12.
Jezikri pote lajwa
Papa nou ki nan Syèl la kontan. Li vle pou oumenm, pitit Li, gen plis kè kontan ke posib. Se poutèt sa Li te prepare plan bonè a. Li te voye Pitit Gason Li, Jezikri, pou vin Sovè ou epi anseye levanjil Li a. Mo levanjil la vledi “bòn nouvèl,” epi bòn nouvèl la se kijan grasa Jezikri, ou kapab jwenn kontantman nan lavi sa a epi yon plenitid lajwa pou letènite.
Verite Etènèl yo
Ou Destine pou w gen kè kontan ak lajwa. Sa se objektif lavi ou. Se objektif plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Sa a pa vledi ke ou pa janm pral tris oswa gen tan difisil. Men, sa vledi ke Sovè a kapab ede ou travèse moman difisil epi jwenn kè kontan.
Kè kontan pa soti nan sikonstans ou yo; li soti nan suiv Jezikri. Ou ka gen yon move jou, yon move semèn, oswa yon move ane. Men, kè kontan se pa absans lapenn nan lavi ou; se prezans Kris la nan lavi ou.
Lajwa Sovè a pi gwo e pi dirab pase nenpòt lòt bagay. Satan pral tante ou pou chèche plezi ak satisfaksyon nan fason egoyis oswa nan plezi mond yo. Tout bagay ki kontrè ak Jezikri ak kòmandman Li yo pa kapab ba ou vrè lajwa ak kè kontan ki dire lontan. Sonje bagay ki sou latè yo tanporè. Levanjil Jezikri a ofri lajwa ak kontantman ki pwofon, sen epi ki pou tout tan.
Envitasyon
Chwazi lajwa. Malgre se vre ke gen tristès ak difikilte nan mond sa a, Papa nou ki nan Syèl la te ranpli mond lan tou avèk anpil bèl bagay ki bon pou sante. Chèche jwenn yo. Eseye note rezon pou rejwi chak jou—petèt menm ekri yo. Sa yo se kado Papa eman nou ki nan syèl la.
Pote lajwa ak kontantman pou lòt moun. Jezikri te jwenn yon plenitid lajwa nan pote lajwa pou nou. Ou kapab suiv egzanp Li nan chèche jwenn lajwa ak kontantman nan sèvi lòt moun. Ede yon moun santi lanmou. Fè konpliman ki sensè. Ankouraje yon moun ki gen difikilte. Si ou janm santi ou bezwen plis lajwa nan lavi ou, eseye pote lajwa pou yon lòt moun.
Fè kè ou kontan nan adore Senyè a. Lè ou ale legliz, konsantre sou lajwa ke Jezikri ba ou, epi fè lwanj li pou sa! Fè pati ou pou kontribye nan yon lespri kè kontan nan reyinyon Legliz ou yo. Fè mizik sakre antre nan adorasyon ou lakay ou ak nan legliz la.
Pwomès Benediksyon yo
Ou kapab santi lajwa menm lè lavi a difisil. Ou ka mande kijan sa posib, men li vrè. Lafwa ou nan Jezikri, pouvwa gerisan Li, ak pwomès etènèl Li yo kapab ba ou lajwa konstan. Lajwa Li kouvri lapenn epi pote lapè ki depase tout konpreyansyon.
Yon plenitid lajwa ap tann ou nan wayòm selès Bondye a. Jezikri te simonte tout bagay ki te ka anpeche ou resevwa lajwa etènèl. Lè ou mete konfyans nan Li epi suiv Li, lajwa sa a pral pou ou.
Kesyon ak Repons
Si levanjil se lajwa, poukisa mwen santi m tris konsa? Santi ou tris se pa yon siy ke ou p ap viv levanjil la. Lavi tout moun enkli advèsite, eprèv ak lapenn. Suiv Jezikri pa chanje sa men li konekte ou avèk yon Sovè ki kapab konsole ou epi ede ou jwenn lajwa ak bonè.
Poukisa gen anpil soufrans konsa nan mond lan? Kèk nan soufrans nan mond lan vini paske moun sèvi ak libète yo pou fè move chwa. Sa ka lakòz soufrans pou tèt pa yo ak pou lòt moun. Nan lòt ka, soufrans pa fòt pèsonn, se jis yon rezilta lavi nan yon mond enpafè. Kèlkeswa sa ki kòz la, li kapab dechire kè ou pou wè yon moun k ap soufri, espesyalman yon moun ou renmen. Rete asire ke Bondye tris tou lè ou soufri. Li pèmèt eprèv mòtalite yo ede ou grandi epi prepare pou lajwa etènèl avèk Li, men li pa kite ou soufri poukont ou. Li te voye Jezikri pou L pran sou tèt Li doulè ou pou Li kapab ede ou. Jezikri se fòs ou! Epi Li envite ou, kòm youn nan disip Li yo, pou fè sa ou kapab pou ede soulaje soufrans lòt moun.
gade Sòm 16:11 (nan prezans Bondye gen yon plenitid lajwa); 95:1 (chante pou Senyè a); Jan 16:33 (pran bon kouraj; Jezikri te venk mond lan); Galat 5:22 (fwi Lespri Bondye a se kè kontan); Ebre 12:2 (Jezi te soufri paske li te kontan sove pitit Bondye yo); 2 Nefi 2:25 (Bondye vle ou gen kè kontan); Alma 26:15–16 (fè travay Bondye a mennen nan kè kontan); Doktrin ak Alyans 18:15–16 (ki jan lajwa w ap grandi lè w ede lòt moun vin jwenn Kris).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp
-
Èske ou gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl Li kòm Sovè ak Redanmtè ou?