Fè chwa ki enspire
Nan Pou Fòs Jèn yo, n ap jwenn ansèyman Jezikri ak pwofèt Li yo. Avèk verite sa yo kòm gid ou, ou kapab fè chwa enspire ki ap beni ou kounyea ak atravè letènite.
Ou se yon pitit byeneme Bondye. Gran plan bonè Li a rann posib pou ou pwogrese spirityèlman epi devlope potansyèl divein ou. Li te voye Jezikri pou vin Sovè ou.
Papa nou ki nan syèl la fè ou konfyans. Li ba ou gwo benediksyon, enkli plenitid levanjil la ak òdonans ak alyans sakre ki lye ou avèk Li epi ki pote pouvwa Li nan lavi ou. Alyans sa yo mache avèk yon lajwa ak responsablite adisyonèl. Li konnen w ap kapab fè yon diferans nan mond lan, epi sa mande, nan plizyè ka, pou w diferan de mond lan. Chèche gidans Pè Selès la pandan w ap fè chwa w yo. L ap beni ou avèk enspirasyon atravè Sentespri a.
Jezikri se chemen ki mennen nan lajwa etènèl. Pandan w ap itilize libète ou pou w chwazi suiv Jezikri a, ou w ap sou chemen ki mennen nan bonè etènèl la. Fè Jezikri vin prensip ou, fondasyon solid kou wòch ou. Bati lavi ou sou ansèyman Li yo, epi itilize yo pou mezire chwa w yo. Alyans ou fè nan batèm, pandan sentsèn, ak nan tanp yo se baz fondasyon fèm ou nan Kris la. W ap toujou kontinye lite anba tantasyon, men Pè Selès la ak Sovè a ap ede ou travèse yo tout.
Objektif Pou Fòs Jèn yo se pa pou ba ou yon “wi” oubyen “non” osijè chak chwa posib ou ka fè fas. Men olyesa, Senyè a ap envite w pou w viv nan yon fason ki pi elve ak pi sakre—yon lavi konsantre sou verite etènèl ak pwomès benediksyon Senyè a pwomèt yo. Sa se fason pa Li. Gid sa a pral anseye e konsènan fason pa Li. Gid sa a eksplike verite Li te revele yo. Fè verite sa yo vin tounen gid ou pou fè chwa—gwo chwa, tankou fè alyans nan tanp ak sèvi yon misyon, ansanm ak chwa kotidyen yo, tankou kijan pou w trete moun oubyen kijan pou w pase tan ou.
Pandan ke lòt moun kapab ede ou, pwogresyon espirityèl ou se yon bagay pèsonèl. Sa se responsablite pa w. Fè tout sa w kapab pou w amelyore chak jou, kenbe kòmandman Bondye yo ak onore alyans ou yo, epi ede lòt moun vin pi pwòch Sovè a.
Gade Mozya 4:29–30 (gen anpil fason moun ka peche, se poutèt sa nou dwe fè atansyon); Elaman 5:12 (bati fondasyon nou sou Kris la); Doktrin ak Alyans 45:57 (pran Sentespri a kòm gid ou); 25:13 (kole ak alyans ou yo).
Kijan gid sa a òganize
Chak sijè yo gen twa pati:
-
Verite etènèl, oswa doktrin levanjil retabli Jezikri a
-
Envitasyon pou aji selon verite sa yo
-
Pwomès benediksyon ke Senyè a ofri moun ki viv selon ansèyman Li yo