Relief Society Devotionals
Bati Rezilyans Emosyonèl: Mitzi Semo


3:26

Devlope Rezilyans Emosyonèl: Mitzi Semo

Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm

Dimanch 8 Mas, 2026

Lè m te yon jèn manman, pi gran pitit gason nou an te gen ennan, mwen te resevwa yon apèl travay mari m nan pandan m t ap travay. Epi yo te di: "Mari w blese vrèman grav. Nou bezwen w lopital la kounyea la a." Epi mwen sonje m te monte machin nan epi ap eseye derape li men reyalize ke m t ap tranble anpil. Mwen te pi enkyete ke janm te m te panse a. Epi mwen te chita la, epi mwen te jis bezwen fè yon priyè. Apresa, mwen te gen yon santiman lapè ak chalè ki anvayi mwen, epi m te konnen tout bagay tapral anfòm. Konsa, lè m te rive lopital la epi doktè a te di m, “Nou pa konn si mari w ap rive siviv bagay sa a.” Mwen sonje santiman m te genyen lè m te monte nan machin nan, e se pa t kòmsi Senyè a t ap di m: "Pa enkyete w, mari w ap retounen jwenn menm sante l te genyen avan an," men, mwen te toujou konnen mwen tapral ok epi nou tapral oke kèlkeswa rezilta a.

Epi lè m panse ak rezilyans emosyonèl, mwen panse ak lapè Sovè a ba ou epi ede w santi a. Kèlkeswa rezilta a e kèlkeswa sitiyasyon an, ou konnen Li la epi Li pral ede w nan tout bagay. Epi se konsa mwen te santi m pandan tout eprèv sa a. E sa pa t fasil. Nou te pase yon ane chaje bagay difisil, ni fizikman ni espirityèlman, men nou te simonte yo epi nou te aprann anpil.

M ta di, ankò, ke se pa nou tout k ap fè menm eksperyans yo nan lavi a. Men, mwen konnen ke pou mwen, nan moman sa a, mwen te bezwen ale jwenn Senyè a epi gen yon relasyon avèk Li. Epi lè m te fè sa, mwen te santi kòmsi mwen te kapab vrèman simonte sa. Epi lèsa, rezilyans emosyonèl mwen te bati sou fondasyon levanjil la ak fondasyon Jezikri. Konsa, nenpòt moman nan lavni lè nenpòt lòt bagay te rive, mwen te sonje sa.

Epi mwen ta dwe di tou ke chak Dimanch lè m pran sentsèn nan, lè li di pou nou sonje Sovè a, mwen sonje eksperyans mwen te fè avèk Li yo. Epi sa te ranfòse rezilyans emosyonèl mwen tou, paske souvni sa a ede m konprann kiyès mwen ye antanke pitit Bondye, ke mwen gen yon objektif isit la epi mwen isit la pou ede Li bati wayòm Li an. Konsa, kèlkeswa jan avni nou ta bon oubyen pa bon, mwen konnen tou senpleman ke m ap toujou genyen Sovè a pou m al jwenn. Epi mwen gen konfyans nan relasyon sa a, e se la rezilyans emosyonèl mwen soti.