Sakrifis Jezikri a Sete epi liSe pou Ou
Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Fi Mondyal
Dimanch, 8 Mas, 2026
Chè sè m yo, mwen toujou rekonesan pou m avèk nou. Kit se an-pèsòn oswa an espri, fidelite nou ak bonte nou touche m e enspire mwen. Benediksyon pou nou pakse nou pote lanmou ak sekou Sovè a bay moun ki antoure nou yo. Nou renmen nou, epi nou priye pou nou.
Sa gen kèk ane, mwen te vizite yon klas gadri. Dirijan Gadri a pa t la jou sa a, epi mwen te reyalize ke pa t gen yon leson ki te prepare. Mwen te gade nan plaka a epi m te jwenn yon liv leson epi m te chwazi yon leson sou lanmou Bondye. Li te gen yon foto timoun toupatou nan mond lan pou reprezante lanmou Bondye pou chak moun. Mwen te mande ti klas gadri a kòman lanmou Bondye ka rive jwenn yo tout. Youn nan ti gason plen enèji yo ki rele Charlie te leve men l epi li te eksklame, ”Lanmou Bondye GWO!“ Sa tèlman vrè, Charlie. Lanmou Bondye anfèt ”gwo.“ Lanmou Li “rive kote [nou] ye a” epi li konstan pou chak pitit Li. Pèsonn moun pa fè eksepsyon pou lanmou Li. Jan Apot Pòl te anseye:
”Paske […] ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita,
”Ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.“
Gwo lanmou Bondye manifeste atravè kado mizerikòd Pitit Li a, Jezikri. Alyans nou yo konekte nou avèk Li ak pouvwa Ekspyatwa Li a. Gras a Limenm, nou kapab repanti epi chanje. Gras a Limenm, nou kapab resevwa fòs ak kapasite ki depase pwòp pa nou. Gras a Limenm, nou kapab jwenn lapè ak asirans divin ke "tout bagay pral vin jis."
Jezikri te vini pou L ede nou soulaje fado nou yo epi pote sa nou pa kapab ak sa ki pa t fèt pou nou pote poukont nou. Kite m pataje yon egzanp pèsonèl.
Sa gen kèk tan, mwen te twouve m nan yon sikonstans difisil ki te fè m santi m debousole epi san valè. Sitiyasyon an te kòmanse domine panse mwen ak enèji mwen. Mwen t ap mande poukisa li te deranje m konsa. Mwen te eseye montre m itil, janti, ak klè, men pa t gen anyen ki te sanble chanje. Mwen te santi m kwense epi mwen te dezespereman anvi jwenn soulajman ak lapè.
Nan mitan toumant mwen an, mwen te mete m ajenou bò kabann mwen yon aswè epi m te kòmanse priye Papa m ki nan Syèl la. Mwen jis pa t kapab kontinye konsa ankò. Mwen te pete kriye epi m te di, ”Mwen pa kapab pote bagay sa a ankò, li twòp, bagay sa a dwe se pou Ou. Èske W ka pran l, tanpri? Mwen ba ou sa a. Tanpri, ede m.’" Mwen te mande èd atravè mizèrikòd Pitit Gason Li a. Mwen te sonje nan moman sa a ke Jezikri te soufri pou mwen epi pote chagren mwen yo, epi atravè Li, fado sa ta ka soulaje. Mwen te santi yon espwa toudenkou, menmjan ak eksperyans Alma, pitit la, ki, lè l te sonje pouvwa Ekspyasyon Sovè a, te di, "Pandan panse m te sou bagay sa a, m te kriye nan kè m: O Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizerikòd pou mwen, ki andedan fyèl anmè a."
Nan demen, yon lapè te kòmanse ranplase loudè a. Yon lapè ki te vrèman depase konpreyansyon mwen. Yon lapè ke sitiyasyon sa a te nan men Papa a ak Pitit Gason an epi se pa t mwen ki ta pral pote l. Pandan m te chwazi konfye Yo fado m nan, mwen te santi lanmou ak soulajman Yo epi mwen te jwenn gidans pou m te vin konnen kijan pou m te jwenn sipò m te bezwen an.
Yon pi gwo pèspektiv te antre nan kè m ak nan lespri m tou nan jou ak semèn ki te vini apre yo. Mwen pa t reyalize ke yon pèspektiv ki pi pwòch de fason Bondye wè a ta ka vin yon kado si puisan pou simonte eprèv nou fè fas yo. Sa te ede m mete sitiyasyon sa a nan plas apwopriye li. Li te vin jan Senyè a te dekri “menm [yon] bagay ki pipiti” konpare ak “bagay ki gen plis enpòtans yo.”
