“Lucy Morley ak Fanmi li,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2024)
“Lucy Morley ak Fanmi li,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans
Novanm 1830
Lucy Morley ak Fanmi li
Anpil moun kwè epi yo batize
Yon jou, Lucy Morley ki te gen 15 zan t ap ede vwazen l lan, Abigail Daniels, fè twal. Pandan yo t ap travay, yo te tande yon moun frape pòt la. Sete twa misyonè. Abigayil te envite yo rantre. Yo te di ke Jezikri te voye yo pou yo te pataje yon mesaj.
Les Saints, 1:102–3
Mesye yo te di Abigail ak Lucy ke Jezi te rele Joseph Smith pou l te yon pwofèt. Yo te pale de Liv Mòmon an avèk yo tou.
Les Saints, 1:103
Lucy te etone anpil lè l te wè Abigail te vin fache. Li te fè misyonè yo kite lakay li.
Les Saints, 1:103
Lucy te konnen misyonè sa yo sete sèvitè Bondye. Li te di yo pou yo te al vizite fanmi l ki te pi ba sou wout la. “Papa m ap viv yon kilomèt de isit la,” li te di. “Ale la epi n ap jwenn manje epi y ap pran swen nou.”
Les Saints, 1:103–4
Lucy te gen rezon. Misyonè yo te jwenn yon bon repa nan fèm fanmi Morley a. Paran Lucy sete zanmi Sidney Rigdon. Yo te kwè Jezi te vle pou yo pataje tout sa yo te genyen avèk lòt moun. Yo te envite misyonè yo pou yo te anseye yomenm ak zanmi yo.
Les Saints, 1:104
Jou swa sa a, anviwon minui, 17 moun te batize. Nan kèk jou ki te vin apre yo, 50 moun anplis te vin nan fèm Morley a pou yo te tande misyonè yo, epi yo te mande yo pou yo te batize. Menm zanmi Lucy Abigail Daniels la te chanje lide l konsènan misyonè yo. Li menm ak mari l te deside antre nan Legliz la.
Les Saints, 1:105; Doktrin ak Alyans 20:25, 37