Istwa nan Ekriti yo
Jane Manning Vwayaje ale Nauvoo


“Jane Manning Vwayaje ale Nauvoo.” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Jane Manning Vwayaje ale Nauvoo.” Istwa Doktrin ak Alyans yo

1841–1843

Jane Manning Vwayaje ale Nauvoo

Mache avèk lafwa nan Senyè a

Jane Manning k ap batize.

Jane Manning ak fanmi l t ap viv nan yon plas kote kèk moun pa t renmen yo e yo te trete yo mal akozde koulè po yo. Yon jou, Jane te tande yon misyonè k ap anseye. Li te konnen mesaj li a sete laverite. Nan Dimanch apre a, li te batize.

Les Saints, 1:500–501

Jane ak fanmi li k ap kòmanse vwayaj yo pou al Nauvoo.

Fanmi Jane te antre nan Legliz la tou. Senyè a te vle pou Sen yo reyini ansanm nan Nauvoo. Jane te renmen Senyè a. Limenm ak fanmi l te vle viv avèk lòt Sen yo. Konsa, yo te kòmanse vwayaj yo pou al Nauvoo.

Doktrin ak Alyans 124:25; Les Saints, 1:501

Yo te refize Jane ak fanmi li vwayaje sou bato a.

Pou yon pati nan trajè yo a, yo te vwayaje nan bato. Pifò moun sou bato a te gen dwa peye pou trajè a nan fen vwayaj la. Men, kèk mesye te di fanmi Jane ke li te oblije peye nan kòmansman vwayaj la. Yo pa t gen ase lajan. Mesye yo te fè yo desann bato a, epi bato a te ale san yo.

Les Saints, 1:501

Jane ak fanmi l k ap mache ale Nauvoo.

Fanmi Jane te oblije kontinye vwayaje sou 800 miles oswa 1.300 kilomèt. Yo te oblije travèse yon gwo rivyè fon ki pa t gen yon pon. Yo te oblije dòmi deyò. Tanperati a te souvan frèt anpil. Men, fanmi Jane te detèmine pou yo te rive Nauvoo. Yo te ankouraje youn lòt nan chante pandan yo t ap mache.

Les Saints, 1:501, 505–6

Jane k ap pran swen yon manm fanmi.

Jane ak fanmi l te mache epi mache jiskaske soulye yo te dechire epi pye yo te blese. Men, lè yo te priye Bondye pou èd, Li te geri pye yo.

Les Saints, 1:505

Jane ak fanmi l k ap ede yon timoun ki malad.

Yo te ede moun yo te rankontre nan vwayaj yo a. Yo te menm ede geri yon timoun malad gras ak lafwa yo.

Les Saints, 1:505–6

Emma ak Joseph k ap akeyi Jane lakay yo.

Finalman, Jane ak fanmi l te rive Nauvoo! Yo te fatige epi yo te bezwen yon kote pou yo te rete. Konsa, yo te ale lakay Emma ak Joseph. Lè Joseph te tande tout sa yo te pase, li te di Jane: “Ke Bondye beni ou. Ou nan mitan zanmi kounyea.” Joseph ak Emma te envite Jane pou l te vin viv avèk yo.

Les Saints, 1:506