Istwa nan Ekriti yo
Joseph ak Sidney Aprann konsènan Syèl la


“Jozèf ak Sidney Aprann konsènan syèl la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Jozèf ak Sidney Aprann konsènan syèl la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Fevriye 1832

Joseph ak Sidney Aprann konsènan Syèl la

Yon vizyon konsènan benediksyon Bondye pou pitit Li yo

Joseph Smith ak Sidney Rigdon k ap li ak diskite sou Bib la

Yon jou, Joseph Smith ak Sidney Ridgon t ap li Bib la. Yo te li konsènan sa k rive moun apre yo mouri. Jozèf ak Sidney te reflechi konsènan sa yo te li a, e yo te vle aprann plis.

Doktrin ak Alyans 76:11–18

Joseph ak Sidney ki gen yon vizyon sou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ki antoure ak zanj.

Seyè a te ba yo yon vizyon etonan. Yo te wè Pè Selès la ak Jezikri ki antoure ak zanj. Yo te tande yon vwa ki di ke Jezi se Pitit Gason Bondye. Vwa a te di ke Jezi te mouri pou nou epi apresa li te resisite—Li te retounen a lavi. Paske Li te fè sa, nou pral resisite tou.

Doktrin ak Alyans 76:19–24, 39–43

Joseph ak Sidney ki gen yon vizyon sou wayòm telès la.

Joseph ak Sidney te aprann ke apre nou fin resisite, n ap viv nan youn nan twa kote yo nan syèl la, ki rele wayòm yo. Moun ki pa aksepte levanjil Jezikri a pral ale nan wayòm telès la. Senyè a te konpare wayòm sa a ak limyè zetwal yo.

Doktrin ak Alyans 76:81–86

Joseph ak Sidney ki gen yon vizyon sou wayòm terès la.

Joseph ak Sidney te aprann tou konsènan yon wayòm ki rele wayòm terès la. Wayòm sa a se pou moun ki viv korèk men ki pa obeyi levanjil Jezikri a konplètman. Yo pa fèm nan lafwa yo nan Li. Senyè a te konpare wayòm sa a ak limyè lalin nan.

Doktrin ak Alyans 76:71–80

Joseph ak Sidney ki fè yon vizyon sou wayòm selès la.

Wayòm ki pi wo a se wayòm selès la. Moun nan wayòm sa a te fè alyans, oswa pwomès yo, avèk Bondye e yo te kenbe alyans yo. Yo te repanti epi suiv Jezikri. Yo viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezi pou tout tan epi yo vin menmjan avèk yo. Senyè a te konpare wayòm sa a ak limyè solèy la.

Doktrin ak Alyans 76:50–70

Sidney ekri konsènan vizyon an.

Senyè a te di Jozèf ak Sidney pou yo pa pataje tout sa yo te wè nan vizyon yo. Men, Li te vle yo ekri konsènan kèk nan yo epi pataje l ak lòt moun. Anpil manm Legliz yo te kontan anpil pou rakonte moun konsènan vizyon an.

Doktrin ak Alyans 76:113–119; Les Saints, 1:149–50

Moun k ap li yon resi sou vizyon an.

Gen moun ki pa t renmen vizyon an. Li te diferan de sa yo te kwè. Men, pifò nan Sen yo te rekonesan pou yo aprann konsènan revelasyon sa a. Li te montre yo ke Papa nou ki nan Syèl la renmen pitit Li yo epi te kreye yon fason pou yo retounen jwenn Li.

Les Saints, 1:149–50