2.
Bondye vle kominike avèk ou.
Retablisman levanjil la te kòmanse lè yon adolesan ki rele Joseph Smith te priye, epi Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li an, Jezikri, te reponn li. Bondye kontinye gide Legliz Li a atravè pwofèt vivan yo. Li vle pale avèk ou tou, pitit Li, atravè Sentespri a. Aprann rekonèt fason Sentespri a pale avèk ou, se youn nan talan ki gen plis valè ou ka akeri.
Verite Etènèl yo
Lespri a mennen ou jwenn Pè Selès la ak Jezikri. Sa se yon wòl enpòtan Sentespri a genyen. Li pral enspire ou tou pou w repanti epi suiv Jezikri pou ou ka resevwa benediksyon Ekspyasyon Li a. Lè ou repanti, Lespri a pirifye ou epi ede ou chanje.
Sentespri a pale avèk lespri ou ak kè ou. Mesaj Lespri a kapab vini nan lespri ou nan plizyè fason—atravè panse enspire, avètisman, konpreyansyon klè, ak souvni espirityèl. Sentespri a ka pale ak kè ou atravè santiman edifyan tankou rekonfò, konfyans, lapè, lanmou, lajwa, imilite, rekonesans ak pasyans.
Envitasyon
“Resevwa Sentespri a.” Pawòl sa yo te pale lè yo te konfime ou kòm manm Legliz Kris la. Kijan ou resevwa Sentespri a? Nan obeyi ansèyman Jezikri yo. Li se fòs ou. Suiv Li envite Sentespri a nan lavi nou.
Chèche Papa nou ki nan Syèl la nan lapriyè. Devèse kè ou devan Li. Remèsye Li pou anpil benediksyon mèvèye Li bannou yo. Pataje lajwa, enkyetid ak kesyon w yo avèk Li. Rete trankil epi koute repons Li yo, ki ka vini kòm santiman lapè, panse nan tèt ou, oswa enpresyon pou fè yon bagay.
Koute vwa Bondye nan ekriti yo. Ekriti yo se pawòl Bondye pou ou! Aprann de yo chak jou pou dekouvri vwa Li epi santi lanmou Li. Pandan w ap li, medite sou sa Bondye ka ap anseye ou, epi ekri enpresyon ki vini yo. Fè sa yon abitid chak jou pou etidye ekriti yo—espesyalman Liv Mòmon an—pandan tout lavi ou.
Aji sou enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Si ou gen yon panse oswa yon enpresyon pou w fè yon bagay janti ki pral beni yon moun, fè li! Tout bon bagay soti nan Bondye. Montre Papa nou ki nan Syèl la Li kapab fè w konfyans pou w suiv enpresyon Li yo.
Pwomès Benediksyon yo
Sentespri a pral konsole ak gide ou. Nou konnen li kòm Konsolatè a. Li pral sipòte ou nan moman eprèv yo. Li pral ede ou konnen kisa pou w di oswa fè. Avèk enfliyans Li, ou kapab fè diferans ant sa ki vre ak sa ki fo. Li kapab ede ou jwenn sa ki bon nan lòt moun ak nan ou menm. Lespri a kapab avèti ou tou sou danje. Li ap gide w nan direksyon Jezikri epi lwen peche.
Ou kapab resevwa don espirityèl. Gen anpil don ke Bondye bay pitit Li yo atravè Lespri Li. Gen ladan yo ki mansyone nan ekriti yo tankou revelasyon, kwè nan Jezikri, ansèyman, disèneman, ak bon konprann. Priye pou mande Papa nou ki nan Syèl la konsènan don espirityèl li ba ou, kijan ou kapab devlope yo, e kijan Li vle ou itilize yo pou beni lòt moun.
Kesyon ak Repons
Poukisa gen lòt moun ki gen pi gwo eksperyans espirityèl pase mwen menm? Se pa tout eksperyans espirityèl ki mirakile oswa dramatik. Nan pifò okazyon, Bondye pale avèk nou atravè panse nan lespri nou oswa santiman dou nan kè nou. Sa yo se chichotman trankil ti vwa trankil la. Ou gendwa ap santi Lespri a epi ou poko rekonèt li. Kontinye nan lapriyè. Kontinye etidye pawòl Bondye a. Avèk tan ak pratik, ou pral aprann rekonèt Lespri a nan yon varyete fason.
Gade 1 Wa 19:11–12 (Bondye pale ak yon vwa trankil, toupiti); Jan 15:26 (Lespri a temwaye de Kris la); Moroni 10:3–5 (konnen verite a grasa Lespri a); Doktrin ak Alyans 11:12–13 (Lespri a mennen nan fè sa ki byen); 45:57 (pran Lespri a pou gid ou); 46:8–26 (don espirityèl yo).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp
-
Èske ou gen lafwa ak yon temwayaj nan Bondye, Papa Etènèl la; Pitit Gason Li a, Jezikri; ak Sentespri a?