Istwa nan Ekriti yo
Sen yo Aprann konsènan Batèm pou Mò yo


“Sen yo Aprann konsènan Batèm pou Mò yo,” Doktrin ak Istwa Alyans yo (2024)

“Sen yo Aprann konsènan Batèm pou Mò yo,” Doktrin ak Istwa Alyans yo

Out–Oktòb 1840

Sen yo Aprann konsènan Batèm pou Mò yo

Espwa pou manm fanmi ki pa t batize

Jane Neyman nan yon antèman kote Joseph Smith ap pale.

Jane Neyman t ap viv nan Nauvoo. Li te ale nan yon fineray kote Joseph Smith t ap pale. Fineray la te fè Jane panse a pitit gason li Cyrus. Li te mouri e li pa t batize. Jane te enkyete pou Cyrus. Li te konnen ke nou dwe batize pou nou viv avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Saints [Sen yo], 1:421

Joseph ki ajenou devan tonm Alvin Smith la.

Joseph te konn kijan li te santi l. Li te konn ap mande tèt li menm bagay la konsènan frè li Alvin, ki te mouri san l pa t batize.

Saints [Sen yo], 1:421

Joseph prezante ansèyman batèm pou moun ki mouri yo.

Nan antèman an, Joseph te pataje yon bagay Bondye te anseye l. Li te di ke lè yon moun mouri san l pa batize, nou kapab batize pou yo.

Saints [Sen yo], 1:421

Jane k ap batize pou pitit gason l lan.

Jane te tèlman kontan tande sa! Tousuit apre fineray la, Jane te ale nan rivyè a avèk yon ansyen nan Legliz la. Li te batize Jane pou Cyrus.

Saints [Sen yo], 1:421

Joseph k ap anseye plis Sen konsènan batèm pou mò yo.

Kèk semèn annapre, Joseph te anseye Sen yo plis toujou konsènan batèm pou mò yo. Li te di anpil moun ki te mouri te vle resevwa batèm. Yo te vle suiv Jezikri. Yo t ap tann epi yo t ap espere pou manm fanmi yo ki toujou vivan yo ta batize pou yo.

Doktrin ak Alyans 128:15–19; Saints [Sen yo], 1:423

Sen k ap batize pou mò yo.

Sen yo te kouri al nan rivyè a tousuit. Yo te batize pou moun yo te renmen yo. Hyrum Smith te batize pou Alvin. Annapre, Senyè a te anseye ke batèm pou mò yo ta dwe fèt nan tanp, yon moun ta dwe kenbe yon rejis sou chak batèm, epi gason ta dwe batize pou gason epi fi pou fi.

Doktrin ak Alyans 124:29–32; 127:5–12; 128:1–9; Saints [Sen yo], 1:424