Istwa nan Ekriti yo
Rasanbleman nan Ohio


“Rasanbleman nan Ohio,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Rasanbleman nan Ohio,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Desanm 1830–Me 1831

Rasanbleman nan Ohio

Lafwa Lucy Smith ak yon mirak

Lucy Smith ak manm fanmi k ap prepare pou deplase al Ohio.

Nan Ohio, plis moun t ap rantre nan Legliz la. Senyè a te di Joseph Smith ke Sen yo ki t ap viv nan lòt zòn ta dwe rasanble nan Ohio. Sa t apral yon vwayaj long. Men, Senyè a te pwomèt ke apre yo te rasanble, Li t ap anseye Sen yo lwa Li epi beni yo avèk pouvwa pou yo fè travay Li a.

Doktrin ak Alyans 37; 38:32; Saints, 1:109–110

Lucy ak lòt vwayajè k ap monte sou yon bato pou al Ohio.

Manman Joseph, Lucy, ak yon gwoup apeprè 80 manm Legliz la te kite kay yo nan Nouyòk epi te deplase ale nan Ohio. Yo te pran yon bato ki ta pral mennen yo sou yon pati wout la. Apre yo te fin vwayaje pandan kèk jou, bato a te oblije kanpe. Glas epè nan dlo a te bloke wout yo.

Les Saints, 1:121–22

Glas nan pò a te bloke bato a.

Sen yo te oblije tann pou glas la te fonn. Yo te fatige, grangou, mouye, epi frèt.

Saints, 1:122

Kèk nan Sen yo te pèdi pasyans epi yo te kòmanse fè diskisyon.

Li te difisil pou yo tann. Kèk nan Sen yo te kòmanse nan diskisyon youn ak lòt.

Les Saints, 1:122

Lucy k ap di Sen yo pou yo priye Bondye pou fonn glas la nan pò a.

Lucy pa t renmen tande Sen yo diskite. Li te konnen li te bezwen di yon bagay. “Kote lafwa nou?” li te mande. Lucy te di Sen yo ke si yo ta priye Bondye, Li ta fonn glas la pou yo te kapab kontinye vwayaj yo a.

Les Saints, 1:122–23

Yon chemen k ap louvri nan glas la.

Briskeman, yo te tande yon bri tankou loraj pandan glas la t ap kase separe. Yon chemen te louvri nan glas la, jis laj ase pou bato yo a travèse.

Les Saints, 1:123

Sen yo ki rasanble pou remèsye Papa nou ki nan Syèl la.

Sen yo te sezi e yo te rekonesan. Yo te rasanble pou yo priye epi remèsye Papa nou ki nan Syèl la. Bato yo a te vwayaje san danje nan direksyon Ohio.

Les Saints, 1:123

Sen yo ki byen akeyi nan Ohio.

Lè Sen yo te rive Ohio, manm Legliz yo te akeyi yo epi yo te ede yo jwenn kote pou yo viv. Senyè a te kenbe pwomès Li pou anseye yo lwa Li yo epi ba yo pouvwa pou fè travay Li.

Doktrin ak Alyans 42; Les Saints, 1:126