“Pwoblèm nan Missouri,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Pwoblèm nan Missouri,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Jiyè 1831–Jiyè 1833
Pwoblèm nan Missouri
Kenbe lafwa solid nan tan danjere
Anpil Sen te vin viv nan Independence, Misouri. Senyè a te vle yo bati vil Siyon an la a. Men Sen yo ak moun ki te deja ap viv nan Independence yo pa t kapab antann yo Yo pa t dakò sou anpil bagay. Gen moun nan vil la ki te fache epi ki te vle fè Sen yo ale.
Doktrin ak Alyans 57:1–3; Les Saints, 1:171–74
Edward Partridge sete evèk nan Independence. Li te vini nan yon reyinyon avèk lidè yo nan vil la. Yo te di Sen yo te dwe kite Independence. Evèk Partridge te konnen ke Bondye te vle Sen yo bati Siyon nan Independence. Li te di ke Sen yo pat kapab ale.
Les Saints, 1:176
Gason ankòlè te kòmanse kraze kay ak bilding ke Sen yo te bati.
Les Saints, 1:177–78, 182
Mesye yo te fòse Evèk Partridge ak yon lòt gason ki rele Charles Allen kite kay yo. Yo te trennen de mesye yo ale nan sant vil la.
Les Saints, 1:179
Evèk Partridge te di, “Si m dwe soufri pou relijyon mwen, sa pa anyen anplis pase sa lòt moun te sibi avan mwen.” Mesye yo te pouse Evèk Partridge ak Charles atè a. Yo te mete goudwon cho ak plim poul sou tout kò yo.
Les Saints, 1:179–80
William McLellin, yon manm Legliz la nan Endepandans, te tande pale de sa moun ki fache yo t ap fè. Li te pè e li te kouri antre nan bwa yo pou l kache.
Les Saints, 1:182
William t ap mande tèt li ki sa k t apral rive si mesye fache sa yo jwenn ni. Èske l t ap toujou di Liv Mòmon an se laverite, menmsi yo te eseye touye l pou sa?
Les Saints, 1:182–83
Zanmi William, Oliver Cowdery ak David Whitmer, te jwenn li nan bwa yo. William te konnen Oliver ak David te kwè nan Liv Mòmon an. Yon zanj te montre yo plak lò yo. “Di m,” William te mande yo: “èske Liv Mòmon sa a vre?”
Les Saints, 1:183
Oliver ak David te di William ke Liv Mòmon an te vrè. Yo te di menmsi mesye yo fache yo te eseye touye yo, yo pa t ap janm sispann pataje temwayaj yo ak moun yo. “Mwen kwè ou,” William te di.
Doktrin ak Alyans 17:3–6; Les Saints, 1:183