Istwa nan Ekriti yo
Samuel Smith Pataje Liv Mòmon an


“Samuel Smith pataje Liv Mòmon an,” Istwa Doktrin ak Alyans (2024)

“Samuel Smith pataje Liv Mòmon an,” Istwa Doktrin ak Alyans

1830–1832

Samuel Smith Pataje Liv Mòmon an

Yon liv beni anpil lavi

Samuel Smith ki ap pataje Liv Mòmon an avèk Jan ak Rhoda Greene.

Senyè a te aple Samuel Smith, ti frè Joseph la, nan yon misyon pou l t al pataje levanjil la. Samuel te rankontre John ak Rhoda Greene epi li te pale yo de Liv Mòmon an. John te yon predikatè nan yon lòt legliz. Li te di ke li t ap pran yon kopi liv la pou l te wè si yon moun nan legliz li a te vle li l.

Les Saints, 1:99

Rhoda ki ap retounenLiv Mòmon an bay Samyèl.

Apre kèk mwa, Samyèl te retounen. Rhoda te di ke mari li pat kapab jwenn okenn moun ki te vle li Liv Mòmon an. Li te remèt Samyèl li.

Sen, 1:99

Rhoda ki ap di Samyèl ke li renmen li Liv Mòmon an.

Samyèl te tris. Li te vire ale, men Rhoda te stope li Li te di ke li te li Liv Mòmon an, e li te renmen li.

Les Saints, 1:99

Samyèl ki ap tounen Liv Mòmon bay Rhoda epi envite li pou l mande Bondye pou yon temwayaj.

Sentespri a te di Samyèl pou l te retounen liv la bay Rhoda. “Mande Bondye pou ba ou yon temwayaj,” Samuel te di li. Li te anseye Rhoda sou Sentespri a ak kijan li t ap konnen Ke Liv Mòmon an vrè.

Mowoni 10:3–5; Les Saints, 1:99–100

Samyèl ki ap retounen lakay li soti nan misyon l lan.

Samyèl te retounen lakay li soti nan misyon l lan. Li pa t batize pèsonn, e se sèlman kèk grenn moun ki te enterese nan Liv Mòmon an.

Rhoda ki ap pataje Liv Mòmon an avèk frè li, Brigham Young.

Rhoda ak John te priye, epi Sentespri a te di yo ke Liv Mòmon an vrè. Apre sa, Rhoda te pataje liv la avèk frè l la, Brigham Young.

Les Saints, 1:100

Brigham Young ak Heber Kimball ki ap li Liv Mòmon an.

Brigham ak zanmi l lan, Heber Kimball, t ap chèche vrè Legliz Jezi a. Yo te li Liv Mòmon an. Yo te etidye l epi yo te priye konsènan levanjil Jezikri a pandan prèske dezan.

Brigham ki ap koute yon misyonè pataje temwayaj li.

Pandan tan sa a, Brigham ak Heber te ale nan reyinyon Legliz yo avèk fanmi yo. Nan youn nan reyinyon sa yo, Brigham te tande yon misyonè pataje temwayaj li. Misyonè a pa t yon gwo oratè, men Brigham te santi Sentespri a pandan l t ap pale a. Brigham te konnen ke li t ap di laverite.

Brigham ak Heber ki ap pataje levanjil la.

Brigham, Heber ak madanm yo, Miriam ak Vilate, te batize. Yo te renmen Sovè a ak levanjil Li a. Plizyè ane apre, Senyè a te aple Brigham ak Heber pou yo te vin Apot Li epi sèvi misyon. Paske Samyèl te pataje Liv Mòmon an, anpil moun te antre nan Legliz Sovè a.

Doktrin ak Alyans 124:127–29; 126; Les Saints, 1:215–16