4.
Jezikri ap ede ou
Sòm 147:3
Jezikri se fòs ou. Li fè tout sa ki nesesè pou ou ka gen lajwa nan lavi sa a ak pou tout tan. Lè w chwazi Limenm ak levanjil Li a, ou chwazi kè kontan ak lajwa etènèl.
Menm lè w ap eseye fè tout sa w kapab pou fè bon chwa, ou pral fè erè pafwa. Ou pral fè kèk bagay ou swete ke w pa t fè. Sa rive tout moun. Lè sa rive, li fasil pou w santi w dekouraje oubyen mande tèt ou si w ap janm bon ase. Men, gen bòn nouvèl—nouvèl ki mèveye e ki pote lespwa! Paske Bondye renmen ou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, ki te pran peche ou yo sou tèt Li pou ou ka repanti ak kontinye pwogrese.
Verite Etènèl yo
Jezikri pral fòtifye ou. Li ap ede w chanje volonte ou, panse ou, ak aksyon w yo. Lè w enkyete, pè, oubyen w ap lite nan yon fason kèlkonk, L ap rekonfòte ou. L ap ede w nan tout aspè lavi ou. Ou ka mete konfyans ou nan Li.
Repantans se pa pinisyon pou peche; se fason Sovè a itilize pou libere nou anba peche. Repanti vledi chanje—vire do bay peche epi vire gade Bondye. Li vledi amelyore ak resevwa padon. Kalite chanjman sa a se pa yon evenman ki rive yon grenn fwa; se yon pwosesis k ap kontinye.
Envitasyon
Fè Jezikri tounen fokis lavi ou. Chèche èd Li nan tout sa w ap fè.
Repanti. Ale jwenn Senyè a avèk yon volonte pou w amelyore. Lè w fè yon bagay ki mal, ou dwe onètman admèt sa devan Bondye epi, si nesesè, al jwenn evèk ou ak nenpòt moun ou gendwa te blese yo. Fè tout sa w kapab pou repare bagay la.
Rejwi nan don ou genyen pou w fè pi byen epi vin pi bon an. Menmsi sa pa fasil epi sa pran plis tan pase sa w ta renmen, pa janm sispann eseye. Kontinye travay epi mete konfyans ou nan Senyè a. Li ap ede w nan chak pa sou wout la.
Pwomès Benediksyon yo
Jezikri ap padone ak geri ou si w repanti. L ap ranplase lawont ou santi a avèk lapè ak lajwa. Li p ap sonje peche ou yo ankò. Jezikri se fòs ou, epi avèk fòs Li, dezi w pou kenbe kòmandman Li yo ap ogmante.
L ap chanje kè ou ak lavi ou. Tikras pa tikras, w ap pwogrese epi w ap vin pi plis menmjan avèk Li.
Kesyon ak Repons
Kijan m ka konnen si Bondye padone mwen? Bondye pwomèt ke L ap padone moun ki repanti. Lè ou santi rekonfò Sentespri a, ou kapab konnen ke pouvwa ekspyatwa Sovè a ap travay nan lavi ou.
Kilè mwen bezwen èd evèk la pou mwen repanti? Evèk ou a gen kle prètriz yo ak don espirityèl pou ede w repanti. Ou kapab chèche èd ak konsèy li nenpòt lè. Si ou te fè peche ki grav, tankou kraze lwa chastete a, rankontre avèk evèk ou. Li p ap kondane ou. Li se reprezantan Jezikri epi l ap ede ou konnen kijan pou w repanti konplètman epi resevwa gerizon ak pouvwa fòtifyan Sovè a.
M ap eseye repanti, men mwen kontinye ap fè menm erè yo. Kisa m ta dwe fè? Pa lage. Vire jwenn Kris la, epi mete lafwa ou nan Li. Gras Li sifi. Eseye ankò. Ou p ap janm poukont ou nan efò w pou w pwogrese yo. Jezikri toujou avèk ou.
Gade Enòs 1:6 (kilpabilite kapab efase); Mozya 4:3 (atravè Sentespri a, Bondye ap fè w konnen ke L padone ou); 26:30 (Sovè a padone osi souvan ke nou repanti); Etè 12:27 (lagras Sovè a ka fè bagay fèb yo vin fò); Mowoni 6:8 (moun ki repanti yo resevwa padon); 10:32 (pèfeksyone nou nan Kris la); Doktrin ak Alyans 1:32 (Senyè a padone moun ki repanti); 58:42–43 (repantans enkli konfese ak bliye peche a).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp yo
-
Èske w gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl Li kòm Sovè ak Redanmtè ou?
-
Èske gen peche grav nan lavi w ki bezwen rezoud avèk otorite prètriz yo kòm pati nan repantans ou?