Soulajman nan Jezikri
Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Fi Mondyal
Dimanch 8 Mas, 2026
Byenveni, chè sè m yo, nan selebrasyon etablisman ak travay Sosyete Sekou sa a.
Gran tablo sa a, pa Michael Malm, dekri fi ak gason, timoun ak jèn moun—divès ras, orijin etnik, ak epòk—k ap vin jwenn Sovè nou an, Jezikri. Sa a se travay Sosyete Sekou a: ranfòse relasyon nou avèk Jezikri epi prepare pou retou nou nan prezans paran selès nou yo.
Ou se sè nou. E nou se sè w.
Nan kòmansman devosyon sa a, yo te prezante w Konsèy Konsiltatif Jeneral Sosyete Sekou a. Yo te aple epi mete apa pou avize ak chita an konsèy avèk nou nan dirije sè Sosyete Sekou yo. Menm jan avèk ou, yo se fi ki gen anpil lafwa—espesyalman lè y ap fè fas ak konpleksite ak difikilte lavi mòtèl sa a. Ane sa a, ou gen opòtinite pou w kite yo enspire w nan videyo diskisyon ki pibliye avèk emisyon sa a.
Toupatou atravè mond lan, gen plis pase uit milyon fi ki fè pati Sosyete Sekou. Lè nou bay epi resevwa soulajman, ni tanporèl ni espirityèl, nou pwoche pi pre Jezikri epi nou vin pi sanble avèk Li.
Nou priye pou Lespri a prezan avèk ou pandan w ap koute mesaj nou yo. Nou te prepare yo avèk ou nan lespri nou. Epi apresa, nou pral gen privilèj pou nou tande Èldè Quentin L. Cook, yon manm Kolèm Douz Apot yo. Nou renmen nou, chè fi yo nan levanjil Jezikri a. Nou se sè nou.