Relief Society Devotionals
Nou Tout Beni pa Enfliyans ak Lafwa Fi yo


11:39

Nou Tout Beni pa Enfliyans ak Lafwa Fanm yo

Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm

Dimanch 8 Mas, 2026

Chè sè m yo, mwen kontan dèske m kapab patisipe nan bèl evenman Sosyete Sekou sa a. Mwen apresye tout sa ki fin pase la yo. Mwen renmen mesaj Prezidant Camille N. Johnson, Sè J. Anette Dennis, ak Sè Kristin M. Yee te bay yo.

Mwen te beni avèk fi eksepsyonèl nan lavi mwen, e mwen etènèlman rekonesan pou enfliyans yo sou mwen. Apresyasyon m depase kapasite m pou m kominike li adekwatman. Yo te chèche ekselans nan tout aspè nan lavi yo, men te sitou mete aksan sou santi ak apresye lanmou Bondye nan lavi yo.

Madanm mwen, Mary, se yon egzanp sou sa epi li eseye viv sou "bò lari ki plen solèy la.“

Mwen santi yon gwo responsablite pou m pale avèk fi ekstraòdinè nou ye yo. Nou gen asirans lanmou ak admirasyon m pou moun nou ye ak angajman nou nan Senyè a ak Legliz Li a nan mond difisil sa a.

Chè sè m yo, tanpri pa souzestime pouvwa ak enpak enfliyans konpetan, eman ak sansib nou sou moun ki asosye avèk nou yo. Nou beni anpil moun pandan n ap fè efò pou nou viv lavi tankou Kris la.

Pa moman, nan dezi sensè nou pou suiv Jezikri ak fè byen, nou ka santi ke kèlkeswa jan nou travay di oswa sa nou fè, li pa ase. Pafwa, malgre lefèke tout lòt moun santi nou ”jis fè ase", nou petèt santi nou pa alawotè ni efikas. Men, travay ekselan n ap fè a, jantiyès nou montre, ak lanmou n ap manifeste a se benediksyon san mezi pou moun ki gen privilèj pou yo asosye avèk nou yo, e sa ase!

N ap viv nan yon epòk boulvèse. Mond lan literalman an ajitasyon. Anpil nan pwoblèm yo se nan domèn espirityèl. Yo se pwoblèm sosyal ke nou kòm moun pa kapab nesesèman rezoud men yo konsène nou malgresa. Konvenk moun pou yo chwazi sa ki jis se yon defi ki la depi lontan. Te toujou gen "opozisyon nan tout bagay.“ Diferans lan jodi a sèke nan ”gwo kay byenlaj“ sèptik yo sanble fè plis bri, plis belijeran, epi mwen toleran pase nan nenpòt lòt epòk pandan lavi mwen.

An reyalite, kalite pwoblèm sa yo te toujou egziste. Yon ane avan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te òganize, Pwofèt Joseph Smith t ap tradui Liv Mòmon an. Senyè a te revele bay Joseph ak Oliver Cowdery sa ki kounye a se seksyon 6 nan Doktrin ak Alyans yo. Li gen konsèy pou tan difisil yo.

Senyè a te rekonfòte yo, “Pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.“ Li te konseye yo tou: “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè. … Rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap eritye wayòm syèl la. Amèn.“

Lè nou tounen gade premye Sen sa yo, nou pwofondeman touche pa kalamite yo te andire ak egzanp yo te ofri pou rekonèt lanmou Bondye ak sèvis pou youn lòt.

Liy debaz oswa pwen depa pou revize lavi ak angajman nou pou levanjil Jezikri a se batèm.

Pou anpil nan nou, eksepte nouvo konvèti yo ak moun ki trè jèn yo, batèm nou te fèt depi anpil ane. Gran pwofèt Alma pale nou avèk elokans lè li deklare, "E kounye a gade, mwen di nou, … si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante chan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou ka santi sa kounye a?“

Alma kontinye avèk yon mesaj pwofon ki totalman apwopriye pou epòk pa nou an. Li esansyèlman mande Sen yo, "Si lè pou yo mouri ta rive, èske yo ta prepare pou rankontre Bondye?“ Apresa Alma te mete aksan sou kat kalite pou nou ka san repwòch devan Bondye.

Premyèman, èske nou enb ase? Nan yon sans, sa a se yon retou nan kondisyon pou batèm yo, fè prèv imilite epi gen kè brize ak lespri kontri.

Dezyèmman, eske nou debarase nou de ògèy? Pandan l t ap pale de lògèy, Alma te konseye kont pilonnen Sen an anba pye nou, ak gonfle kò nou avèk lògèy, ap mete lide nou sou bagay san valè mond lan, sou larichès, nan sipoze ke youn pi bon pase lòt, nan pèsekisyon moun ki imilye tèt yo.

Twazyèmman, èske noudebarase nou de anvi? Pou moun ki gen gwo benediksyon, men pa santi rekonesans paske yo sèlman kapab fokis sou sa lòt moun genyen, anvi kapab pi domajan. Anvi pou stil lavi ogmante amezi ke renome ak fòtin ap ranplase lafwa ak fanmi kòm aspirasyon debaz pou yon gwo pati nan sosyete a.

Katriyèmman, èske nou moke oubyen pèsekite yon frè oswa sè? Nan mond jodi a nou wè sa anpil nan rezo sosyal yo.

