Mwen P ap Manke Anyen, tablo Youngsung Kim. Koutwazi Heavenlight.
5.
Mache nan limyè Bondye
Galat 5:25
Ou fè pi bon chwa lè ou kapab wè bagay yo klèman. Se poutèt sa limyè si enpòtan konsa: limyè rann ni pi fasil pou nou wè bon chemen an. Papa nou ki nan Syèl la ba w aksè nan sous limyè ki soti nan syèl la—don Sentespri a—pou ede ou wè klèman sa ki bon ak sa ki pa bon, byen ak mal.
Verite Etènèl yo
Ou kapab gen Sentespri a kòm konpayon konstan ou. Lè yo te konfime w kòm manm Legliz la, yo te envite w pou w “resevwa Sentespri a.” Opòtinite pou w gen Lespri a kòm konpayon konstan ou se youn nan pi gwo kado Bondye ba ou.
Lè ou fè bon chwa, ou ogmante kapasite ou pou santi Lespri a. Genyen anpil bagay ki bon ak benefik nan mond sa a. Menmjan kò ou afekte pa sa w ap manje ak bwè a, se menmjan tou lespri ou pwofondeman afekte pa sa w ap li, gade, ak koute.
Envitasyon
Rezève tan pou Senyè a chak jou. Aprann de Li. Toujou sonje Li. Priye Papa nou ki nan Syèl la. Sonde ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo. Apresa fè efò pou viv selon sa w aprann yo.
Chèche bagay ki kapab edifye ou, enspire, epi ki envite Lespri a. Pandan w ap fè bon chwa konsènan sa w ap gade, li, koute, oubyen patisipe, panse a kijan sa fè ou santi ou. Èske sa envite bon panse? Rete lwen tout sa ki pase bagay sakre nan betiz oubyen sa ki imoral. Pa patisipe nan okenn bagay ki ka afekte jijman ou oubyen sansiblite ou pou Lespri a, tankou vyolans, alkòl, ak dwòg danjere. Se pou w gen kouraj pou w etenn yon videyo oubyen yon jwèt, pou w soti kite yon sinema oubyen yon dans, pou w chanje mizik w ap koute a, oubyen vire do w bay nenpòt bagay ki pa konsistan avèk Lespri a.
Itilize rezo sosyal pou edifye. Rezo sosyal kapab yon enstriman kominikasyon puisan. Si ou itilize l, konsantre sou limyè, lafwa, ak laverite. Pa konpare lavi ou avèk sa lòt moun sanble y ap viv. Sonje ke valè ou soti nan lefèt ke ou se yon pitit paran selès, pa nan rezo sosyal.
Chèche viv bon eksperyans ki reyèl, ak relasyon amitye ki dirab. Fè atansyon pou itilizasyon teknoloji ak rezo sosyal ou pa ranplase tan w ap pase avèk fanmi ak zanmi w yo. Rezo sosyal ak lòt teknoloji kapab pran anpil nan tan ou san yo pa remèt ou prèske anyen anretou. Fè yon ti detache ou de mond virtyèl la, epi konekte avèk moun nan lavi reyèl.
Pwomès Benediksyon yo
Ou kapab gen Lespri a avèk ou tout tan. Pwomès sa a fè pati alyans ou fè chak fwa ou patisipe nan sentsèn nan. Sentespri a pral rann ou temwayaj de Papa nou ki nan Syèl la avèk Jezikri. Li ap rekonfòte, gide, avèti, ak sanktifye ou. Li ap ede ou rekonèt laverite epi wè sa ki bon nan mond lan.
Kesyon ak Repons
Kijan m kapab konnen si mwen santi Sentespri a? Aprann vin konsyan de Lespri a mande tan, pratik ak pasyans. Li pale avèk moun diferan nan fason ki diferan. Pa neglije ti bagay senp yo—santiman lapè ou santi lè w ap koute temwayaj yon moun oubyen santiman enkonfòtab ou santi apre ou fin fè yon move chwa a. Sonde ekriti yo pou ou ka wè diferan fason Lespri a kominike, priye sou sa, epi kontinye chèche opòtinite pou w santi Lespri a.
Kisa pònografi ye? Poukisa mwen dwe evite l? Pònografi se yon reprezantasyon, nan imaj oubyen an pawòl, ki la pou reveye sansasyon seksyèl. Pònografi vini sou anpil fòm, enkli videyo, foto, liv, jwèt, ak mizik. Konsa tou li kapab mesaj oswa imaj zanmi ap voye youn bay lòt. Pònografi trete bagay ki sakre—kò fizik nou ak sansasyon seksyèl yo—san respè. Ou gendwa vin tonbe sou pònografi san w pa gen entansyon an. Keseswa ou rankontre pònografi entansyonèlman ou non, vire do ou imedyatman. Ou gendwa pale avèk yon paran oubyen yon lòt granmoun ou fè konfyans tou. Gade pònografi entansyonèlman se peche epi sa detwi kapasite w pou w santi Lespri a. L ap febli metriz tèt ou epi defòme fason ou wè tèt ou ak lòt moun. Jezikri gen pouvwa pou L ede ou reziste anba pònografi epi repanti. Vire al jwenn Li epi vire do bay tenèb. Evèk ou kapab ede ou resevwa fòs ak padon atravè Sovè a. Jezikri se fòs ou!
gade Sòm 119:105 (pawòl Bondye a se tankou yon limyè sou chemen nou); Amòs 5:14 (chèche bon); Galat 5:22–23 (fwi Lespri a); Moroni 7:18–19 (limyè Kris la); Doktrin ak Alyans 6:23 (Senyè a pale lapè);; 20:77, 79 (priyè sentsèn yo).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp
-
Senyè a di tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41). Èske ou fè efò pou w gen pite moral nan panse w ak nan konpòtman ou?