Istwa nan Ekriti yo
Elijah Able


“Elijah Able,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Elijah Able,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

1838

Elijah Able

Yon misyon lafwa ak kouraj

Eliyah Able k ap batize Eunice Franklin.

Senyè a te aple yon mesye ki te rele Elijah Able pou l vin yon misyonè. Elijah te anseye Eunice ak Charles Franklin sou levanjil Jezikri a. Li te pale yo de Liv Mòmon an ak Pwofèt Joseph Smith. Eunice ak Charles te kwè sa li te anseye e te vle antre nan Legliz la. Elijah te batize yo.

Les Saints, 1:316

Elijah k ap fè yon rèv.

Elijah te ale pou l pataje levanjil la nan yon lòt vil. Yon jou swa, kèk mwa annapre, li te fè yon rèv konsènan zanmi l Eunice. Nan rèv la, Eunice pa t sèten ankò ke Liv Mòmon an te vrè oubyen ke joseph Smith sete yon pwofèt. Lè Elijah te leve, li te retounen tousuit pou l te tcheke sou Eunice.

Doktrin ak Alyans 75:27; Les Saints, 1:315–16

Elijah k ap pale avèk Eunice.

Eunice te sezi wè Elijah devan pòt li! Rèv Elijah a te gen rezon: Eunice pa t kwè ni nan Liv Mòmon an ni nan Joseph Smith ankò.

Les Saints, 1:317

Elijah k ap preche nan yon lekòl.

Elijah te mande Eunice pou l vin tande l k ap preche nan yon lekòl. Pandan li t ap tande pawòl Elijah yo, li te santi Sentespri a ankò. Li te konnen levanjil la se te vre!

Les Saints, 1:317

Elijah k ap pale ak moun ki andeyò lekòl la.

Elijah te pwomèt Eunice li t ap retounen nan de semèn pou l preche ankò. Men, gen kèk moun nan vil la ki pa t vle l tounen ankò. Apre Elijah te fin ale, yo te kòmanse di tout moun ke Elijah te touye moun. Yo te ofri yon rekonpans pou nenpòt moun ki te jwenn ni.

Les Saints, 1:318

Eunice k ap diskite avèk moun nan vil la.

Eunice te konnen ke pèp la t ap bay manti sou Elijah. Li pa t touye pèsonn. Li te yon bon moun e yon sèvitè Bondye. Li te konnen manti yo pa t ap anpeche Elijah vin nan vil yo pou l preche. Eunice te di moun yo ke Elijah t ap retounen. “Bondye ap pwoteje li,” li te di.

Les Saints, 1:318

Elijah k ap retounen nan lekòl la.

Elijah te retounen. Li te vini nan menm lekòl kote l te preche avan an. Li te entoure avèk moun ki te vle pou yo te arete l yo. Elijah te kanpe devan foul la. Li te di si yo te vle arete l, yo ta dwe fè sa kounyea, anvan l te kòmanse anseye. Si se pa sa, yo ta dwe kite l anseye.

Les Saints, 1:318

Moun ki fokis sou Elijah pandan l ap anseye.

Okenn moun pa t bouje. Elijah te tann, men foul la te chita an silans. Elijah te chante yon kantik, li te fè yon priyè, epi l te anseye levanjil Jezikri a. Pouvwa Bondye te avèk li. Apre l te fin anseye, li te pale avèk zanmi l yo, Eunice ak Charles, epi li te kontinye misyon l la anpè.

Les Saints, 1:319