saints, 1:70–71
Gen kèk moun ki pa t kwè plak yo te reyèl. Joseph te obeyi kòmandman Senyè a pou l pa t montre pèsonn plak yo. Senyè a te di li pwal kite twa temwen anplis wè plak yo. David Whitmer, Martin Harris, ak Oliver Cowdery te mande si yo te kapab temwen sa yo. Senyè a te di yo te kapab.
Doktrin ak Alyans 5:11–12; 17; Les Saints, 1:73
Joseph, Martin, Oliver ak David te ale nan bwa yo. Yo te mete ajenou epi yo youn apre lòt mande te Bondye si yo te kapab wè plak yo, men pa t gen anyen ki te pase.
Les Saints, 1:73
Martin Harris te santi ke li sete rezon ki fè pa t gen repons pou priyè yo a. Martin te kite, epi lòt yo te kontinye priye.
Les Saints, 1:73
Apresa, yon zanj te parèt nan yon limyè klere. Li te montre Oliver ak David plak lò yo ak sa k te ekri sou yo. Yo te tande vwa Bondye ki di ke Joseph te tradui plak yo pa pouvwa Bondye e tradiksyon an te kòrèk. Bondye te di yo tou ke yo te dwe di tout moun sa yo te wè ak tande.
“Temwayaj Twa Temwen yo”; Les Saints, 1:73–74
Joseph t al jwenn Martin. Li te toujou ap priye. Joseph te priye avèk li. Apresa, zanj lan te parèt epi li te montre Martin plak yo, menm jan li te fè pou Oliver ak David la.
Les Saints, 1:74
Apresa, Joseph t al jwenn paran li, ki t ap vizite Mary Whitmer. Li te di yo kijan li te kontan dèske lòt moun te wè plak yo. Kounye a, temwen yo te ka di moun yo ke Joseph t ap di laverite. Martin te di tout moun jan li te kontan dèske Bondye te kite l vin youn nan temwen yo.
Les Saints, 1:74–75
Kèk jou apre, Senyè a te di Joseph pou l te montre uit lòt moun plak lò yo—papa l, de nan frè l yo, kat frè David yo, ak bòfrè David la. Yo te gen chans kenbe plak yo epi vire paj yo. Yo te konnen plak yo te reyèl.
“Temwayaj Uit Temwen yo”; Les Saints, 1:75
Tradiksyon Liv Mòmon an te fini kounye a. Joseph te retounen plak lò yo bay zanj Mowoni an. Kounye a, li te tan enprime kopi liv la pou tout moun te kapab li l epi aprann plis konsènan Jezikri.
Les Saints, 1:75–76
Sa te koute anpil lajan pou te enprime Liv Mòmon an. Martin Harris te bay yon pati nan fèm li pou te peye pou li. Li te fè sa paske li te konnen Liv Mòmon an se verite. Chak kopi liv la gen temwayaj Martin ak pa lòt temwen yo pou tout moun ka li. Temwen yo pa t janm renye temwayaj yo.
Doktrin ak Alyans 19:26–27, 34–35; Les Saints, 1:76–78