Jèn yo
3. Ou kapab ede nan travay Bondye a


Jezikri k ap veye ak pran swen mouton Li yo.

3.

Ou kapab ede nan travay Bondye a

Moyiz 1:39

Papa nou ki nan Syèl la renmen tout pitit Li yo. Li vle ede yo jwenn kontantman ak lajwa, retounen jwen Li, epi jwenn lavi etènèl. Sa a rele travay sali ak egzaltasyon Li, epi Li envite ou pou w vin ede!

Verite Etènèl yo

Travay ak laglwa Bondye se pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl ou. Imòtalite se pou viv pou tout tan avèk yon kò ki resisite. Lavi etènèl, oubyen egzaltasyon, se vin tankou Bondye epi viv avèk Li etènèlman an fanmi. Tout sa posib gras a Jezikri ak Ekspyasyon Li a. Ou kapab mete konfyans nan Li.

Ou kapab ede nan travay Bondye a lè w vin jwenn Kris la epi ede lòt moun fè menm bagay la. Chak fwa ou fè yo bagay pou ede yon moun suiv Jezikri, w ap ede nan travay Bondye a.

Envitasyon

Viv levanjil la. Bati lafwa ou nan Jezikri. Repanti chak jou. Resevwa òdonans prètriz Bondye yo epi kenbe alyans ou yo. Fè sa vin yon modèl pou tout rès lavi ou.

Pran swen moun ki nan nesesite yo. Jwenn fason pou w sèvi ak ministre lòt moun, enkli fanmi ou, zanmi ou, ak kominote ou. Yon bon fason pou ede moun ki nan bezwen se obeyi lwa jèn nan epi bay ofrann jèn.

Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kite pawòl ak aksyon w yo reflete lafwa ou nan Jezikri. Rete pare pou w rakontetout moun ki poze w kesyon konsènan lespwa ak bonè ou santi antanke disip Li a. Pou jèn gason yo, sèvi yon misyon aplentan se yon responsablite prètriz la. Pou jènfi yo, sa se yon opòtinite puisan; priye pou konnen si Senyè a ta vle w sèvi. Prepare pou w pataje levanjil la pandan tout lavi ou.

Ini fanmi yo pou letènite nan fè istwa familyal ak travay tanp. Aprann konsènan zansèt ou yo. Chèche konnen kiyès ki bezwen òdonans tanp yo. Ale nan tanp osi souvan ke w kapab pou w resevwa batèm epi konfime pou yo. Si w bezwen èd, ale nan FamilySearch.org.

Jezikri k ap sèvi nan Amerik la

Pwomès Benediksyon yo

W ap gen èd Bondye. Papa nou ki nan Syèl la pa atann pou w fè travay sa a poukont ou. Li avèk ou. Lè ou ofri tan w ak kè ou enbleman, L ap fè bagay etonan atravè ou. Jezikri se fòs ou!

W ap ranpli avèk lajwa. Travay Bondye a se yon travay kè kontan! Pandan w ap patisipe nan li, ou ka santi kè kontan Bondye santi a. Imajine lajwa ou pral pataje avèk Papa nou ki nan Syèl la ak pitit Li yo ke ou te ede pote ba Li yo!

Kesyon ak Repons

Èske Bondye kapab vrèman itilize m nan travay Li a? Wi! Gen anpil fason pou ede avèk travay la. Sa ka sanble ke lòt moun gen plis talan oswa kalifikasyon pase w, men Papa nou ki nan Syèl la wè potansyèl ou. Li ba w don pou w ka itilize pou sèvi ak rasanble pitit Li yo. Sa OK si don sa yo diferan de sa lòt moun genyen. An reyalite, se pou rezon sa a don w yo tèlman gen anpil valè. Nou bezwen ou!

Gade Matye 10:39 (si w pèdi lavi w nan sèvis Sovè a, w ap jwenn li); 1 Korentyen 12:14–27 (tout manm yo nesesè nan kò Kris la); Filipyen 1:6 (fè konfyans ke Bondye ap travay nan ou); Jakòb 5:72 (Senyè jaden rezen an ap travay avèk ou); Doktrin ak Alyans 18:15–16 (lajwa ou pral gran ak moun ou mennen bay Kris la); 64:33–34 (yon gwo travay soti nan ti bagay ki senp); Moyiz 1:6 (“Mwen gen yon travay pou ou”); 6:31–34 (Bondye kalifye moun Li rele yo, menm si yo santi yo pa bon).

Kesyon Rekòmandasyon Tanp

  • Èske w gen yon temwayaj sou Retablisman levanjil Jezikri a?