Èske gen yon bagay ki ta pi apwopriye pou pwoblèm ki egziste nan epòk nou an pase mesaj sa a apwopo lògèy, anvi, ak pèsekisyon an?

Gwo deba nan pifò mond lan se sou pwoblèm tanporèl, ekonomik kotidyen yo. Men pa gen anpil diskisyon sou retounen nan prensip Kretyen ki fokis sou preparasyon pou rankontre Bondye yo, ak kondisyon lespri nou. Nou bezwen fokis lavi nou epi ogmante aksan sou zafè espirityèl yo.

Mwen toujou enspire lè m revize evènman yo ki te mennen nan konsekrasyon Tanp Nauvoo a. Mwen patikilyèman enpresyone avèk lafwa sè yo. Kalite dominan ki devèse atravè tout sa a se lafwa sè yo. Lafwa yo nan levanjil retabli Jezikri a ak nan pwofèt Retablisman an, Joseph Smith, te pi remakab toujou.

Fi devwe sa yo te demontre lafwa yo nan siyifikasyon etènèl dotasyon an ak sèlman tanp lan atravè sakrifis yo te dispoze pou fè yo. Yo te sakrifye tan yo ak kèlkeswa ti trezò yo te genyen. Yo menm tou, pa asiyasyon, te fè premye travay òdonans yo ki te akonpli nan tanp Nauvoo a. Pandan yo t ap ede prepare Sen yo pou kite Nauvoo, anpil nan sè sa yo te kite rejis sou asistans yo nan òdonans tanp yo pandan tout jounen yo epi apresa yo te kuit manje ak fè lesiv pandan pifò lannuit. Men, yo te di klèman ke lafwa ak konesans ki te konfere sou yo nan tanp lan te pèmèt yo rejwi pandan yo t ap mache antre nan lenkoni epi dirije yo pou travèse plèn yo.

Fi yo istorikman gen pi gwo responsablite pou fwaye a ak timoun yo epi konsa yon dezi pou sekirite ak estabilite. Lafwa sè yo nan dispozisyon yo pou kite Nauvoo pou ale nan enkoni an te enspiran.

Santiman sè Bathsheba Smith te ekri yo, pandan l t ap prepare pou l tale a, trè touchan. Li te fè eksperyans popilas ki te soulve kont Sen yo nan Missouri epi te prezan nan lanmò Apot David W. Patten. Pandan li t ap fè fas a evakyasyon Nauvoo a, li te ekri:

"Dènye aksyon mwen nan andwa presye sa a sete ranje chanm yo, bale planche a, epi mete bale a nan plas abityèl li dèyè pòt la. Apresa avèk emosyon nan kè mwen … , mwen te fèmen pòt la tou dousman epi fè fas ak yon avni enkoni, … fè fas ak li avèk lafwa nan Bondye epi avèk pa mwens asirans nan etablisman final levanjil la nan Lwès la ak nan prensip vrè, dirab li yo, pase sa m te santi nan sèn difisil sa yo nan Missouri a."

Sè Smith te anrejistre povrete, maladi, ak privasyon Sen yo te soufri pandan yo t ap fè wout pou yo te ale nan lwès la. Nan mwa Mas 1847, manman li te mouri, epi nan mwa apre a, dezyèm pitit gason li a, John, te fèt. Rejis li kite apwopo sa a brèf, "Li sete dènye pitit mwen, epi li te viv sèlman katrèdtan."

Pita nan lavi li, li te vin matwòn Tanp Salt Lake la epi katriyèm prezidant Sosyete Sekou Jeneral la.

Si yon moun ta dwe karakterize kalite ki pi siyifikatif nan sè pyonye nou yo, se t ap lafwa inebranlab yo nan Senyè a, Jezikri.

Mwen panse ke fi yo nan Legliz la jodi a osi solid ak fidèl ke sè sa yo. Lè nou gade atravè yon linèt klè, lafwa se yon ekspresyon lanmou ak apresyasyon pou Sovè a. Gras ak sakrifis ekspyatwa Li a, pa gen okenn desepsyon ki final epi pratikman pa gen okenn transgresyon ki depase reparasyon. Pandan n ap konsantre lafwa nou sou Jezikri epi rete sou chemen alyans lan, nou kapab atenn objektif etènèl nou yo.

Kondisyon yo nan mond lan jodi a pwogresivman egzije yon konvèsyon endividyèl pi pwofon ak lafwa k ap ranfòse nan Pè Selès la ak Jezikri ak Ekspyasyon Li. Doktrin Legliz la ak ekriti yo ofri yon fèydewout enspire pou asiste nou nan fè chwa ki jis. Pwofèt Senyè a, Prezidan Dallin H. Oaks, ofri gidans espesifik pou epòk pa nou an. Senyè a prepare nou, liy apre liy, pou moman difisil n ap fè fas kounye a.

Kèlkeswa eprèv nou yo, avèk abondans gidans espirityèl nou genyen jodi a, nou t ap engra si nou pa ta apresye benediksyon nou yo.

Mèsi pou moun nou ye a ak sa nou ap fè. Mwen temwaye nou ke Jezikri se Sovè ak Redanmtè mond lan. Li vivan epi Li ofri lanmou ak gidans nou bezwen pou nou retounen jwenn Li. Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.