Relief Society Devotionals
Rete Angaje Lè w ap Fè Fas a Ofans, Blesi, oubyen Eprèv yo: Elaine Thornton


3:36

Rete Angaje Lè w ap Fè Fas a Ofans, Blesi, oubyen Eprèv yo: Elaine Thornton

Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm

Dimanch 8 Mas, 2026

Pafwa nou vle pou dirijan nou yo ofri nou pèfeksyon, epi pafwa nou vle pèfeksyon pou noumenm. Epi sa se yon bagay ki tèlman difisil pou mande lè li kontrè ak plan levanjil la. Epi mwen panse li tèlman enpòtan pou nou sonje ke sa nou dwe atann se ta kwasans ak konpreyansyon ak lanmou youn pou lòt.

Pa egzanp, yon fwa, m te fè yon eksperyans vrèman difisil avèk yon dirijan, epi sa te gen konplikasyon vrèman douloure pou fanmi nou. Epi mwen te vrèman ap reziste epi m te oblije egzamine tèt mwen epi panse, "Li vrèman fè m mal." Men, petèt mwen konn blese moun tou. Petèt mwen konn fè sa epi m bezwen mizèrikòd.“ Konsa, mwen te oblije retounen nan sa mwen konnen. E, li tèlman enpòtan pou nou sonje sa nou konnen. Si sa pa te rive, mwen pa t ap retounen nan fondasyon mwen yo. Si sa pa te rive, mwen pa t ap vire jwenn Senyè a nan yon fason pwofon ak siyifikatif konsa. Konsa, mwen kontinye grandi nan pwogresyon sa a pou m konnen Papa m ki nan syèl la, Sovè mwen an. E reyèlman, poukisa mwen vle konnen Li? Mwen vrèman vle konnen Li pou m kapab vin tankou Li.

Pandan nou reyini ansanm nan Sosyete Sekou a epi pandan n ap konseye ansanm, mwen envite nou pou nou angaje nou. Rapwoche w de yon moun ki pa panse menmjan avèk ou oubyen yon moun ki gen difikilte avèk temwayaj li. Yon moun ki te fèk divòse. Yon moun k ap mande si tout bagay sa yo vo lapèn. E si nou rapwoche nou? Mwen panse n ap itil pou Sovè a si nou aprann sa—si nou aprann kijan pou nou fè sa Li konnen kijan pou L fè L. Epi nou menm, antanke sè, nou kapab ofri youn lòt kalite gras ak inite reyonan sa a, pandan n ap reyalize ke nou tout gen yon soufrans n ap travèse an silans. Epi petèt, pandan n ap travay ansanm epi fè l tounen yon espas ki pi an sekirite, nou kapab menm pataje kèk nan pwòp difikilte pa nou, ke petèt nou pa t ap fè, pou yon sè kapab reyalize ke noumenm tou nou gen difikilte. Epi nou tout dwe ouvè lespri nou epi eseye chanje kilti pretansyon pèfèksyon an epi ede youn lòt grandi. Mwen renmen sa lè yon moun kapab pataje avèk mwen, paske lèsa mwen kapab al jwenn yo epi di yo, “O, kijan w te rive simonte sa? Kijan w te jere sa? Mèsi dèske w pataje.” Epi sa vin tounen yon bèl gwoup sè avèk fi ki renmen epi konnen Papa yo ki nan Syèl la.