8.
Òdonans ak alyans tanp yo ba ou pi gwo aksè a benediksyon Bondye yo
Kèk nan benediksyon Papa nou ki nan Syèl la sakre anpil, Li kòmande nou pou nou rezève kote espesyal, kote ki sakre pou nou kapab resevwa yo: tanp yo. Nan tanp lan, kay Senyè a, ou kapab resevwa pi gwo òdonans Li yo—dotasyon ak sèlman—epi resevwa pi gwo pwomès Li yo.
Verite Etènèl yo
Dotasyon an se yon kado konesans ak pouvwa. Nan òdonans dotasyon tanp lan, ou pran non Sovè a sou ou pi konplètman. Ou fè alyans pou w obeyi Bondye, fè sakrifis pou fè volonte Li, viv levanjil Jezikri a, obeyi lalwa chastete a, epi konsakre—oswa dedye—lavi ou ak tout sa Bondye ba ou pou Legliz Li a. Sa yo se pwomès ou yo. Bondye pwomèt ke L ap beni ou avèk pi gwo konesans, pwoteksyon ak aksè nan pouvwa Li. Li pwomèt pou L ba ou lavi etènèl avèk Li tou. Kòm yon pati nan dotasyon an, ou resevwa privilèj sakre pou mete gaman prètriz sakre a. Gaman an se yon senbòl Jezikri ak yon rapèl pou alyans tanp nou yo.
Sèlman tanp lan ini koup yo ak fanmi yo pou letènite. Nan òdonans sèlman tanp lan, oumenm ak konjwen ou pral fè yon alyans avèk Bondye epi youn avèk lòt. Nou pral pwomèt pou nou rete konplètman lwayal anvè Bondye epi anvè youn lòt, pou youn renmen ak sèvi lòt, epi travay ansanm pou kenbe lwa Bondye yo. Sa a se pwomès ou. Bondye pwomèt ke relasyon ou avèk konjwen ou ak pitit ou yo ka dire pou tout tan. Li pwomèt tou ke ou kapab resevwa pi gwo laglwa avèk Li nan wayòm selès la lè w kenbe alyans ou yo. Benediksyon sa a rele egzaltasyon.
Envitasyon
Toujou genyen yon rekòmandasyon tanp. Rankontre avèk yon manm nan episkopa ou a pou w resevwa youn. Li pral poze w kesyon sou kijan w ap viv prensip Senyè a pou w antre nan kay sakre Li a. Revize kesyon sa yo souvan. (Ou ka jwenn yo nan apendis gid sa a.) Menm si w rete byen lwen yon tanp, se pou rekòmandasyon w lan rete yon senbòl lanmou ou pou Senyè a ak angajman ou pou w viv prensip Li yo.
Ale nan tanp lan osi souvan ou kapab. Avèk rekòmandasyon tanp ou a, ou kapab antre nan kay Senyè a epi batize ak konfime pou zansèt ou yo, pou yo ka resevwa benediksyon ou resevwa yo tou. Pwofite tout okazyon pou w ale nan tanp. Chèche Senyè a nan kay Li a. Chèche Li nan òdonans yo, senbòl yo, ak Lespri ou santi a. W ap jwenn Li.
Prepare pou w fè alyan nan kay Senyè a. Youn nan pi bon fason pou w fè sa se kenbe alyans batèm ou an. Fè li vin youn nan objektif k ap gide ou pou resevwa òdonans tanp lan epi pou rete yon moun ki kenbe alyans yo pou tout lavi. Kòmanse depi kounyea pou w viv lwa ou pral pwomèt pou w obeyi nan tanp yo: obeyi kòmandman Bondye yo, sakrifis, levanjil Jezikri a, chastete, ak konsekrasyon. Fanmi ou, evèk ou, ak lòt dirijan Legliz yo kapab ede ou.
Benediksyon yo Pwomèt yo
Mwen kapab vin plis tankou Jezikri. L ap ede w vin yon pi gran disip lajistis. Òdonans ak alyans tanp yo pral anseye w kòman pou w antre nan prezans Bondye epi resevwa lavi etènèl avèk Li.
Ou pral ame ou avèk pouvwa Bondye. Alyans tanp yo vini avèk pwomès ke pouvwa ak laglwa Bondye pral sou ou. Zanj li yo pral veye sou ou.
Tan nan tanp lan pral konekte ou pou w pi pwòch Jezikri ak Sentespri a. Ou pral santi lapè ak repo Bondye. Ou pral tande vwa Li avèk plis klète. Syèl yo pral louvri pou ou, epi ou pral pi byen konprann fason Li yo. Ou pral gen pi gwo fòs pou w fè fas ak difikilte w yo paske kè w konekte avèk Li.
Kesyon ak Repons
Kilè mwen kapab resevwa dotasyon an? Desizyon pou w resevwa dotasyon w lan pèsonèl; pran desizyon sa a nan lapriyè. Fè konsèy avèk fanmi ou ak dirijan Legliz yo. Pou resevwa dotasyon an, ou dwe gen omwen 18 an epi ou pa nan lise oswa lekòl segondè ankò. Ou pral dote anvan w sèvi yon misyon oswa anvan w sele, men ou pa oblije rete tann pou okenn nan evènman sa yo anvan ou ka resevwa dotasyon ou. Ou jis bezwen yon dezi ak preparasyon pou w fè ak kenbe alyans adisyonèl avèk Papa nou ki nan Syèl la. Evèk ou oswa prezidan branch ou kapab ede w konnen si w prepare. Pa wè dotasyon an kòm yon tach sou yon lis verifikasyon etènèl. Wè li kòm yon pati bèl ak gloriye nan vwayaj etènèl ou pou w vin jwenn Kris la epi resevwa pi gwo benediksyon espirityèl Bondye yo.
Poukisa m bezwen yon rekòmandasyon tanp pou m antre nan tanp lan? Tanp lan se kay Senyè a, epi Li fikse kondisyon pou antre ladan. Òdonans ak alyans tanp yo sitèlman sakre ke yo mande preparasyon espirityèl espesyal. Entèvyou rekòmandasyon tanp lan se pou asire ke ou espirityèlman prepare pou pi gran privilèj yo nan alyans tanp yo. Papa nou ki nan Syèl la envite tout pitit Li yo pou yo prepare pou fè pwomès avèk Li nan kay sakre Li a.
Èske mwen bezwen pafè pou m fè alyans tanp yo? Pèsonn pa pafè. Bondye mande ou pou w onèt epi dispoze pou w kenbe kòmandman Li yo. Fè ak kenbe alyans avèk Bondye se sa ki ba ou pouvwa pou w vin pafè atravè Jezikri. Li se fòs ou!
Gade Ezayi 2:2–3 (Bondye anseye nou fason Li nan tanp lan); Matye 11:28–30 (pran jouk Sovè a sou ou); 1 Nefi 14:14 (pouvwa Bondye sou pèp alyans Li ai); Doktrin ak Alyans 97:15–16 (prezans Bondye ak laglwa Li nan kay Li a); 109:22 (nan tanp lan, nou ame avèk pouvwa Bondye); 131:1–4; 132:4–6, 15–20 (pou resevwa lavi etènèl, yon gason ak yon fi dwe sele pou letènite atravè nouvo alyans etènèl maryaj la); Abraram 1:2 (Abraram te vle vin yon pi gwo disip lajistis epi resevwa pi gwo konesans).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp
-
Èske w konsidere tèt ou diy pou w antre nan kay Senyè a epi patisipe nan òdonans tanp yo?