“Rèv Desideria a,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Rèv Desideria a,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
1880–1886
Rèv Desideria a
Dirije pa Senyè a nan Meksik
Desideria Yáñez te viv nan Nopala, Meksik. Yon jou swa, Desideria te fè yon rèv konsènan yon ti liv yo t ap fè nan vil Meksiko. Li te rele Voz de amonestación, oswa Vwa Avètisman. Lè Desideria te leve, li te konnen ke l te dwe jwenn liv sa a.
Saints, 24:477
Men vil Meksiko te lwen, epi Desideria te twò granmoun pou l te fè yon vwayaj long konsa. Li te santi Senyè a te vle l jwenn liv sa a. Se sa k fè li te pale pitit gason l lan, Jose, konsènan rèv la. Jose te kwè ke liv la te enpòtan tou. Li te di manman l ke li t ap pral chèche l pou li.
Saints, 2:478
Lè José te rive nan vil Meksiko, lari yo te okipe anpil, anpil bri, epi plen moun. Kijan l t apral jwenn liv la nan yon kote plen moun konsa?
Saints, 2:478
Apre kèlke jou, José te rankontre yon misyonè ki te rele James Stewart. James te di ke l tap travay sou enprime yon liv ki rele Vwa Avètisman.
Saints, 2:478
José te eksite anpil! Li te pale avèk James sou rèv manman l lan. James te eksplike ke misyonè yo t ap itilize Vwa Avètisman pou yo te anseye moun konsènan Jezikri ak yon nouvo liv ekriti, Liv Mòmon an.
Saints, 2:478
Vwa Avètisman an potko fini, epi Liv Mòmon an p at tradui an espanyòl. Men, James te bay José lòt liv ak papye pou te ede limenm ak manman l aprann sou Jezikri, Liv Mòmon an, ak Legliz retabli a.
Doktrin ak Alyans 90:11; Saints, 2:478–79
José te kouri retounen lakay li al jwenn manman l. Yo te etidye levanjil la ansanm, epi yo te konnen ke se te verite. Desideri te mande pou misyonè yo vin batize l.
Saintso, 2:479
Desideria sete youn nan premye fi ki te batize nan peyi Meksik. José ak pitit fi l la te batize tou.
Saints, 2:479
Lè Vwa Avètisman an te fini, José te chèche jwenn 10 kopi pou manman l pataje avèk lòt moun nan Nopala. Plizyè ane apre, lè Liv Mòmon an te finalman enprime an Espanyòl, Desideria sete premye moun nan peyi Meksik ki te resevwa yon kopi. Li te konnen Senyè a te gide l al nan Legliz retabli L la.
Doktrin ak Alyans 88:81; Saints, 2:479