Jere Priyorite Ki an Konpetisyon yo: Sharlene Miner
Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Fi Mondyal
Dimanch 8 Mas, 2026
Pi gwo priyorite mwen se renmen Bondye epi renmen lòt moun. Prezidan Benson te di ke lè nou mete Bondye an premye, tout lòt bagay tonbe nan plas yo. Laverite nan koze sa a sèke nou tout nan sikonstans diferan. Kèk nan nou sipòte fanmi nou, kèk nan nou selibatè, kèk nan nou gen pitit, kèk nan nou ap viv poukont nou, epi kèk nan nou responsab fanmi anplis de pitit yo. Sa m aprann sèke si nou mete Bondye an premye, tout bagay ap reyèlman tonbe nan plas yo. Prezidan Oaks te di, “Priyorite nou pi byen vizib nan fason nou itilize tan nou.” Konsa, mwen remake lè m analize fason m itilize tan mwen, mwen kapab wè pi klè si lavi m an akò avèk priyorite m yo.
Mwen se yon doktè ijans, epi m pran swen moun ki vin lopital ki swa malad oubyen gen doulè oubyen ki fèk paralize oubyen ki pèdi yon moun yo renmen nan yon aksidan trajik. Objektif mwen se renmen Bondye an premye epi renmen lòt moun. Epi konsa, nan yon peryòd tan trè kout, mwen dwe etabli yon relasyon konfyans epi mwen dwe ede lòt moun santi lanmou Bondye. Lè m al travay, mwen pa panse, “Kijan m kapab avanse nan karyè m pandan m nan travay la jodi a?” Priyè m chak jou anvan m al travay se: “Kòman m kapab ede pasyan m ap konsilte yo santi lanmou Jezikri?” Li enpòtan anpil tou pou lè moun yo kite sèvis ijans lan apre entèraksyon avèk mwen m, pou yo santi lanmou Jezikri. Mwen pa pafè nan sa, men m ap di nou ke chak fwa m al travay, chak fwa m leve nan maten, chak fwa m pral gen yon entèraksyon avèk pitit mwen yo, priyè mwen, se pou yo kapab santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la atravè mwen.
Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la renmen w. Li renmen chak pitit Li. Mwen temwaye tou ke lè nou chèche pataje lanmou Jezikri avèk lòt moun, pwòp kè pa nou ap ranpli. N ap ranpli avèk limyè Jezikri, epi y ap kapab santi lanmou Li atravè nou.