“Yon Misyon pou Endyen Ameriken yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Yon misyon pou Endyen Ameriken yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Oktòb 1830–Janvye 1831
Yon misyon pou Endyen Ameriken yo
Endyen Delaware yo tande levanjil la
Tousuit apre Parley Pratt te batize, Senyè a te aple l pou l te rejwenn Oliver Cowdery ak lòt moun nan yon misyon. Li te vle pou yo te preche Endyen Ameriken yo levanjil la. Misyonè yo te vwayaje pandan plizyè semèn atravè gwo nèj pwofon. Finalman, yo te rankontre Kikthawenund, chèf Endyen Delaware yo.
Doktrin ak Alyans 28:14; 30:5–6; 32; Les Saints, 1:98, 115
Chèf la te amikal avèk misyonè yo. Li te envite zanmi l yo vin tande mesaj yo a. Oliver te di li menm ak Parley te vwayaje soti byen lwen pou yo te ka pote Liv Mòmon an ba yo. Li pale de moun ki t ap viv nan Amerik la sa gen dèzane. Bondye te vle pou yo pataje liv la pou tout moun te ka konnen Jezikri.
Les Saints, 1:115–16
Oliver te bay Kikthawenund yo kopi Liv Mòmon an. Li te rekonesan dèske Oliver ak zanmi l yo te vini soti si lwen pou yo te pataje l ak pèp li a. Li te di Oliver ak Parley ke li te vle yo retounen pou vin li Liv Mòmon an pou yo epi anseye yo plis apwopo li.
Les Saints, 1:116–17