“Sosyete Sekou,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Sosyete Sekou,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Mas 1842
Sosyete Sekou
Fi nan Nauvoo yo sèvi Senyè a
Margaret Cook t ap viv nan Nauvoo. Li te travay pou Sara Kimball, ap ede l koud. Pandan l t ap travay, yo te renmen pale konsènan nouvo tanp lan ki t ap bati nan Nauvoo a. Yo te kontan anpil pou tanp lan.
Saints [Sen yo], 1:447
Yon jou, Margaret te remake ke anpil nan mesye yo ki t ap bati tanp lan te gen rad ansyen ak ize sou yo. Li t ap mande tèt li si li menm ak Sara te ka travay ansanm pou yo te koud nouvo chemiz pou mesye yo. Sara te renmen ide a. Li menm ak Margaret te pale avèk lòt fi yo konsènan fòme yon gwoup pou ede travayè yo.
Saints [Sen yo], 1:447–48
Pwofèt Joseph te di Senyè a te kontan avèk ide yo a, epi Li te gen yon bagay ki te menm pi bon pou yo. Joseph te envite medàm yo pou yo te rankontre avèk li jou 17 Mas 1842. Avèk itilizasyon otorite prètriz la, li te òganize fi yo nan Legliz la. Yo te deside rele gwoup yo a Sosyete Sekou nan Nauvoo.
Saints [Sen yo], 1:448, 450–51
Joseph te mande Sosyete Sekou a pou yo ede moun yo pare pou benediksyon tanp ak lavi etènèl yo. Yo ta dwe egzanp nan suiv Jezi.
Saints [Sen yo], 1:451
Joseph te di tou ke Sosyete Sekou a ta dwe chèche moun ki pòv pou ede yo. Menm medam ki te pòv yo te vle ede moun ki te nan bezwen.
Saints [Sen yo], 1:449
Sosyete Sekou te òganize. Emma Smith te aple kòm prezidant. Li te aple de konseye, Sarah Cleveland ak Ann Whitney. Li te aple yon sekretè tou, Eliza R. Snow.
Saints [Sen yo], 1:450
Senyè a te ede Emma ranpli apèl li. Emma te anseye medam yo ke yo te kapab fè gwo bagay nan sèvis Senyè a. Li te vle pou chak nan yo chèche fason pou yo te fè sa ki byen. Li te di yo, sa k pi enpòtan, sete pou yo te renmen lòt moun jan Jezi te fè l. Anpil fi nan Nauvoo te antre nan Sosyete Sekou a.
Doktrin ak Alyans 25:3, 7; Saints [Sen yo], 1:451
Yo te ede moun yo prepare yo pou benediksyon tanp yo epi yo te ede anpil fanmi ki te nan bezwen nan Nauvoo. Depi lèsa a, fi yo nan tout mond lan ap antre nan Sosyete Sekou. Yo kontinye sèvi moun epi ede yo resevwa benediksyon tanp yo.
Saints [Sen yo], 1:451