Relief Society Devotionals
Fanm Sen yo Fikse Je Yo sou Jezikri


11:39

Fanm Sen yo Fikse Je Yo sou Jezikri

Devosyon pou Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal pou Fanm yo.

Dimanch, 8 Mas 2026

Youn nan pi bèl benediksyon apèl mwen se santi yon lanmou pwofon, ki touche nanm mwen, pou nou menm, fanm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nan je lespri mwen, mwen avèk nou nan espas sakre nou yo—petèt nou reyini nan yon chapèl, oubyenanba yon tant. casitaoubyen fale oubyen apatman nou—epi nou chita jenou kont jenou pou m kapab di nou ke mwen renmen nou, me mwen sèten nou se pitit fi yon Papa Selès ki gen lanmou, epi ke mwen konvenkinou kapab fè Jezikri konfyans.

Se yon kado pou m chita avèk sè sen yo atravè lemond, ki demontre fòs, kapasite, konviksyon, ak lafwa pwofon nan Jezikri. Lanmou Bondye genyen pou fanm yo parèt nan opòtinite Li ban nou pou nou aprann youn nan men lòt, epi aprann ansanm.

Kisa mwen aprann nan tan mwen pase avèk fanm Legliz Jezikri yo—nan vizit ministè yo, nan ti rankont nan pakin, ak nan konvèsasyon nan makèt?

Mwen konnen lavi a difisil.

Ou kapab fè fas ak difikil yo avèk Jezi, oubyen ou kapab fè fas ak difikilte yo poukont ou. Sa se chwa pa w. Men, lè w fè fas ak difikilte yo avèk JeziKri, difikilte sa yo vin tounen bagay ki sen. Nou vin tounen fanm ki sen.

Mwen te rankontre yon sè nan yon pakin resaman. Li te vin jwenn mwen pou di m pitit fi li te fè yon aksidan machin kote machin nan te woule plizyè fwa, epi yo li te ospitalize. Li te konfye m ke li te deja pèdi yon pitit fi akòz kansè. Mwen te panse nouvo zanmi m nan te bezwen konsolasyon nan men mwen. Men, se pat sa li te vle ditou. Li pa t vin kote m pou l te chèche konsolasyon; li te chèche m pito pou l te eksprime temwayaj li ke zanj k ap sèvi yo t ap veye sou pitit fi li a. Li te konnen pitit fi li ki te mouri a te youn nan zanj sa yo, epi li te sèten fanmi li se pou tout tan poutèt sèlman li te resevwa nan kay Senyè a. Antanke yon pitit fi alyans Bondye, li t ap fè fas ak defi lavi yo avèk lafwa ak konfyans nan plan bonè Papa eman li a, nan pouvwa redanmtè Jezikri la, ak nan pwomès ke zanj yo gen responsablite pou veye sou li ak sou moun li renmen yo. Li te toujou gen yon pitit fi lopital. Eksperyans li nan kò mòtèl sa a te rete difisil. Men zanmi m nan te chwazi fè fas ak difikilte yo avèk Jezikri olye li te fè yo poukont li. Difikilte li yo te vin tounen yon tan sakre, yon sezon sakre.

Mwen konnen yon sè ki gen kat timoun piti li t ap leve poukont li epi ap travay pou okipe fanmi li, lè manman l te dyagnostike avèk yon kansè agresif. Li te di m ke pandan peryòd boulvèsan sa a, li te kòmanse priye plis avèk senserite epi pi souvan—menm pou l te mande èd sou kijan li t ap bay pitit li yo manje. Li te envite Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a vin ede li. Avèk konfyans nan Yo, li te prepare pou l te fè alyans nan kay Senyè a. Sante manman l t ap dekline, malgre sa, yo te vwayaje an fanmi ak zanmi pou yo t al nan tanp ki te pi pre a, kote nouvo zanmi m nan te resevwa dotasyon li yon ti tan anvan manman l te mouri. Eksperyans li nan kò mòtèl sa a rete difisil toujou, men chwazi lye tèt li ak Sovè a pa mwayen alyans, chemen ki devan l lan parèt pi fasil. Pa fasil, men pi fasil, paske li gen pi gran aksè nan pouvwa gerizon, fòtifyan Li a. Mwen te poze l kesyon sou relasyon li avèk Sovè a, yon relasyon ki te fòje nan mitan dife advèsite. Fanm sen sa a te konfye m ke li pa t ap janm kapab rive konnen epi fè Jezikri konfyans nan nivo pwofon sa a si li pa t pase nan eksperyans difisil sa yo.

