Istwa nan Ekriti yo
Fanmi Jackson


“Fanmi Jackson,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)

“Fanmi Jackson,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Me–Novanm 1856

Fanmi Jackson

Yon vwayaj lafwa ak yon sekou

Fanmi Jackson ki ap anbake nan yon bato nan Liverpool, Angletè.

Aprè premye gwoup Sen yo te ale nan Vale Salt Lake la, plizyè milye lòt Sen te ale tou. Yo te vwayaje soti byen lwen, epi Senyè a te ede yo. Youn nan fanmi ki te fè vwayaj la sete fanmi Jackson. Yo te kite kay yo nan peyi Angletè epi yo te kontan anpil pou yo t al ede Sen yo bati Siyon.

Doktrin ak Alyans 136:1–11; Saints, 2:222–23

Jackson yo k ap vwayaje pa bato.

Jackson yo te travèse lanmè a sou yon bato. Apresa yo te pran yon tren yon pati nan wout la pou ale nan Valley Salt Lake la. Yo t ap oblije mache tout rès wout la.

Saints, 2:222–23

Jackson yo k ap chaje charyo yo.

Yo te fè yon ti charyo abra pou yo te pote manje yo, rad yo ak lòt bagay yo te vle pote. Anpil Sen te rive an sekirite nan vale a nan fason sa a.

Saints, 2:223–26

Jackson yo k ap vwayaje al nan lwès avèk charyo abra yo.

Elizabeth ak Aaron Jackson te rale charyo lou yo a. Pitit yo, Mat, Mari ak Aaron Jr., te mache. Travay la te rèd. Yo te espere rive nan vale a anvan sezon ivè a. Men, lè sezon otòn te rive, yo te toujou gen anpil wout pou yo te fè. Li te kòmanse fè frèt, epi manje yo tapral fini.

Saints, 2:223–26, 229, 231–32

Brigham Young mande Sen nan Salt Lake yo pou yo al ede Sen ki ap vwayaje pou vin nan lwès yo.

Nan Vil Salt Lake City, Brigham Young te jwenn enfòmasyon konsènan Sen yo ki t ap vini nan vale a. Li te enkyete pou yo. Nan demen, nan legliz la, li te di tout moun ke Sen sa yo te nan pwoblèm. Li te mande yo pou yo te ranpli yon charyo avèk bagay Sen yo t ap bezwen. “Ale epi mennen moun sa yo vini,” li te di.

Saints, 2:229–30

Sen nan Salt Lake k ap rasanble bagay pou ede Sen k ap vwayaje vini nan lwès yo.

Medam yo nan reyinyon an te retire chosèt cho yo epi yo te mete yo nan charyo yo. Gen lòt ki te bay manje, dra, soulye ak rad yo. De jou apre, plis pase 50 gason ak 20 charyo te kite vale a pou yo t al ede.

Saints, 2:230

Aaron Jackson ak lòt Sen yo k ap travèse rivyè North Platte a.

Pandan fanmi Jackson t ap kontinye mache, nèj la te kòmanse tonbe. Aaron te vin malad anpil. Li te difisil pou l te mache. Sen yo te oblije travèse yon rivyè ki te friz, epi sa te fè Aaron vin menm pi fèb toujou. Jou swa sa a, Aaron te mouri. Tristeman, fanmi l t ap oblije kontinye san li.

Saints, 2:232–34

Jakson yo ak lòt Sen k ap rale charyo yo nan nèj la.

Nan demen maten, plis nèj te atè a. Jackson yo ak lòt Sen yo te pouse ak rale charyo yo nan nèj la. Yo te priye chak jou pou Bondye te ede yo.

Doktrin ak Alyans136:29; Saints, 2:234–35

Elizabeth Jackson k ap reve mari li.

Yon jou swa, Elizabeth t ap enkyete l pou pitit li yo. Yo te grangou, epi yo te frèt. Èske yo t ap rive nan Vale Salt Lake la? Li te dòmi epi li te reve ke li te wè Aaron. Li te di: “Fè kè w kontan, Elizabeth.” Li te di l ke èd t ap vini.

Saints, 2:235–36

Moun yo k ap rive pou ede Sen yo.

Aaron te gen rezon. Yon ti tan apre, mesye ki soti Salt Lake yo te rive avèk charyo yo. Yo te bay Sen yo manje ak rad. Sen yo te kontan epi yo te ri epi anbrase mesye yo. Yo te chante yon kantik epi yo te remèsye Papa nou ki nan Syèl la paske L te reponn priyè yo.

Doktrin ak Alyans 136:28; Saints, 2:236

Sen ki t ap vwayaje yo te finalman rive nan Vale Salt Lake la.

Lè yo te finalman rive nan vale a, li te Dimanch. Brigham Young te di manm Legliz yo nan Salt Lake City ke olye pou yo t ale legliz, yo ta dwe akeyi Sen ki te rive yo. Yo te akeyi Sen yo ki te frèt e fatige epi yo te envite yo pou yo te rete lakay yo.

Saints, 2:239–40