Lanmou ak Limyè Bondye Konstan, Enchanjab, epi Inebranlab
Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm
Dimanch 8 Mas 2026
Chè sè mwen yo, kèlkeswa kote n ap viv nan mond lan, tanpri konnen ke nou renmen nou epi Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an renmen nou. Mwen konnen pafwa li ka difisil pou nou santi lanmou Yo. Mwen gen moman sa yo tou. Men, mwen temwaye nou ke lanmou Yo pou ou pa janm chanje. Li toujou la menm nan moman fènwa yo nan lavi nou kote li ka difisil pou nou santi sa.
Pifò nan nou renmen bèl jounen solèy, pa vre! Tout koulè lanati yo pi briyan lè solèy la klere. Nan jou fredi yo, nou renmen santi solèy la sou vizaj nou. Li ranpli nou avèk chalè ak limyè. Men aprè sa, inevitableman, gen jou nyaj, lapli, ak fènwa ki vini lè nou pa kapab wè solèy la oubyen santi chalè li epi tout koulè yo vin pal ak fennen. Nan jou nyaj oubyen tanpèt sa yo oubyen pandan fènwa lannuit, èske nou doute solèy la egziste? Èske nou pè pou solèy la pa janm klere ankò? Pa ditou! Nou konnen kou tanpèt la oubyen lannuit la fini, kou nyaj yo ale, n ap wè reyon solèy la klere ankò epi santi chalè li. Solèy la toujou la, enchanjab epi inebranlab. Li rete konstan.
Sa a se yon analoji valab pou limyè Sovè nou an ak lanmou Li pou nou. Limyè Li bay koulè ak sans pou tout bagay nan lavi nou. Lanmou Li rechofe nanm nou epi ban nou espwa pou lavni. Men, jis tankou gen jou nyaj, tanpèt, ak fènwa lè nou pa kapab wè solèy la, pandan vwayaj mòtèl nou, pral gen jou nyaj, tanpèt, ak fènwa tou lè li ka difisil pou nou santi lanmou Sovè nou an oubyen wè limyè Li. Ka gen moman lè nou santi Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an absan nan lavi nou, epi nou santi nou pè anpil ke Yo abandone nou, ke Yo pa renmen nou, epi ke nou poukont nou. Menm Joseph Smith ak Sovè a Limenm te fè eksperyans santiman ke Bondye te abandone yo.
Men, sè m yo, mwen rann nou temwayaj ke anyen pa kapab separe nou de lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri! Limyè Yo ak lanmou Yo pou nou konstan, enchanjab, epi inebranlab, menm jan ak limyè ak chalè solèy la. Nou pa bezwen pè Y ap abandone nou paske Yo p ap janm fè sa. Sa pa nan karaktè Yo pou Yo fè sa.
Mwen kapab sonje m te santi m tèlman poukont mwen lè nou te demenaje al Meksik aprè mwen menm ak mari m te marye. Pou premye fwa nan lavi m, mwen te viv lwen fwaye ak fanmi orijin mwen. Mwen pa t ko byen pale oubyen konprann lang nan, mwen te ansent premye tibebe nou an, epi mari m pa t la prèske akoz travay ak lekòl li. Mwen sonje m te santi m tèlman poukont mwen, pèdi, epi efreye. Mwen te gen pwoblèm pou m santi ke Papa m ki nan syèl la te okouran de mwen. Mwen pa t ka santi chalè ak limyè lanmou Sovè m nan. Mwen te kòmanse santi fènwa, dekourajman ak dezespwa.
Men, kèk nan sè Sosyete Sekou m yo te vin pote m sekou. Yo te pran m nan bra yo epi ede m santi ke m pa t poukont mwen. Yo te ban m ankourajman ak sipò atravè souri yo, rega janti yo, ak lanmou sensè yo, malgre mwen pa t kapab konprann pawòl yo e yo pa t kapab konprann pawòl pa m yo. Men, paske m te kapab santi yo te renmen ak aksepte m, sa te chase nyaj tenèb ke m te santi yo, epi m te kòmanse santi lanmou ak sipò Papa m ki nan Syèl la pou mwen ankò.
Sè mwen yo, nou ka fè sa youn pou lòt. Nou tout se pitit fi paran selès e nou bezwen youn lòt. Kèlkeswa kote n ap viv, kèlkeswa sikonstans pèsonèl nou, nou pa ta dwe janm santi nou poukont nou oubyen izole. Nou antoure pa sè ak frè espirityèl nou yo. Nou tout vini sou tè a nan moman sa a ansanm, epi nou youn vrèman bezwen lòt. Tantasyon pou nou youn konpare epi jije youn lòt sòti nan advèsè a. Li vle divize nou paske Li konnen gwo fòs ki pral vini lè nou santi inite, lanmou, ak sipò youn pou lòt. Nou youn kapab ede lòt santi lanmou Sovè nou an pandan n ap fè efò pou nou ini antanke pitit fi Bondye. Annou kenbe men, youn sipòte lòt epi mache ale lakay ansanm.
Mwen kwè Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an souvan voye mesaj lanmou ak sipò ban nou, men anpil fwa nou pa rekonèt mesaj sa yo paske nou gendwa p ap chèche yo. Lè m ap gade yon kolibri k ap plane deyò fenèt mwen an, admire yon bèl kouche solèy, oubyen jis remake tout bote ak mèvèy lanati, sa souvan ede m santi lanmou Yo. Lè bagay yo difisil epi mwen santi m dekouraje, pafwa mwen rekonèt mesaj lanmou ak sipò Yo atravè yon vèsè patikilye nan ekriti yo ki touche kè m pandan m ap li, oubyen akoz yon konvèsasyon enspiran avèk yon moun, oubyen yon bagay mwen santi pandan m ap koute pawòl yon bèl kantik oubyen yon chante edifyan.
Mwen renmen pawòl youn nan nouvo kantik nou yo: “His Eye Is on the Sparrow (Je Li sou Zwazo a).” Premye vèsè a di:
Poukisa pou m santi m dekouraje?
Poukisa tenèb yo vini.
Poukisa pou kè m gen solitid,
Epi anvi wè syèl ak lakay.
Si Jezi se eritaj mwen,
Li se Zanmi fidèl mwen:
Je li sou zwazo a;
E m konnen L ap veye sou mwen.
Mwen rann nou temwayaj mwen ke je Li pa sèlman sou zwazo yo men L ap veye sou chak grenn nan nou. Ou se yon pitit fi byenneme Bondye, e mwen temwaye ke Yo p ap janm bliye ou. Yo konnen w, yo renmen w, epi vwa w vrèman enpòtan, espesyalman pou Papa w ki nan Syèl la ak pou Sèl Pitit Gason L lan. Yo pèsonèlman konprann chagren w yo, dloje w yo, lapenn ou yo, ak doulè ou. Papa eman w ki nan syèl la toujou tande priyè w yo.
Vwayaj mòtèl sa a ranpli avèk pwoblèm ak difikilte, enkli pèt plizyè kalite diferan—pèt zanmi oubyen moun ou renmen, pèt sante fizik oubyen mantal, pèt finansye, e menm pèt kapasite ak konfyans. Mwen renmen sa Eldè Joseph B. Wirthlin te di konsènan pèt la: “Senyè a konpanse fidèl yo pou chak pèt. Sa yo pran nan men moun ki renmen Senyè a yo pral tounen jwenn yo nan fason pa Li. Menm si sa pa rive lè nou ta renmen an, fidèl yo ap konnen chak dlo nan je ki koule jodi a pral alafen jwenn rekonpans san fwa plis avèk kri lajwa ak rekonesans.”
Epi pwofèt Joseph Smith te di, “Y ap konpanse w tout pèt ou yo nan rezirèksyon an, si w rete fidèl.” Pa vizyon Bondye Toupuisan an, mwen wè sa.”
Mwen temwaye ke gras a Sovè nou an ak sakrifis ekspyatwa Li a, pwomès sa yo se verite. Si w rete fidèl anvè Bondye, tout pèt ou yo ap finalman konpanse, epi w ap kriye ak lajwa e rekonesans anvè Papa w ki nan syèl la pou benediksyon L yo.
Vèsè sa a ki nan liv Revelasyon an souvan ban m rekonfò epi ede m santi lanmou Bondye: “Epi Bondye ap siye tout dlo nan je yo; p ap gen lanmò ankò, ni lapenn, ni rèl, ni doulè ankò: paske ansyen bagay yo fin disparèt.” Sonje pwomès sa a tou: “Tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen L” Ala pawòl bèl ak rekonfòtan! Jezikri se limyè ak lavi mond lan, epi Li te pwomèt si nou suiv Li, nou p ap mache nan fènwa.
Mwen temwaye nou ke Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an p ap janm bliye nou, kèlkeswa moun nou ye a, kèlkeswa kote n ap viv, kèlkeswa sikonstans nou ye kounye a, e kèlkeswa pase nou. Limyè Yo ak Lanmou Yo pou ou konstan, enchanjab, epi inebranlab. Epi, lè nyaj ak tanpèt nan lavi w yo ale, wa va konnen Yo te toujou la avèk ou, menm nan jou ki pi fènwa w yo. Nan non Jezikri, amèn.