Nou wè, dife rafinman an cho. Se pri sa a pou vin sen an. Yon moun k ap rafine ak pirifye ajan itilize dife pou l boule tout enpite. Men, rafinè a pa jis voye minrè a nan founo a epi li vire do l. Rafinè a siveye atantivman tanperati a ak moman pou entwodui oksijèn, nan gade kras ajan an k ap fòme sou sifas metal k ap fonn nan. Rafinè a soufle kras la jete, li kite ajan an pur, avèk sifas k ap briye epi klere—tankou yon miwa k ap reflete imaj rafinè a.

Li [an referans ak Jezikri] pral chita tankou yon rafinè epi k ap pirifye ajan. Nou se ajan presye a, ki rafine ak chwazi nan founo afliksyon an. Epi tankou ajan ki fin rafine a, enpite yo fin boule, nou vin gen yon karaktè diven, nou vin tounen fanm ki sen

Èske w pral rekonèt, aksepte, epi anbrase prezans vijilan Rafinè a lè w nan dife advèsite?

Prezidan D. Todd Christofferson te bay konsèy sa a: Nan mitan dife rafinè sa a, olye w fache avèk Bondye, pwoche pi pre Bondye. Envoke Papa a nan non Pitit Gason an. Mache avèk Yo nan Lespri a, chak jou. Pèmèt Yo, avèk letan, manifeste fidelite Yo anvè ou. Rive konnen Yo vrèman, epi vrèman konnen kiyès ou ye.”

Sa pral difisil. Ou kapab travèse difikilte yo avèk Jezi, oswa ou ka travèse yo poukont ou Lè ou chwazi travèse difikilte yo avèk Jezikri, difikilte a vin tounen yon bagay sen.

Fanm sen Hannah se yon egzanp nan ekriti yo sou prensip sa a.

Hannah te ale nan kay Senyè a, kote li te kriye anpil. Nan yon priyè enb, li te eksprime devan Bondye doulè nan nanm li ak espri atriste li paske li pa t gen pitit. Se pa t bougonnen. Se te yon onètete total li te genyen avèk Li konsènan gwo desepsyon ak gwo tristès li. Li te devèse nanm li devan Senyè a, li pa t sere anyen pou tèt li, malgre Senyè a te deja konnen jis nan ki pwen doulè li te rive.

Epi apresa, Hannah te fè yon ve—se ekspresyon volonte li pou konsakre sa Senyè a tapral ba li kòm benediksyon an nan objektif Li yo. Li te deklare avèk kouraj: "O Senyè, chèf lame yo, si w vle … si w bay sèvant ou a yon pitit gason, m ap konsakre li bay Senyè a tout jou nan lavi li."

Eli, prèt la, te di Hannah "ale ak kè poze" epi ba li asirans ke demann li pou

Senyè a pou yon pitit gason an t ap agreye. Imilite Hannah evidan nan repons li a: "Se pou sèvant ou a jwenn favè nan je ou." Epi li te ale, epi "figi li pa t tris ankò."

Rive yon lè, Bondye te beni Hannah avèk yon pitit gason, Samyèl. Yon fwa li te fin sevre l, li te onore angajman li nan mennen ti gason an nan kay Senyè a. Li te chante louwanj remèsiman pou Senyè a nan lapriyè. Li te deklare, "Kè m kontan nan Senyè a." "Pa gen pèsonn ki sen tankou Senyè a: paske pa gen lòt pase [Oumenm]; pa gen okenn wòch ki solid tankou Bondye nou an."

Epi apresa, li te kite Samyèl avèk Eli, prèt la, pou l te konsakre l nèt ale nan sèvis Bondye. Yon timoun ki te fenk sevre. Èske nou kapab imajine sa? Malgre li te beni avèk senk lòt pitit apresa, nan lè li te prete Senyè a Samyèl la, li sete sèl pitit li. Li pa t ka konnen si l t ap vin gen lòt pitit apre sa. Li pa t gen chans jwi tout bèl ti moman sa yo yon manman toujou anvi viv—gade l k ap kouri ak jwe, aprann li renmen ak pataje, oubyen kouvri l nan kabann li aswè.

Chak ane, lè li menm ak mari l te konn al nan kay Senyè a pou yo te fè sakrifis anyèl yo, li te konn pote yon ti manto tounèf li te koud pou Samyèl. Kisa li te di lè li te wè li? Kijan kè l kòm manman te santi l lè li te oblije di l orevwa yon fwa ankò?

Ekriti yo pa dekri chagren li. Men mwen imajine li.

Ou wè, Hannah te fidèl, men lavi te toujou difisil pou li.

Sè Sosyete Sekou m yo enkli anpil Hannah tan modèn yo, fanm sen, ki menm nan advèsite yo adore nan kay Senyè a, jene, devèse nanm yo bay Senyè a nan lapriyè, konsakre sa Senyè a te beni yo avè l la, respekte angajman yo te pran avèk Li, epi konfye yo nan Senyè a—nan volonte Li pou yo ak tayming Li.