Sikonstans difisil la pa t efase, men li pa t aflije m nan menm jan li te fè l anvan an, epi sitiyasyon an pa t monopolize panse m yo ankò. Se te vrèman yon mirak. Se sèlman Limenm ki te kapab fè kalite fado ki toumante nanm sa a vin ”lejè.“
Pandan m t ap resevwa soulajman sa a, mwen te li ekriti pwofèt Zenòs sa a, ki dekri eksperyans mwen an: "Epi ou te tande m poutèt afliksyon m yo ak senserite m ; epi poutèt Pitit Gason ou a ke ou te gen mizerikòd pou mwen, se poutèt sa m ap kriye nan pye ou nan tout afliksyon m yo paske, se nan ou jwa m ye; paske ou te detounen jijman ou sou mwen, poutèt Pitit Gason w lan.”
Sè m yo, an nou chwazi kwè nan Jezikri epi mande èd nou bezwen an atravè pouvwa Ekspyasyon Li a. Pa moman, nou ka twouve nou nan yon mòd "otomatik" kote nou jeneralman kwè ke Bondye pral ede nou, men nou pa delibereman mande Li nan lafwa, pandan n ap chwazi kwè ke Li reyèlman kapab epi L ap ede nou. Mwen panse Papa nou ki nan Syèl la espere ke oumenm avèk mwen menm pral mande èd nou bezwen an avèk senserite nan kè nou epi avèk lafwa ke sakrifis Jezikri a sete epi se pou OU. Ekspyasyon Li, soufrans entans Li, sete pou ou epi se pou ou. Li renmen ou epi Li vle geri ak beni ou avèk èd ou bezwen an, kounye a ak pou tout tan. Epi Li gen pouvwa pou L fè sa pandan n ap egzèse lafwa nou, viv alyans nou yo, epi chwazi kwè nan Li.
Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Atravè eksperyans ekspyatwa Li nan mòtalite, Sovè nou an kapab konsole, geri ak fòtifye tout gason ak tout fi toupatou, men mwen kwè Li fè sa sèlman pou moun ki chèche Li epi ki mande Èd Li. … Nou kalifye pou benediksyon sa a lè nou kwè nan Li epi nou priye pou èd Li."
Nou pa t fèt pou nou travèse pwoblèm ak chagren nou yo poukont nou. Nou te fèt pou nou genyen yon Sovè, Youn ki gen pouvwa, lanmou, ak soulajman diven ki pèsonèl. Li vle satisfè ak kalme nanm k ap soufri a.
Èske nou ka tande Li k ap pale avèk nou menmjan Li te pale avèk moun Alma yo nan afliksyon yo a?
"Leve tèt nou, e konsole nou paske m konnen ki alyans nou te fè avèk mwen; m ap fè alyans avèk pèp mwen an, e m ap delivre l anba esklavaj.
"Epi m ap fè chay ki sou zepòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do ou, menm lè ou nan esklavaj; e m ap fè sa, pou nou kapab sèvi m temwen apre sa, e pou nou kapab konnen toutbon, mwen menm, Senyè Bondye a, m vizite pèp mwen nan afliksyon yo.”
Tit tablo mwen te pataje nan dènye mesaj Konferans Jeneral mwen an se “Epi mwen te Bwè l”. Li soti nan pwòp pawòl Sovè a nan Doktrin ak Alyans yo pandan Li t ap dekri agoni Li nan Jetsemani an:
"Soufrans sa ki te fè, mwen menm, Bondye, pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi fè m senyen nan chak twou swè. …
“Men, laglwa pou Papa a, e mwen te bwè l epi m te fini preparasyon m yo pou pitit lèzòm.”
Sovè a te bwè l pou nou te ka repanti e pou nou vin pwòpte. Li te bwè l pou nou ka fòtifye, jwenn sekou, epi geri. Li te bwè l pou soulaje fado nou yo epi ban nou lapè. Li te bwè l pou nou te ka retounen nan prezans Papa a epi viv avèk moun nou renmen yo pou tout tan. Li te bwè l nan lanmou pou ou ak mwen.
Siyifikasyon tablo sa a chanje avèk letan paske mwen chanje. Relasyon m ak konpreyansyon m sou Sovè m nan ak sa Li te fè pou mwen vin pi pwofon.
Fason nou wè Li nan lavi nou ap chanje si nou chwazi kwè nan Li, aprann de Li, repanti, epi kite reyalite Ekspyasyon Li a rive nan tout pati nan lavi nou.
Mwen konnen Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a renmen nou. Mwen konnen Jezikri vivan; Li se Redanmtè mond lan. Ekspyasyon Li a se pou ou. Se pou nou mande nan lafwa pou sa nou bezwen epi apresa "rete trankil [pou] wè delivrans Bondye nou an", se priyè mwen. Nan non Jezikri, amèn.