Rete Angaje Devan Ofans, Blesi, oubyen Eprèv: Eme Martin
Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm
Dimanch 8 Mas, 2026
Mwen aprann nan ti lavi m mwen dwe kite Senyè a dirije m, mache bò kote m, pou kite L gide m. Sitou lè moman yo difisil, pou m kite L vin ankraj mwen, fòs mwen. Sa pa toujou fasil. Pafwa kè nou vle rete andisi. Nou santi nou gen tout dwa lè moun blese nou. Men pi bon fason pou nou avanse se pou nou fidèlman kite Li renmen nou.
Mwen sonje yon epòk kote, nan sèvis nan wayòm nan, mwen t ap fè efò pou m vin pi bon vèsyon de mwen menm, men moun pa t byen resevwa sa. Epi non sèlman yo pa t byen resevwa l, men sa te fè—mwen t ap sibi anpil move jijman ak move tretman nan pwen kote sa te fè m reyèlman reflechi, “Èske m dwe kontinye sèvi? Èske sa se yon espas ak yon plas pou mwen? Mwen te vrèman santi m te rive nan dènye limit espirityèl mwen, e mwen te oblije pran yon desizyon. Èske m dwe kite Senyè a renmen m, oubyen èske mwen jwenn konsolasyon nan lòt sous?
Epi avèk meditasyon, mwen te reyalize ke m te bezwen e m te vle Senyè a nan lavi mwen ak benediksyon ki mache avèk Li yo plis pase ke m pa t bezwen yo. Ke mwen te vle benediksyon sentsèn chak semèn nan ak renouvèlman li pote pou nanm mwen an. Kapasite pou m jwenn aksè nan tanp lan ak alyans nou fè ladan l yo. Epi konsa, pandan m te fokis sou sa, sa te ede m padone. Sa te ede m gade pi lwen pase enpèfeksyon move tretman yo epi rekonèt ke mwen te la pou yon pi gwo rezon. Ke mwen te la pou m te resevwa benediksyon e, mwen espere, pou m yon benediksyon pou lòt moun. Pou m pa kite sa tounen yon obstak men yon premye pa nan lafwa mwen. Epi konsa, pandan m t ap priye epi konte sou Senyè a, mwen te jwenn fòs pou m kite bagay yo ale—pou m te lage doulè a, pou m pa t nouri oubyen kenbe rayiman ki t ap eseye wonje lespri m nan, men pou m te kite Senyè a sove m epi ban m fòs pou m avanse fidèlman.
Sè m yo, nou pa enkoni. Senyè a konnen nou, e Li sousye de nou. Li konnen non nou, Li konn kè nou, Li konn lajwa nou, epi Li vle renmen nou. Li vle nou kite Li antre. Li okouran de fado n ap pote yo. Li renmen nou epi Li vle nou santi lanmou sa a nan men Li. Se yon vwazen, se yon sè, se yon zanmi ki ofri benediksyon sekou ak sipò sa a. Kite yo antre. Kite yo antoure nou nan bra lanmou yo atravè sèvis yo.