N ap viv yon eksperyans mòtèl nan kò ki sijè a vyeyisman ak maladi. Nou, ak lòt moun, genyen opòtinite gloriye pou egzèse libabit nou, pou byen oswa mal. Kidonk, sa pral difisil. Ou kapab travèse difikilte yo avèk Jezikri, oubyen ou kapab fè yo poukont ou. Mwen sèten ke lè ou fè sa ki difisil avèk Jezikri, sa ki difisil vin sen—sezon sen, espas sen, fanm sen.

Resaman, mwen te tande timoun kap chante pawòl sa yo:

Mwen bezwen Jezi plis. …

Yon ti kras plis limyè

Yon ti kras plis lanmou,

Yon ti kras espwa.

Mwen bezwen Jezi plis

Sè m yo, nou bezwen Jezikri plis. Limyè Li, lanmou Li, espwa Li, ak pouvwa Li pou geri ak fòtifye nou.

Fanm sen yo fikse fokis yo sou Jezikri. Nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou fete sou pawòl Kris la, epi nou avanse pou pi devan avèk fèmte nan Kris la. Charite, ki se lanmou pur Kris la, pa janm fayi nou.

Si, paraza, ou pa santi eksperyans mòtèl ou a ap ba ou defi, konsidere konsèy sa a de Elder Neal A. Maxwell, ‘Lè, pou yon moman, se pa nou menm k ap lonje sou yon kwa patikilye, nou dwe nan pye kwa yon lòt moun—ranpli ak anpati epi ap ofri rafrechisman espirityèl

Sa se travay fanm sen yo.

Mwen rann temwayaj ke Jezikri se Redanmtè nou, epi Li se Rafinè vijilan, eman nou. Lè nou fè L konfyans nan dife afliksyon lan, moman difisil yo vin tounen sezon sen, epi nou vin tounen fanm sen. Mwen renmen nou; Mwen sèten nou se pitit fi paran selès ki renmen nou, epi mwen sèten nou kapab fè Jezikri konfyans.

Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 109:22.

  2. Antre nan yon relasyon alyans avèk Bondye mare nou avèk Li nan yon fason ki fè tout bagay nan lavi a vin pi fasil. Tanpri pa mal konprann mwen: Mwen pa t di ke fè alyans rann lavi a fasil. Anfet, atann nou pou n jwenn opozisyon, paske advèsè a pa vle nou dekouvri pouvwa Jezikri Men, mete tèt nou anba jouk la avèk Sovè a vle di nou gen aksè a fòs Li ak pouvwa redanmtè Li.” (Russel M. Nelson, "Venk Mond lan epi Jwenn Repo," Liahona, Nov. 2022, 97)

    “Tout sa yo anseye nan tanp lan, atravè enstriksyon ak atravè Lespri a, ogmante konpreyansyon nou sou Jezikri. Òdonans esansyèl Li yo mare nou avèk Li atravè alyans prètriz sakre yo. Apresa, pandan n ap respekte alyans nou yo, Li dote nou avèk pouvwa gerizon, fòtifyanLi. Epi o, ala nou pral bezwen pouvwa Li nan jou k ap vini yo. (Russell M. Nelson, “Tanp lan ak Fondasyon Espirityèl Ou,” Liahona, Nov. 2021, 93–94)

  3. Gade "Dife Rafinè ak Savon Foulon yo,Ensign, Sept. 2016, 74–75.

  4. Malachi 3:3

  5. Gade 1 Nefi 20:10.

  6. D. Todd Christofferson, "Relasyon nou avèk Bondye", Liahona, Me 2022, 79.

  7. Gade 1 Samyèl 1:7.

  8. Gade 1 Samyèl 1:10, 15 VWJ.

  9. 1 Samyèl 1:15 VWJ.

  10. 1 Samyèl 1:11 VWJ.

  11. 1 Samyèl 1:17–18 VWJ.

  12. Gade 1 Samyèl 1:20 VWJ.

  13. Gade 1 Samyèl 1:24 VWJ.

  14. 1 Samyèl 2:1 VWJ.

  15. 1 Samyèl 2:2 ESV.

  16. Gade 1 Samyèl 2:21 VWJ.

  17. Gade 1 Samyèl 2:19 VWJ.

  18. Angie Killian ak Monica Scott, "More Jesus"

  19. Russell M. Nelson, "Rezève Tan pou Senyè a," Liahona, Nov. 2021, 120.

  20. Neal A. Maxwell, "Endure It Well," Ensign, Me 1990, 34.