Dekouvri Plan Diven an nan Fanmi Mwen: Andrea McConkie
Devosyonèl Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm
Dimanch 8 Mas 2026
Fanmi mwen parèt trè diferan de jan m te panse l ta pral ye a. Mwen te pèdi mari mwen yon ti tan apre nou te marye, epi konsa mwen leve fanmi mwen kòm yon manman selibatè. Epi mwen konnen lide sa a ki di ”li parèt diferan de jan m te panse a“ pa sèlman pou mwen. Gen anpil moun k ap fè fas ak santiman sa a, epi sa kapab lakòz anpil chagren. Men, gen kèk bagay mwen te aprann. Te gen vrè opòtinite nan, nan vid yo oswa nan diferans yo pou m te rekonèt men Bondye ki t ap soutni m epi ban m abilite pou fè bagay ke mwen dwe fè yo ki enpòtan, epi ke mwen vle byen fè yo pou Li.
Gen tèlman anpil moun ki te entèvni pou konble vid yo, pou renmen nou, epi pou yo manifeste lanmou Bondye anvè nou atravè sèvis ak, jis, jantiyès nou te bezwen yo Men, sa mwen te aprann vrèman, se ke mwen fè pati yon fanmi etènèl dabò. Mwen se yon pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, epi Li ofri m yon relasyon pa alyans ke, si m anbrase epi fè tou sa m kapab pou ranfòse l, L ap ban m tou sa m bezwen pou elve fanmi m, pou m se pi bon manman mwen kapab ye a, pou m renmen moun ki fè pati pwòp fanmi m, fanmi elaji m, ak fanmi Bondye a. Lè mwen ranfòse relasyon alyans sa a, sa l fè se ede m renmen plis menm jan Li renmen an. Epi gen kapasite pou rekonèt lanmou Bondye nan lavi nou se yon kado ki tèlman pwisan—se yon kado puisan. Epi, lè m rekonèt nan ki pwen yon Papa nan Syèl la renmen m, kijan Li gen pasyans avè m, ak nan ki pwen Li vle m rete toupre Li, sa rann relasyon fanmi sa yo pi rich ak pwofon epi yo merite pou m travay pou yo.
Menm jan mwen santi m beni anpil dèske m gen konesans sou Bondye ak lanmou Li pou mwen, mwen santi m rekonesan tou dèske mwen kapab resevwa ak anseye sou lanmou Li bay moun yo te konfye m yo ak moun mwen renmen yo. Bagay ki pi enpòtan mwen ta renmen yon moun konnen sou mwen, se ke mwen renmen Jezikri. Mwen konnen Pè Selès la renmen mwen e Li toujou okouran de mwen. Li enplike nan detay yo nan lavi mwen. Epi rezon ki fè Li vle m nan yon relasyon pa alyans avèk Li epi pou m fè chwa k ap fè mwen sanble ak Yo, se paske Li vle pou m renmen jan Li renmen an. Se yon gwo benediksyon pou m kapab fè sa epi pou m rekonèt men Li nan lanmou sa a.