Fè Festen avèk Pawòl la, tablo Liz Lemon Swindle Koutwazi Heavenlight.
11.
Verite a ap rann ou lib
Jan 8:32
Papa nou ki nan Syèl la se yon Bondye laverite. Li konnen tout bagay. Tout verite soti nan Li e mennen nan Li. Ou montre ke w bay verite a valè lè w chèche aprann, viv avèk entegrite, epi bravman defann sa w konnen ki byen—menmsi ou kanpe poukont ou.
Verite Etènèl yo
Pè Selès la vle pou pitit fi ak pitit gason Li yo toujou ap aprann. Ou gen rezon tanporèl ak espirityèl pou w chèche ak renmen aprann. Edikasyon se pa jis osijè fè lajan. Li fè pati objektif etènèl ou pou w vin plis sanble ak Pè Selès la.
Viv avèk entegrite vledi ou renmen sa ki dwat devan Bondye—plis pase ou renmen konfò pèsonèl, popilarite, oswa konvenyans. Sa vledi fè sa ki byen senpleman paske se byen.
Ou gen yon bagay presye pou w pataje. Levanjil Jezikri a gen repons pou kesyon lavi yo. Se chemen ki mennen nan lapè ak bonè. Ou ka pa konnen tout bagay, men ou konnen ase pou ou renmen frè parèy ou, pou pataje prensip ki vre yo avèk yo epi yo aprann plis.
Envitasyon
Toujou kontinye aprann. Chèche okazyon pou elaji lespri ou ak talan ou. Opòtinite sa yo kapab enkli fòmasyon fòmèl nan lekòl oubyen fòmasyon pwofesyonèl osi byen ke aprantisaj enfòmèl nan sous ou fè konfyans. Enplike Senyè a nan efò ou yo, epi L ap gide ou.
Aprann verite espirityèl yo. Pandan w ap aprann osijè mond ki antoure w la, aprann osijè Sovè a tou, ki te kreye mond lan. Etidye lavi Li ak ansèyman Li yo. Fè seminè, enstiti, ak etid levanjil pèsonèl vin fè pati aprantisaj tout lavi ou. Sa kapab prepare ou pou sèvi yon misyon epi pataje levanjil la pandan tout lavi ou.
Viv avèk entegrite. Pa vòlè, bay manti, triche, twonpe nan okenn fason, nan lekòl, nan travay, anliy, tout kote. Se pou ou rete menm kalite disip fidèl Jezikri a an piblik ak an prive.
Pwomès Benediksyon yo
Edikasyon ogmante kapasite ou pou w sèvi Senyè a, tankou kòm misyonè. L ap ba ou pouvwa pou beni lòt moun, espesyalman fanmi ou. Plis ou aprann, se plis w ap kapab ede bati wayòm Bondye a ak enfliyanse mond lan pou byen.
Onètete pote lapè ak respè pèsonèl. Lè pawòl ak aksyon ou yo konfòm ak verite a, ou montre ke ni lòt moun ak ni Senyè a ka fè ou konfyans.
Lè ou kanpe pou defann ansèyman Jezikri yo, Li kanpe avèk ou. Jezikri se fòs ou! Lòt moun gendwa pa dakò avèk ou, men y ap remake kouraj ak senserite ou. Kit lòt moun suiv egzanp ou ou pa, temwayaj ou, konfyans ou, ak lafwa ou nan Krisla pral grandi.
Kesyon ak Repons
Èske sa pa bon pou gen kesyon konsènan Legliz la? Kijan mwen kapab jwenn repons? Si ou gen kesyon, sa pa yon siy feblès ni mank lafwa. Anfèt, poze kesyon kapab ede bati lafwa. Retablisman levanjil la te kòmanse lè Joseph Smith, ki te gen 14 ane, te poze kesyon avèk lafwa. Chèche repons nan ekriti yo, nan pawòl pwofèt Bondye yo, nan men dirijan ak manm fanmi fidèl yo, ak nan men Bondye Limenm. Si repons yo pa vini tousuit, gen konfyans ke w ap aprann liy apre liy. Kontinye viv selon sa ou deja konnen, epi kontinye chèche laverite.
Kijan mwen kapab kanpe pou sa ki byen san mwen pa ofanse moun ki gen kwayans diferan yo? Kòmanse pa asire ou ke pawòl ak aksyon ou yo enspire pa lanmou pou Bondye ak pou pitit Li yo. Pataje levanjil la pa ta dwe fèt nan yon lespri kontansyon men okontrè nan yon lespri klète, imilite, ak jantiyès. Ou kapab renmen lòt moun menmsi ou pa dakò avèk pwendvi yo. Rete yon bon egzanp disip Jezikri nan fason ou viv.
Gade Matye 5:14–16 (kite limyè ou briye); Jan 14:6 (Jezi se verite a); 1 Pyè 3:15 (toujou pare pou w pataje lespwa ou nan Kris la); Doktrin ak Alyans 88:77–80 (bagay Senyè a vle pou nou aprann); 88:118 (chèche sajès nan pi bon liv yo); 93:36 (laglwa Bondye se entelijans); 124:15 (entegrite vledi renmensa ki kòrèk); 130:18 (entelijans nou pral leve avèk nou lè nou resisite).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp yo
-
Èske w fè efò pou w rete onèt nan tout sa w ap fè?
-
Èske w sipòte oubyen fè pwomosyon ansèyman, pratik, oswa doktrin ki kontrè avèk sa Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo?