Devlope Rezilyans Emosyonèl: Carolee Scowcroft
Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Mondyal Fanm
Dimanch, 8 Mas 2026
Mwen vrèman santi tankou m kanpe sou zepòl zansèt mwen yo. Istwa yo vrèman touche m. Mwen gen yon gran granpapa ki te prèske pèdi tout zòrèy li paske li te sot tonbe sou yon charyo. Epi manman l, erezman, te lave zòrèy la, epi li te remete l nan plas li epi li te bande l. Epi avèk lafwa, zòrèy sa a te vin kòmsi li te tou nèf. Epi mwen jis panse ak lafwa ak priyè li te ofri yo, ou konnen, pou pitit gason l lan.
Epi apresa, mwen panse a yon grann ki te vin twouve l yon manman selibatè nan epòk Depresyon an avèk kat timoun, epi li te oblije jwenn yon fason pou l te okipe yo. Ou konnen, pa t gen okenn moun ki te janm ofri l lajan, epi li te vin tounen yon fàm dafè ki te reyisi e ki te akonpli anpil bagay ki vrèman bèl. Konsa, mwen vrèman santi ke tout zansèt mwen yo reyèlman fè yon gwo enpak sou lavi mwen—yo enfliyanse m nan sans ke mwen trè rekonesan pou tout benediksyon m resevwa yo.
Epi mwen menm, menmjan ak tout lòt moun, menmjan ak nou tout, mwen te fè fas ak defi emosyonèl. Epi mwen aprann ke difikilte—menmjan Kris la se chemen an—defi yo se plan an. Epi si nou rekonèt ke olye pou nou goumen kont sa, se pou nou aprann kijan pou nou jis rejwi nan sa epi gen rekonesans pou defi sa yo, n ap vin gen plis kè kontan. N ap kapab aprann kijan pou nou ede lòt moun lè y ap fè fas ak defi.
Sa se yon lòt bagay mwen te aprann, sèke nou jis youn apre lòt fè fas ak defi. Epi ou kapab fè fas ak yon defi epi aprann de li, epi sa ki ba ou opòtinite pou ke apresa, ou ede yon lòt moun tou lè y ap travèse oubyen menm kalite eprèv nan oubyen yon bagay ki ka petèt diferan, men yon bagay ki ka fè w pi konpatisan pou li.
Mwen sètènman gen yon temwayaj ke nenpòt defi nou rankontre ap fèt an konjonksyon avèk Sovè nou an. Keseswa yon santiman dirèk ou pa oubyen atravè youn nan emisè L yo—youn nan sè Sosyete Sekou nou yo oubyen yon pitit gason oubyen yon pitit fi, yon moun ki pwòch a ou menm ki vini epi sèvi ou nan yon fason ki ede w travèse eksperyans sa a.