Relief Society Devotionals
Jwenn Fòs ak Soulajman nan Jezikri: Dana Earl


3:6

Jwenn Fòs ak Soulajman nan Jezikri: Dana Earl

Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm

Dimanch 8 Mas, 2026

Sa gen plizyè ane, mwen te kòmanse ekri istwa apati lavi mwen, kòmanse lè mwen te santi Lespri a oubyen te santi enfliyans Sovè a nan lavi m oubyen te santi soulajman Li nan yon moman kote m te bezwen santi Li. Epi mwen te kòmanse ekri istwa sa yo paske mwen te vle bay pitit mwen yo li. Men, sa ki te pase pandan m t ap fè sa a se ke mwen te kòmanse wè men Bondye nan lavi mwen. Mwen te kòmanse reyalize nan ekri eksperyans sa yo ke Bondye te la pou mwen, ke mwen te wè men Li, ke mwen te viv bèl eksperyans sa yo, ke mwen te gen evidans ke Li sosye de mwen, epi ke mwen te konnen Li te la. Epi mwen t ap imajine tankou yo t ap vin tounen ti kado sa yo ke mwen te ka prèske imajine m ap mete nan pòch mwen, ke m te kapab toujou pote avèk mwen. Konsa, lè m te gen yon move jounen oubyen yon move mwa, mwen te ka rale eksperyans sa a soti epi di, “Mwen konnen. Paske eksperyans sa a mwen te fè a te reyèl, e mwen pa doute paske mwen te fè eksperyans sa a. Epi mwen fè l, epi se pou mwen l ye."

Epi mwen panse, mwen konnen, mwen konvenki ke Papa nou ki nan Syèl la vle nou fè eksperyans avèk Li. Mwen kwè se poutèt sa nou gen ekriti yo—pou nou fè eksperyans avèk Li. Epi wi, mwen renmen wè, kidonk mwen pote tout ti eksperyans mwen yo avè m. Epi chak grenn nan yo, mwen ka rale lè m bezwen yo. Epi ekri yo te ede m pou m te kapab sonje yo. Epi nenpòt lè mwen te bezwen yo, yo te la.

Rezon ki fè mwen vle kaptire istwa sa yo epi konsève yo se pou tèt mwen kòm yon temwayaj sou eksperyans mwen te fè, pou pitit mwen yo ak posterite mwen men tou pou m temwaye Papa m ki nan Syèl la ke mwen te wè Li, ke mwen te wè ak konnen. Mwen santi kèk nan yo tankou se yon bo sou fwon. Ke mwen te santi li, ke mwen te konnen. E mwen vle rekonèt sa. Epi konsa mwen kontinye ekri yo pou m kapab rekonèt ke mwen te wè sa oubyen te santi sa.